Hesperian Health Guides

Metòd ki pa vo anyen

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Metòd ki pa mache oubyen ki plen danje :

  • Si yon fanm fè pipi kou li sot fè bagay, pa gen pwoblèm, men sa p ap anpeche pou li pa ansent. Pipi a soti yon lòt twou, men pa nan vajen an.
  • Si yon fanm mete zèb, fèy, pwodui chimik, oubyen lòt bagay nan vajen li pou seche l, sèl rezilta li bay se iritasyon nan vajen an, k ap fè li trape enfeksyon pi vit.
  • Menm si yon fanm fè douch kou li sòt fè lanmou, sa p ap anpeche gwosès. Jèm gason yo rapid anpil. Y ap gen tan rive nan matris fanm nan anvan li ka lave yo. Lè yon fanm fè yon douch, sa ka menm fè jèm yo antre pi wo nan matris la.
  • Wanga ak senp (maji) pa bay okenn pwoteksyon kont gwosès. Si fanm yo mete konfyans yo nan sa, y ap vin ansent.