Hesperian Health Guides

Byen manje bay bon sante

SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Byen manje bay bon sante

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

[4 granmoun, yon timoun ak yon tibebe kap pran plezi nan manje ansanm
Manje nouri kò nou. An plis, li ankouraje bon rapò youn ak lòt. Manje ini fanmi nou ak zanmi nou. Li fè pati tradisyon nou.
Kèk fanm ki chita ansanm bò tab la ap fè ti koze pandan yap manje e bwè
Yon tigason kap ede yon tibebe pran manje nan bòl la

Manje ase manje ak plizyè bon kalite manje, se de bagay enpòtan kap ede nou rete an sante. Manje bay kò a fòs. Konsa nap gen lespri ak kouray. Byen manje ede kò a kenbe tèt ak enfeksyon (maladi mikwòb kap bay) ak lòt kalite maladi. Tout kò nou ak sistèm kò nou ka byen fè travay yo. Li fè po nou, cheve nou, ak dan nou rete an sante.

Men se pa tout kalite manje ki fè nou rete an sante. Genyen manje ki fèt nan faktori ki gen twòp sèl, grès, ak sik ladan yo. Genyen twòp moun kap achte yo. Kalite tchaw sa yo ka bay maladi tankou kriz kè ak dyabèt, oubyen yo ka rann maladi sa yo pi grav.

Pou nou rete an sante, fòk nou jwenn ase manje ak plizyè bon kalite manje.