Hesperian Health Guides

Medikaman ki pou trete anpwazonnman gwosès ki grav, ak kriz

Gwosès ak akouchman : Medikaman

Silfat mayezyòm


(sulfate de magnesium ; magnesium sulfate)
Silfat mayezyòm se pi bon medikaman ki pou trete kriz kay fanm ansent, ki soufri anba anpwazonnman gwosès. Si nou pa gen silfat mayezyòm, sèvi ak dyazepam.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Sèvi ak silfat mayezyòm sèlman si tansyon fanm nan monte pi wo pase 160/110, oubyen si li fè kriz.

Kontwole konbyen souf li pran pandan tout yon minit, anvan nou ba li medikaman an. Si li pa rive pran 12 souf, pa ba li medikaman an. Pa bay yon dezyèm dòz, si li pa pran rive 12 souf pandan yon minit. Pa bay li si fanm nan pa ka fè pipi pandan 4 èdtan apre li pran premye dòz la.

Tout preparasyon silfat mayezyòm pa gen menm konsantrasyon (sa vle di, yo tout pa gen menm valè medikaman nan yon mililit likid). Fè atansyon pou nou li etikèt la byen. Verifye dòz la byen, pou nou pa twonpe nou sou kantite dlo esterilize pou nou mete nan flakon an.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png
Bay piki silfat mayezyòm 10 gram, nan vyann dèyè li. Paske gwo dòz sa a ka fè mal, bay 5 gram nan chak bò dèyè li (nan vyann dèyè a).

Si 4 èdtan pase, epi ou poko rive kay doktè, ou ka ba li yon lòt piki 5 gram nan yon sèl bò dèyè.

Dyazepam


(diazépam ; diazepam, valium)
Nou ka sèvi avè l pou kanpe yon kriz. Men pou moun ki konn fè kriz malkadi tanzantan, se pou yo pran yon lòt kalite medikaman, yon remèd pou yo pran chak jou.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Dòmi nan je.

EnpòtanNBgrnimportant.png
  1. Lè nou bay twòp dyazepam, li ka ralanti souf la jis moun nan sispann pran souf. Fè atansyon pou nou pa bay twòp. Pa bay plis pase dòz yo di nou pou nou bay la. Pa bay plis pase 2 dòz nan yon jou.
  2. Dyazepam se yon medikaman, lè moun kòmanse pran li, yo gen dwa santi yo bezwen pran li toutan. (Yo rele sa adiksyon oubyen depandans.) Pa sèvi avè l dri, ni pandan yon tan ki twò long.
  3. Fanm ansent ak fanm kap bay tete pa gen dwa pran li, sof si li ap soufri anba anpwazonnman gwosès ki grav anpil, oubyen si li fè kriz.
  4. Pa bay piki nan venn si ou pa gen bon jan fòmasyon. Li difisil anpil pou bay li nan venn, epi gen danje nan sa. Lè yon moun ap fè kriz, bay medikaman an nan twou dèyè a.
Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png

Sèvi ak dyazepam likid (ki pou fè piki), oubyen kraze yon grenn dyazpam, melanje li ak dlo. Wete zegwi nan sereng lan. Rale medikaman an ak pwent sereng lan. Oubyen sèvi ak dyazepam ki sou fòm sipozitwa, ki pou mete nan twou dèyè a.

Fè fanm lan vire sou kote. Ak sereng ki pa gen zegwi, fonse medikaman an byen fon nan twou dèyè li. Mande li sere dèyè li pandan 5 minit, pou medikaman an pa koule soti.

Pou rete yon kriz kay fanm ansent
Sèvi ak dyazepam likid (ki pou fè piki), oubyen kraze grenn yo, melanje yo ak dlo. Wete zegui nan sereng lan. Rale medikaman an ak pwent sereng lan. Oubyen sèvi ak dyazepam ki sou fòm jele, ki pou mete nan twou dèyè a.

Fè fanm nan vire sou kote. Ak sereng ki pa gen zegui, fonse medikaman an byen fon nan twou dèyè li. Sere dèyè li pandan 5 minit, pou medikaman an pa koule soti.

Bay 20 mg. nan twou dèyè a.

Lè 10 minit fin pase depi ou te ba li medikaman an epi lap fè kriz toujou, ou ka ba li yon sèl lòt dòz 10 mg, men pa ba li plis.