Hesperian Health Guides

Pomad ak gout antibyotik pou je

Tibebe ki fèk fèt : Medikaman

Nou ka sèvi ak pomad e gout antibyotik pou pwoteje je tibebe ki fèk fèt la. Si manman an gen enfeksyon blenoraji, yon maladi moun trape nan fè bagay, mikwòb sa yo ka bay tibebe a gwo enfeksyon nan je li, ki ka fè li vin avèg. Pomad la ap anpeche je tibebe a pran mikwòb sa yo nan moman akouchman an. An plis, nou ka sèvi avèk yo pou trete lòt enfeksyon bakteri nan je.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrneyedropoint.png

Sèvi ak youn nan pomad sa yo pou pwoteje je chak tibebe pou li pa trape enfeksyon blenoraji.

Pomad tétracycline (tetrasiklin) 1% OUBYEN érythromycine (eritwomisin) 0.5% - 1%

Mete yon ti kouch pomad nan toulede grenn je yon sèl fwa, anvan 2 zèdtan fin pase depi li fèt. Desann po je a pa anba tou dousman. Peze tib la pou mete yon ti kouch pomad; kòmanse tou pre nen an, pase nan direksyon zòrèy li. Pa kite pwent tib la touche ak je a.


Si nou pa gen pomad antibyotik, nou ka sèvi ak youn nan gout sa yo pou evite enfeksyon :

Solution povidone iode 2.5% (solisyon povidòn-iyòd 2.5%) OUBYEN Solution de nitrate d’argent 1%; (nitrat ajan 1%)

Mete 1 gout nan toulede grenn je, yon sèl fwa, anvan 2 zèdtan fin pase depi li fèt.

Desann po je a pa anba tou dousman. Peze pou fè 1 gout tonbe nan je a. Pa kite pwent konngout la touche ak je a. Solisyon nitrat ajan vin pi fò lè li la pandan yon tan ki twò long. Pa sèvi ak solisyon ki depase dat li. Sa va boule je tibebe a. Si nou pa konnen si nitrat ajan toujou bon, li pi bon pou nou pa sèvi avè l.