Hesperian Health Guides

Enplan ak piki planin

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Menm jan ak grenn senp, enplan ak piki planin gen sèlman òmòn pwojestewòn nan ladan yo. Men yo pa oblije fanm yo pran grenn chak jou. Yo ka fasil swiv metod planin sa yo san lot moun pa konnen. Ni enplan, ni piki, yo pa pwoteje fanm kont VIH ak lot maladi moun pran nan kontak seksyel.

implant being inserted.

Ki jan pou nou sèvi ak enplan oubyen piki

Enplan se ti tib tou piti, ki mou, yo mete yo anba po sou anndan anwo ponyèt yon fanm. Fanm nan p ap ka ansent soti 3 rive 5 an e; sa depann de kalite enplan an.

NWTND FP Page 15-2.png
syringe and injectable contraceptive.

Piki planin, se ajan sante ki bay yo chak 1, 2, oubyen 3 mwa. Sa depann de kalite piki a.

Fanm yo ka fasil sèvi ak metòd sa yo san lòt moun pa konnen. Epi yo pa oblije fanm yo pran grenn chak jou. Enplan ak kèk piki planin gen sèlman òmòn pwojestewòn nan ladan yo. Gen yon kalite piki (yo bay li chak mwa) ki gen estwojèn ak pwojestewòn toulede ladann. Poutèt sa, fanm ki pa gen dwa pran grenn konbine, yo pa gen dwa pran piki sa a non plis. Si yon fanm vle fè yon pitit, li ka sispann pran piki, oubyen li ka fè wete enplan yo nenpòt ki lè. Ni enplan, ni piki yo pa bay okenn pwoteksyon kont VIH ak lòt enfeksyon moun pran nan fè bagay.

Pwoblèm (efè segondè) enplan ak piki ka bay

Piki yo bay chak mwa, yo bay menm pwoblèm ak grenn konbine yo. Enplan ak piki ki gen pwojestewòn sèlman ladan yo, yo bay menm pwoblèm ak grenn senp ki gen pwojestwòn sèlman.

Medikaman ki aji sou enplan ak piki planin

Rifampicine (Rifanpisin, ki pou trete maladi tibèkilòz), ritonavir (ki pou trete VIH/SIDA), ak kèk medikaman ki pou trete malkadi, yo fè grenn planin nan pèdi fòs yo. Si ou pran medikaman sa yo, se pou ou chwazi yon lòt metòd planin. Fanm ki pran ensilin pou trete maladi sik, lè yo kòmanse pran grenn oubyen piki planin, sa ka oblije yo pran yon lòt dòz ensilin.

Lè nou vle sispann sèvi ak enplan oubyen piki yo

Yon fanm ka fè wete enplan yo nenpòt lè. Se yon ajan sante ki gen ladrès ki pou fè sa. Depi yo wete enplan yo, li ka ansent touswit. Lè yon fanm vle sispann pran piki, li annik sispann pran yo. Sa ka pran plis tan pou li vin ansent, men pifò fanm ansent anvan yon ane fin pase.