Hesperian Health Guides

Pou fè san an kanpe kay tibebe ki fèk fèt

Tibebe ki fèk fèt : Medikaman

Vitamine K, phytomenadione, phytonadione (vitamin K)


Vitamin K sèvi pou fè san an kaye, pou rete san an. Men lè yon tibebe fèk fèt, li pa gen anpil vitamin K. Si, pou nenpòt ki rezon, li kòmanse bay san, sa ka tounen mal byen vit. Si yon tibebe kòmanse bay san (nan bouch, nan kòd lonbrit, oubyen nan twou dèyè a) nou ka ba li vitamin K pou rete san an. Tibebe ki tou piti oubyen tibebe ki fèt anvan lè, ki pa rive peze 2 kilogram konsa, nou ka ba yo vitamin K pou anpeche yo senyen, paske yo pi fasil gen pwoblèm sa a.

Vitamen K p ap kapab rete san an kay timoun ki pi gran ak kay granmoun.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png

Bay piki 1 mg (tout yon flakon ki gen 1 mg ladann, oubyen mwatye nan yon flakon ki gen 2 mg ladann). Bay piki sou deyò kwis la. Bay li anvan 2 zèdtan pase depi li fèt.

Pa bay plis. Sa p ap ede, epi li ka bay pwoblèm.