Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou manje lè nou malad

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Moun ka kwè, si yo soufri tèl maladi, genyen tèl manje yo pa gen dwa manje. Oubyen yo ka kwè tèl manje ka geri yo. Men, se menm bon kalite manje pou yo manje, kit moun malad, kit moun an sante.

Yon gason kap manje yon kawòt ; li anfòm e li gen kè kontan. Yon gason ki malnouri gen figi li kagou ; li mèg, li pa anfòm
Yon moun ki byen nouri, kò li fò, epi li gen fòs pou l konbat enfeksyon (maladi mikwòb kap bay).
Maladi antre fasil sou moun ki malnouri.

Lè ou malad, pa evite manje. Manje va ede ou retabli.


VIH/SIDA

Moun ki gen VIH/SIDA bezwen manje plis pase sa yo te konn manje anvan yo te tonbe malad. Konsa yap jwenn plis fòs pou yo kenbe tèt ak enfeksyon. Pi bon fason pou rive fè sa, se manje pi souvan. Fè atansyon pou yo manje pwoteyin, legim, fwi, ak grès. Tout sa yo nesesè pou yo konsève fòs yo, pou yo ka goumen ak enfeksyon. Menm jan ak lòt moun, se pou yo fè kò yo fè mouvman. Fè ti mache chak jou. Konsa kò yo va pi anfòm epi san an va sikile pi byen.

Moun ki gen VIH/SIDA, yo ka gen maleng nan bouch, anndan bouch la chèch, gòj yo ka fè mal, yo ka gen kè plen, epi yo pa gen apeti (pa vle manje). Yo mal pou yo manje. Pou aprann ki jan nou ka ankouraje yon malad manje, al gade nan Ki jan pou nou okipe moun malad (chapit sa a poko ekri).

Malerezman, pa gen manje ki ka geri VIH/SIDA. Se sèl medikaman ki pou trete viris la (ti mikwòb ki pi piti pase bakteri). (Al gade nan VIH ak SIDA (chapit sa a poko ekri).

Pyè nan fyèl ak maladi fyèl

Lè yon moun gen maladi fyèl, se grès ak fritay ki fè doulè a deklanche. Manje ki bouyi osinon boukannen ap pi bon. Manje plis legim ak fwi. Klike isit.

Yon tifi kap pote yon bòl manje bay yon fanm ki malad epi ki sere vant li.

Dyare

Moun pa gen dwa sispann manje lè yo soufri anba dyare. Si malad la sispann manje, sa pap geri dyare a. Okontrè, sa ka fè malnitrisyon ak manke dlo vin pi mal. (Sa yo se vrè danje kay moun ki gen dyare). Klike isit pou aprann plis sou dyare.

Ki jan pou n pa gen mikwòb maladi nan manje nou

Lave men nou. Lave manje a. Pa kite mouch ak lòt ti bèt vin poze sou manje nou. Sere manje a yon fason pou li pa gate. Sa anpeche vant fè mal ak dyare antre sou moun. Al gade nan Dlo ak pwòpte: Pou konnen ki jan pou nou rete an sante.

Kè plen (anvi vomi), ak bouch fè mal

Ki jan pou nou okipe moun malad (chapit sa a poko ekri) bay bon lide sou ki jan nou ka ankouraje yon malad manje lè li pa gen apeti.