Hesperian Health Guides

Chapit 5: Fè prevansyon kont enfeksyon

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 5: Fè prevansyon kont enfeksyon

Nan chapit sa:

Prevansyon kont enfeksyon konn sove lavi

Enfeksyon fè moun malad e li ka menm touye yo. Se youn nan pi gwo kòz lanmò tibebe apre akouchman. Pwosedi kote yo mete zouti anndan matris yon fi (tankou sterilè, IUD) oswa ponp aspiratè alamen (MVA)) ka lakòz enfeksyon, Pifò travay yon fanmsaj fè, oubyen nenpòt pwosedi ki fèt anndan matris la, yo ka fèt san danje sèlman si w suiv metòd nou bay nan chapit sa a sou kòman pou w anpeche enfeksyon.

a pair of scissors.
Mikwòb ka rete sou zouti, menmsi yo sanble yo pwòp.
blood dripping from a finger.
Mikwòb viv nan likid ki sot nan kò moun, tankou san.

Chapit sa esplike kòman pou fè prevansyon kont enfeksyon lè w detwi oswa metrize mikwòb. Mikwòb se jèm ki pote maladi. Mikwòb tout kote, men yo tèlman piti se nan mikwoskòp sèlman w ka wè yo. Mikwòb ki danjere ki nan san, nan poupou, nan likid ki sot nan kò moun (tankou espèm ak dlo amnyotik), ak nan salte, you tout ka lakòz maladi grav lè yo antre nan kò moun.

Se mikwòb ki lakòz enfeksyon

Kèk maladi, tankou rimatis, dyabèt (maladi sik), as (wopresyon), ak epilèpsi (malkadi, maladi kriz tonbe), se pa mikwòb ki lakòz yo. Yon moun pa ka bay yon lòt moun maladi sa yo.

Lòt maladi, tankou saranpyon, epatit, tetanòs, enfeksyon nan matris, VIH/SIDA, ak grip, yo rele yo enfeksyon, e se mikwòb ki bay yo. Moun tonbe malad lè mikwòb sa yo ki bay enfeksyon antre anndan kò yo.

Fason mikwòb antre nan kò moun

Mikwòb ka antre nan kò moun plizyè fason.


MW Ch5 Page 50-1.png
Gen mikwòb ki antre pa mwayen espèm oubyen likid nan vajen lè moun fè sèks. Pa egzanp, maladi ki ka simaye konsa se VIH ak lòt enfeksyon moun pran nan fè sèks tankou klamidya ak ekoulman..
MW Ch5 Page 50-2.png
Gen mikwòb ki antre pa mwayen san lè san an oswa likid ki nan kò moun ki enfekte a antre nan yon blese oswa nan po yon lòt moun, tankou avèk yon zegui ki fin sèvi pou pèse (zorèy) oswa pou bay piki. VIH/SIDA, epatit B, ak epatit C ka simaye konsa tou..
MW Ch5 Page 50-3.png
Gen mikwòb ki viv nan dlo sal epi yo antre lè moun bwè dlo a. Se konsa kolera ak dyare simaye.
a hand cutting a baby's cord with a razor blade.
Gen mikwòb ki viv nan salte, sou po, oswa nan lè a, men yo pa danjere sòf si yo antre nan san yon moun. Mikwòb sa yo ka antre nan san an lè yo itilize yon zouti ki gen mikwòb sou li anndan yon matris, pou koupe po a, oswa pou koupe kòd lonbrik la. Se konsa tetanòs ak enfeksyon nan matris ka simaye.
MW Ch5 Page 50-5.png
Gen mikwòb ki simaye pa mwayen lè a lè yon moun ki malad touse oswa estènen. Grip ak tibèkiloz ka simaye konsa.


Fè moun ki malad rete lwen kote akouchman ap fèt
a woman holding her head and thinking.
O Bondye! Janine gen tranche epi mwen gen fyèv!
Fòm mande yon lòt fanmsaj pran plas mwen.

Yon bagay ki trè senp fanmsaj ka fè pou anpeche enfeksyon se pa kite moun malad rete kote ki gen fi ki ansent oswa fi k ap akouche. Nenpòt moun ki gripe, k ap touse, ki gen lafyèv, oswa ki gen lòt maladi ki simaye pa mwayen mikwòb, fè yo rete lwen kote gen akouchman. Epi, pa janm kite yon moun ki gen yon maleng nan men yo oswa nan figi yo touche yon bebe.

a woman with a medical bag thinking.
Men, mwen se sèl fanmsaj nan zòn nan! Fò m al asiste akouchman an!


Si w malad men w oblije asiste akouchman an, ou ka kouvri bouch ou ak nen w ak yon mouchwa, ak yon twal pliye, oswa ak yon mas. Lave men w souvan epi kouvri bouch ou lè w estènen ak lè w touse. Asire w ou lave men w chak fwa w fin estènen epi chak fwa w fin touse. Fè efò pou w pa touche bebe a twòp.

Nenpòt moun ka gen mikwòb sou li

Nou pa toujou konnen si nou gen yon enfeksyon. Ou pa ka konnen ki mikwòb yon moun genyen lè w gade l sèlman. Gen moun ki pote mikwòb nan san yo oswa nan lòt likid ki nan kò yo san yo pa parèt malad.

a woman thinking as she kneels next to a woman who has just given birth.
Tann! Mwen bezwen gan anvan m touche plasenta a.

Men meyè pwoteksyon an: pou evite simaye enfeksyon tankou epatit ak VIH/SIDA, moun k ap travay nan domèn swen sante a dwe fè kòmsi se tout moun ki gen mikwòb danjere nan nenpòt likid ki nan kò yo. Men ki jan yo ka anpeche mikwòb simaye:

  • Mete gan ak rad ki pwoteje yo pou anpeche san ak lòt likid tonbe sou yo oubyen sou lòt moun.
  • Lave epi esterilize zouti y ap itilize pandan akouchman an oubyen pandan lòt pwosedi.
Note sa: Lè yon moun gen yon bon sante sa ede l evite enfeksyon. Manje byen, repoze byen, epi pran swen tèt ou nan domèn santimantal ak nan domèn espirityèl, tout se bagay ki enpòtan pou pèmèt yon moun rete an sante. Pafwa, bagay sa yo sifi pou pèmèt yon moun lite kont mikwòb ki antre nan kò l, konsa li pa tonbe malad.

Men, pandan akouchman oubyen lòt pwosedi medikal, piske kò fi a pi ouvè, li pi fasil pou li pran enfeksyon. Lè sa a bon sante sèman pa sifi. Mikwòb ki nòmalman pa antre anndan kò l ka tonbe nan matris la. Nenpòt ti blese nan kò a fè moun pi fasil pran enfeksyon paske se po a ki pou anpeche mikwòb antre anndan kò a. Menm yon piki ka lakòz enfeksyon si sereng nan gen mikwòb sou li.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024