Hesperian Health Guides

Metòd pou moun ki vle pa janm fè pitit ankò, operasyon

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Pou moun ki vle pa janm fè pitit ankò, operasyon se yon metòd ki senp, ki pa fasil gen danje, kay gason ak kay fi. Nan anpil peyi yo fè operasyon sa yo pou granmèsi. Mande konsèy nan yon sant sante. Operasyon yo pa bay okenn pwoteksyon kont VIH ak lòt enfeksyon moun pran nan fè bagay.

Yon operasyon pou fanm, yo rele l yon ligati, ki vle di yo mare kannal ze yo. Yo annik fè ti koupe toupre lonbrit fanm nan. Yo mare epi koupe 2 kannal kote pou ti ze fi a pase a ; kannal yo soti nan pòch ze yo pou yo rive nan matris la. Nòmalman, yo fè operasyon an kay doktè oubyen nan yon sant sante, san yo pa andòmi fanm nan. Operasyon an pa chanje anyen nan fanm nan. L ap toujou gen règ li, epi li ka toujou pran plezi nan fè lanmou. Li ka menm pran plis plezi nan fè lanmou paske li p ap pè pou li ansent.

Yon operasyon pou gason, yo rele l yon vazektomi. Se yon operasyon byen senp yo fè kay doktè oubyen nan yon sant sante, san yo pa andòmi li. Li pi fasil toujou pase yon ligati pou fanm, epi li gen mwens danje. Yo pa wete grenn li yo. Operasyon sa a pa chanje anyen nan pisans gason an, ni sa pa wete anyen sou plezi li. L ap toujou santi li gason ; l ap toujou voye. Men likid l ap voye a pa gen jèm ladann pou ansent yon fi.

a woman's body showing where sterilization is done.
Men ki kote yo fè ti koupe.
a man's body showing where sterilization is done.
Men ki kote yo fè ti koupe pou yo ka koupe e mare kannal espèm yo