Hesperian Health Guides

Hesperian Health Guides

Metòd planin

Nan liv sa a, nou bay detay sou plizyè kalite metòd planin nou ka jwenn fasil. Gen lòt metòd moun poko sèvi ak yo anpil. Pou aprann plis detay sou yo (tenm, dyafram ak lòt), al gade nan liv la, Kote Fanm Pa Jwenn Doktè, chapit 13, oubyen Yon Liv pou Fanmsaj, chapit 17. Se Hesperian ki pibliye liv sa yo.

Ki jan pou nou chwazi yon metòd planin

Chak metòd planin gen avantaj ak pwoblèm li ka bay. Li ta bon pou ou fè yon chita tande ak patnè ou, ak lòt fanm yo, oubyen ak yon ajan sante, pou ou ka konnen ki metòd k ap pi bon pou ou. Men kèk kesyon ou ka poze tèt ou pandan w ap gade enfòmasyon yo bay sou chak metòd:

  • Èske metòd sa a ap pwoteje ou byen vre pou ou pa vin ansent?
  • Èske li pwoteje ou kont enfeksyon moun pran nan kontak seksyèl?
  • Eske mari ou oubyen mennaj ou dakò pou ou sèvi ak yon metòd planin? Oubyen èske ou oblije swiv yon metòd planin san li pa konnen?
  • Èske ou ka jwenn li fasil? Ki lè ou oblije sèvi ak metòd la?
  • Konbyen lajan metòd sa a ap koute?
  • Ki pwoblèm metòd sa a ka ba ou?
  • Ki sa w ap chache nan yon metòd planin? Ki pwoblèm ou genyen? Eske ou se yon nouris kounye a? Eske se vle ou pa vle fè pitit ankò?
Se dwa ou pou ou deside pou kont ou si w ap fè planin, epi ki jan w ap fè l.


Metòd planin
METHOD
Chans pou evite gwosès Pwoteksyon kont maladi seksyèl Ki lè Sa ki enpòtan
Kapòt

Bon Pi bon nèt Chak fwa
Pi bon rezilta lè yo sèvi ak espèmisid (ki pou touye jèm gason) e librifyan fèt ak dlo (likid ki pou mouye kapòt la). Sèvi avè l chak fwa nou fè lanmou.
Grenn planin – grenn konbine

Pi Bon Okenn Chak jou
Pi bon rezilta si yo pran yo nan menm lè a chak jou. Fanm ki gen kèk pwoblèm sante pa dwe sèvi avè l. Al gade anba.
Grenn planin - grenn senp, mini-pilil

Pi Bon Okenn Chak jou
Bay rezilta sèlman si yo pran yo nan menm lè a chak jou. Tinouris ka pran li (tann tibebe a rive laj 6 senmenn).
Enplan

Pi bon nèt Okenn Chak 3 – 5 ane
Se yon ajan sante byen fòme ki pou mete ak wete yo. Fòk yo mete yon lòt chak 3 - 5 ane (sa depann de kalite enplan)
Piki

Pi Bon Okenn Chak 1, 2, ou 3 mwa
Bezwen pran piki chak 1, 2, oubyen 3 mwa (sa depann de kalite piki)
Esterilè

Pi bon nèt Okenn Chak 5 - 12 ane
Bon pou 5 – 12 ane, (sa depann de kalite esterilè). Se yon ajan sante byen fòme ki pou mete ak wete li.
Voye deyò

Ti chans Okenn Chak fwa
Fòk gason a voye deyò chak fwa yo fè sèks. Jèm gason konn gen tan tonbe anndan vajen fanm nan anvan li wete pijon an. Konsa fanm nan ka ansent, epitou, li ka trape yon maladi seksyèl.
Bay tete (pandan premye 6 mwa sèlman) Bon anpil Okenn Plizyè fwa lajounen kou lannuit
Bay rezilta sèlman si tibebe a bwè lèt manman an ase, epi fanm nan poko wè règ li.
Metòd natirèl

Bon Okenn Chak fwa
Pa mache byen pou fanm ki pa regle sou menm kantite jou chak fwa.
Lanmou san fè sèks (pati gason pa antre nan pati fi) Pi bon nèt Sa depann de ki jan yo fè l Chak fwa
Si pijon an pa touche ak pati fanm nan, li p ap ka ansent. Fè bagay nan dèyè gen gwo danje pou transmèt enfeksyon seksyèl; ti bèf gen ti danje; karese pa fasil gen danje.
Operasyon Pi bon nèt Okenn Yon sèl fwa
Ni gason ni fanm p ap janm ka fè pitit ankò.


