Hesperian Health Guides

Medikaman pou enfeksyon chanpiyon

Tibebe ki fèk fèt : Medikaman

</div>

===Violet de gentiane, bleu de méthylène (Vyolèt jansyàn)===


Vyolèt jansyàn se yon remèd ki pa koute chè, ki bon pou trete enfeksyon chanpiyon nan bouch, sou pwent tete yon tinouris, nan po kote li fè pli, sou ouvèti vajen an (fant koko), ak nan vajen. Li bon pou trete kèk enfeksyon po mikwòb k ap bay la tou.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Vyolèt jansyàn ka fè po a irite. Li ka leve bouton lè nou pase li nan bouch oubyen nan vajen an. Si li fè leve yon gratèl oubyen bouton, sispann sèvi avè l.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Vyolèt jansyàn fè tout bagay pran koulè vyolèt. Koulè ki sou po a va al fè wout li nan kèk jou. Men si li kolore twal, sa gen dwa p ap janm soti.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrneyedrop.png
Sèvi ak yon solisyon vyolèt jansyàn 0.5%. Pase li sou po a, nan bouch, oubyen sou bouch vajen an, soti 2 rive 3 fwa nan yon jou.
Si enfeksyon an pa kòmanse geri nan de twa jou, sèvi ak yon lòt medikaman.

Nystatine (nistatin)


Nistatin konbat pifò enfeksyon chanpiyon nan bouch, sou pwent tete, sou po, oubyen nan vajen. Pou trete bouch la, nou jwenn li an likid, an poud ki pou fè likid, oubyen an grenn pou souse. Pou trete po a, nou jwenn li an krèm, an pomad, oubyen an poud. Pou trete enfeksyon nan vajen, nou jwenn li an grenn oubyen an krèm ki pou mete nan vajen.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Nistatin ka fè po a irite, men sa pa rive fasil. Sispann sèvi avè l si li fè leve yon gratèl. Gen de fwa li konn bay dyare.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Lè nou trete enfeksyon chanpiyon ak nistatin, epi li pa geri, oubyen li ale vini toujou, se ka VIH/SIDA moun nan genyen.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrneyedrop.png

Jeneralman, nou jwenn nistatin an likid, 100,000 inite nan 1 mililit. Nòmalman, se pou moun pran soti 1 mililit (100,000 inite) rive 2 mililit (200,000 inite) nan chak dòz. Men moun ki gen VIH/SIDA konn oblije pran rive 5 mililt (500,000 inite) chak dòz.

Tibebe ki gen enfeksyon chanpiyon nan bouch
Bay 2 mililit, yon kantite yon ti kras pi piti pase yon demi ti kiyè likid (200,000 inite), 4 fwa nan yon jou. Sèvi ak yon ti twal pwòp oubyen yon konngout pou pase likid la nan bouch li. Kontinye ba li medikaman an jis tout siy enfeksyon an disparèt depi 2 jou. Sinon, enfeksyon an ka tounen sou li ankò.
Tinouris ki gen enfeksyon chanpiyon nan pwent tete (pwent tete li grate l, yo wouj, yo fè li mal)
Pase 1 rive 2 mililit (100,000 - 200,000 inite) nistatin an krèm, an poud, oubyen an likid, sou pwen tete yo, 4 fwa nan yon jou.