Genyen plizyè kalite metòd planin. Moun mèt chwazi youn ki bon pou yo.


M pa vle okipe ak afè planin chak jou.
M pa vle plede foure bagay nan vajen mwen, ni kite yo mete bagay nan matris mwen.
Ou mèt chwazi: enplan, piki, esterilè. Ou mèt 'chwazi: grenn planin, enplan, kapòt pou gason, metòd natirèl.
Ou mèt evite: grenn planin, metòd natirèl Ou mèt evite: dyafram, kapòt pou fanm, esterilè.
M pa vle papa m ak manman m konnen m ap swiv planin.
M pa vle fè lòt pitit.
M ap leve 2 pitit; m pa vle plis.
Ou mèt chwazi: piki, kapòt. Ou mèt chwazi: enplan, piki, esterilè, operasyon pou gason oubyen pou fanm.
Ou mèt evite: grenn planin. Ou mèt evite: metòd natirèl.
Mwen anvi fè pitit ane sa a, men pa touswit.
M te konn fè bagay ak lòt moun; koulye a m vle pwoteje madanm mwen pou li pa pran VIH.
Ou mèt chwazi: kapòt, grenn planin, metòd natirèl Ou mèt chwazi: sèvi ak kapòt chak fwa.
Ou mèt evite: enplan, piki, esterilè, operasyon Ou mèt evite: fè sèks san kapòt.
Yon moun gen dwa sèvi ak plis pase yon sèl metòd.
N ap sèvi ak metòd natirèl, epi lè mwen rive sou jou kote mwen ka vin ansent, nou sèvi ak kapòt.
Mennaj mwen ap pran piki planin epi nou sèvi ak kàpòt pou nou pa trape maladi seksyèl.

Kapòt

Yon kapòt se yon ti sak tankou yon blad ki fèt ak yon kawoutchou ki fen. Gason yo sèvi ak kapot pou kouvri pijon yo lè yo al nan kontak seksyèl ak medam yo. Lè yo sèvi ak li, sa anpeche jèm gason an antre nan vajen fanm nan ak nan matris la. Pa gen danje nan sèvi ak kapòt, epi yo pa bay okenn pwoblèm sante.

Kapòt se pi bon mwayen pou moun pwoteje tèt yo kont VIH ak lòt enfeksyon moun ka pran nan fè bagay. Menm si ou sèvi ak yon lòt metòd planin, ou ka sèvi ak kapòt tou pou pwoteje tèt ou kont enfeksyon moun pran nan fè bagay.

Kapòt se sèl metòd planin ki pwoteje kont gwosès epi kont enfeksyon moun pran nan fè bagay. Men fòk gason an dakò pou li sèvi ak youn chak fwa li vle fè lanmou.

Lè pijon an byen bande, peze pwent anba kapòt la, pandan w ap fin dewoule l nèt, jis li kouvri tout pijon an. Se ti sak anba a k ap kenbe dechay la. (Si ou pa kite kote pou dechay la tonbe, lè ou voye, kapòt la ka chire.)

Lè ou fin voye, ou dwe kenbe bouch kapòt la pou li pa soti pandan w ap retire pijon an tou bande anndan vajen fanm nan. Retire kapòt la. (Epi jete l nan latrin oubyen antere l anba tè, kote lòt moun p ap jwenn li!) Sèvi ak yon kapòt ki tou nèf chak fwa ou ap fè lanmou.

Kapòt pou fanm

Wonn ki nan fon kapòt la (pati ki tou won tankou yon bag), se li pou ou mete anndan vajen an.
Wonn ki nan bouch kapòt la, li dwe rete deyo vajen an.

Yon kapòt pou fanm se yon ti sak fi a mete anndan vajen an, epi ki kouvri gwo lèv vajen an. Li pi gwo pase kapòt pou gason an, epi li pa chire fasil menm jan ak kapòt pou gason an. Yo anpeche yon fanm vin ansent, epi yo pwoteje kont enfeksyon moun pran nan fè bagay. Pa sèvi ak toulede kapòt yo ansanm, sa vle di, kapòt pou gason ak kapòt pou fanm nan menm tan.

Espèmisid

Gen plizyè kalite espèmisid: mous, grenn, krèm, jele, oubyen ti bann ki fonn nan vajen an. Espèmisid yo ap touye jèm gason yo, anvan yo rive kole kò yo ak ze fanm nan.

ponp


Medam yo mete espèmisid nan vajen an jis anvan yo fè lanmou. Lè ou sèvi avè l pou kont li, li pa bay rezilta menm jan ak lòt metòd planin yo. Men li pi bon toujou lè ou mete li ansanm ak yon kapòt. Espèmisid pa bay okenn pwoteksyon kont VIH ak lòt enfeksyon moun pran nan fè bagay.

Grenn planin (grenn pou kontwole fè pitit)

Grenn planin yo fèt ak òmòn ki koresponn ak 2 kalite òmòn kò fi a bay (òmòn se kalite eleman chimik kò a fè pou yo kontwole aktivite kò a). Travay grenn planin yo se anpeche pòch ze (ovè) fanm nan pwodui ze (ovil). Gen 2 kalite grenn planin: grenn konbine ki gen 2 òmòn ladan yo, estwojèn ak pwojestewòn (pwojestin), epi grenn senp (mini-pilil) ki gen yon sèl òmòn, pwojestewòn. Pou konnen non mak kèk kalite grenn planin nou ka jwenn fasil, al gade nan Grenn planin (grenn pou kontwole fè pitit). Grenn planin yo pa pwoteje fanm kont VIH/SIDA, oubyen kont lòt enfeksyon moun pran nan kontak seksyèl. Pou pwoteje tèt ou, sèvi ak kapòt tou.

Genyen fanm ki chwazi bwè grenn planin paske sa fè règ yo vini nan dat yo. Konsa y ap konnen ki jou yo va wè règ yo. An plis, grenn planin fè san an pa koule anpil lè yo gen règ yo, e lakranp p ap pran yo jan li te konn fè l anvan.

Grenn planin pa bay kansè.

Grenn konbine (grenn planin ki gen estwojèn ak pwojestewòn)

Genyen plizyè mak grenn konbine ki gen oestrogène (estwojèn) ak progestérone (pwojestewòn) ladan yo nan plizyè dòz. Gen konbinezon nou jwenn fasil, tankou grenn ki gen pwojestewòn (pwojesten) 1 milligram (mg) oubyen yon dòz ki pi piti, ansanm avèk estwojèn 30 oubyen 35 mikwogram (mcg) yo rele ethinyl estradiol (etinil estradyòl), oubyen 50 mcg yon estwojèn yo rele mestranol (mestranòl).

Genyen grenn planin ki fèt ak pwojestewòn sèlman.

Si yon fanm bwè yo chak jou nan menm lè a, grenn planin yo ap bay rezilta ki bon anpil. Pifò fanm kapab bwè yo san danje.

Ki jan pou nou pran grenn konbine yo:

Si ou konnen ou pa ansent, ou mèt kòmanse bwè grenn yo nenpòt ki lè. Men grenn yo p ap anpeche ou vin ansent touswit. Konsa, pandan premye 7 jou w ap pran grenn yo, sèvi ak kapòt, oubyen pa fè lanmou.

Pou evite gwosès, fòk ou bwè yon grenn chak jou, menm si ou pa fè lanmou. Fè efò pou ou bwè grenn nan nan menm lè a chak jou. Si ou mete yo kote ou dòmi an, sa ka fè ou sonje pou ou pran youn chak swa lè w ap pran kabann ou. Pifò grenn konbine yo, nou jwenn yo nan pakèt 28 oubyen 21 grenn.

Pwoblèm (efè segondè) grenn planin konbine konn bay:

Pwoblèm sa yo pa grav, men yo ka deranje ou. Nòmalman, y ap diminye ti kras pa ti kras. Oubyen yo pral fè wout yo nan 3 mwa konsa. Gen de fwa, si ou eseye pran yon lòt kalite grenn ki gen yon lòt dòz òmòn, w ap jwenn yon ti soulajman.

Kè li pa an plas, li kagou, li enève. Li gen maltèt. Li wè ti san lè se pa moman pou li gen règ li.
Tete yo vin pi gwo, yo fè mal. Li gen anvi vomi, kè plen.

3 fason pou fanm pran grenn planin konbine

Pran yo pandan 28 jou: Bwè grenn ki gen òmòn ladan yo pandan 21 jou. Apre sa, bwè 7 grenn ki pa gen òmòn ladan yo (grenn ki pou fè ou sonje pou ou toujou bwè yon grenn chak jou). Oubyen pa bwè grenn ditou. Se pandan 7 jou sa yo ou va wè règ ou.

Si se yon pakèt 28 grenn ou genyen, bwè yon grenn chak jou san sote jou. Dènye 7 grenn nan yon pakèt ki gen 28 grenn, yo pa gen òmòn. Yo mete grenn sa yo la pou fè ou sonje pou ou toujou bwè yon grenn chak jou. Dènye 7 grenn sa yo pa gen menm koulè ak premye grenn yo.
Si ou genyen yon pakèt 21 grenn, w ap pase 21 jou ap bwè grenn, tout pakèt la. Apre sa, w ap pase 7 jou san ou pa bwè li. Kòmanse ak yon lòt pakèt 7 jou apre ou fini ak premye pakèt la.


Pran yo pandan plizyè mwa san sote jou: Pran grenn ki gen òmòn ladan yo pandan 84 jou san sote jou. Apre sa, pa bwè grenn pandan 7 jou. Genyen pakèt ki gen 91 grenn (84 gen òmòn ladan yo, ak 7 ki pa gen òmòn). Pandan 7 jou sa yo, ou va wè règ ou, men sèlman chak 3 mwa. Ou ka wè ti gout san tanzantan, men apre kèk mwa, pwoblèm sa a dwe al fè wout li.

Pran yo san rete: Pran grenn ki gen òmòn ladan yo chak jou san sote jou. Si sa ba ou traka pou wè ti san nenpòt ki lè, ou mèt sispann bwè grenn soti 3 rive 4 jou. Konsa règ ou va vini. Apre sa, kòmanse bwè grenn yo ankò, youn chak jou.

Pa gen danje si nou sèvi ak nenpòt nan metòd sa yo. Tout fanm k ap sèvi ak grenn konbine dwe konnen ki sa pou yo fè si yo sote yon jou oubyen plis:

Si ou bliye bwè 1 oubyen 2 grenn, bwè youn pandan ou sonje sa. Bwè lòt la lè ou abitye bwè yo nòmalman. Sa vle di, ou ka bwè 2 grenn nan yon sèl jou.

Si ou bliye bwè 3 grenn pandan 3 jou youn apre lòt, ou dwe bwè 1 (yon) grenn menm kote ou sonje sa a. Apre sa, bwè youn chak jou jan ou abitye bwè li. Sèvi ak kapòt jis règ ou vini, oubyen pa fè lanmou jis ou gen tan pran grenn san sote pandan 7 jou.

Si règ ou an reta, epi ou te sote kèk jou, toujou bwè grenn yo, men al fè yon tès gwosès. Si ou ansent, sispann bwè grenn.

Lè ou vle sispann pran grenn konbine yo

Ou mèt sispann bwè grenn yo nenpòt ki lè. Ou ka ansent touswit. Si ou vle evite gwosès, sèvi ak kapòt, oubyen ak yon lòt metòd planin.

Fanm ki pa dwe pran grenn planin konbine

Pou fanm ki gen kèk pwoblèm sante, grenn planin ka mete lavi yo an danje. Pa pran grenn planin konbine si ou:

  • soufri tansyon ki wo anpil (160/110 oubyen pi wo). Pou aprann plis sou koze tansyon, al gade nan Maladi kè (chapit sa a poko ekri).
  • gen maladi sik (dyabèt) pandan plis pase 20 ane.
  • gen plis pase 35 ane epi w ap fimen.
  • soufri tèt fè mal (migrenn) ki fè pati nan kò ou vin angoudi, oubyen ki fè ou pa wè byen.
  • gen kansè nan tete, nan fwa a, oubyen nan matris la.
  • gen pwoblèm fyèl.
  • deja soufri yon konjesyon serebral (yon kriz ki bay paralizi).
  • gen yon boul san kaye nan venn janm ou (jeneralman, sa fè venn nan yon janm vin wouj epi anfle).
  • gen maladi fwa oubyen lajonis.


Pifò fanm ki soufri ak pwoblèm sa yo ka sèvi ak grenn senp (mini-pilil) san pwoblèm, ak metòd planin enplan an, oubyen ak piki planin, ki gen pwojestewòn sèlman. Fanm ki soufri ak kansè nan tete oubyen nan matris pa dwe swiv okenn metòd planin ki gen òmòn ladan yo; okontrè, yo dwe sèvi ak yon lòt metòd.

Medikaman ki aji sou grenn planin konbine

Rifampicine (Rifanpisin, ki pou trete maladi tibèkilòz), ritonavir (ki pou trete VIH/SIDA), ak kèk medikaman ki pou trete malkadi, yo fè grenn planin pèdi fòs yo. Si ou pran medikaman sa yo, se pou ou chwazi yon lòt metòd planin. Fanm ki pran ensilin pou trete maladi sik, lè yo kòmanse pran grenn oubyen piki planin, sa ka oblije yo pran yon lòt dòz ensilin.

Fanm ki dwe eseye swiv yon lòt metòd planin si gen posiblite

Genyen fanm ki gen kèk lòt pwoblèm sante, ki fè li ta pi bon pou li pa pran grenn konbine. Li pi bon pou ou sèvi ak yon lòt metòd planin si ou gen pwoblèm sa yo:

  • Soufri tansyon ki twò wo (pi wo pase 140/90). Pou aprann plis sou maladi tansyon, al gade nan Maladi kè (chapit sa a poko ekri).
  • Si ou gen plis pase 35 ane, epi ou soufri gwo tèt fè mal (migrenn ki mache ak kè plen).


Si yon fanm ki gen pwoblèm sa yo ap pran grenn konbine yo, voye je ou sou li pou wè si pwoblèm li yo p ap vin pi grav. Si yo pa pi mal, li mèt kontinye pran grenn konbine yo. Si pwoblèm li yo vin pi grav, se pou li sispann pran yo touswit.

Grenn senp, mini pilil (grenn ki gen pwojestewòn sèlman)

Grenn sa yo pa gen estwojèn ladan yo, sèlman pwojestewòn. Pifò fanm ki pa ka sèvi ak grenn konbine, yo ka sèvi ak grenn senp. An plis, grenn senp pa bay pwoblèm menm jan ak grenn konbine yo. Yo pa seche lèt yon tinouris. Fanm ki pran grenn senp yo ka wè règ yo pa vini sou menm kantite jou, yo ka pa bay kantite san yo te konn bay la, oubyen yo ka pa wè règ yo ditou.

Chak grenn nan yon pakèt grenn senp gen menm dòz òmòn ladann. Bwè yon grenn chak jou.

Ki jan pou nou sèvi ak grenn senp lan (mini pilil)

Bwè premye grenn nan sou premye jou règ ou. Apre sa, bwè yon grenn nan menm lè a chak jou, menm si ou pa fè lanmou. Depi ou fini ak yon pakèt, ouvri yon nouvo pakèt epi kòmanse bwè grenn yo, menm si ou pa wè règ ou. Pa sote jou. Chak grenn nan pakèt la gen menm dòz pwojestewòn.

Si ou bwè yon grenn an reta, menm kèk èdtan, oubyen si ou sote yon jou, ou ka vin ansent. Depi ou sonje sa, bwè yon grenn. Bwè lòt la lè ou bwè yo nòmalman. Sa vle di, ou ka bwè 2 grenn nan yon sèl jou. Sèvi ak kapòt, oubyen pa fè lanmou pandan 7 jou. Ou ka bay ti san si ou sote grenn oubyen si ou bwè grenn nan an reta.

Pwoblèm (efè segondè) grenn senp konn bay

Pwoblèm nou jwenn pi souvan, ou p ap wè règ ou jan ou te konn wè li anvan. Ou ka fè ti senyen chak jou, oubyen nenpòt ki lè. Règ yo ka sispann nèt, men pa gen danje nan sa. An plis, fanm nan ka pran pwa, soufri maltèt, oubyen leve bouton kwasans.

Medikaman ki aji sou grenn senp

Rifampicine (Rifanpisin, ki pou trete maladi tibèkilòz), ritonavir (ki pou trete VIH/SIDA), ak kèk medikaman ki pou trete malkadi, yo fè grenn planin nan pèdi fòs yo. Si ou pran medikaman sa yo, se pou ou chwazi yon lòt metòd planin. Fanm ki pran ensilin pou trete maladi sik, lè yo kòmanse pran grenn oubyen piki planin, sa ka oblije yo pran yon lòt dòz ensilin.

Lè nou vle sispann pran grenn yo

Si ou deside chanje metòd, oubyen si ou vle fè pitit, sispann bwè grenn yo nenpòt ki lè. Ou ka vin ansent touswit. Si ou pa vle sa, kòmanse sèvi ak yon lòt metòd planin san pèdi tan.


ht.hesperian.org