Hesperian Health Guides

Jete dechè ak prekosyon

Nan chapit sa:

Apre yon akouchman oswa yon pwosedi medikal, gen 3 kalite dechè:

Dechè imen Dechè ki file Lòt kalite dechè
MW Ch5 Page 67-4.png
MW Ch5 Page 67-5.png
MW Ch5 Page 67-6.png
tankou san, poupou, oswa plasenta tankou zegui pou koud oswa sereng tankou gan ki fin sèvi


Dechè sa yo gen mikwòb epi yo ka simaye enfeksyon bay ni ou menm, ni moun nan fanmi w, ni lot moun nan zòn nan.

Dechè imen

Fason ki pi senp pou w jete dechè ki soti nan kò moun se mete yo nan yon latrin oswa antere yo fon anba tè.

a syringe being put into an empty coffee can.

Gen kilti kote fanmi an antere plasenta a, pafwa ansanm ak kèk lòt bagay enpòtan. Antere plasenta a se yon koutim ki enpòtan pou anpil moun, men tou se yon fason pou pwoteje zòn nan kont mikwòb plasenta a ka fè yo.

Dechè ki file

Ou dwe mete dechè ki file nan yon veso pou yo pa blese nenpòt moun ki ta jwenn avè yo. Veso ki pi bon yo se sa ki fèt ak metal oswa ak plastik pwès, ki gen yon kouvèti oswa ki ka kouvri ak adezif.

Lè veso a demi plen, ajoute klowòks si posib, apre sa fèmen l byen sere epi antere l byen fon anba tè.

Lòt kalite dechè

Lòt kalite dechè tankou gan plastik, tib sereng, oswa twal ki gen san dwe esterilize epi antere byen fon anba tè. Y ap esterilize si w tranpe yo nan klowòks pandan 20 minit.

Antere dechè

MW Ch5 Page 68-3.png

Chèche yon kote ki lwen kote moun pran dlo oubyen kote timoun jwe. Fouye yon twou ki apwopriye pou antere dechè.

Twou ki apwopriye pou antere dechè

  1. Fouye yon twou ki ant 1 a 2 mèt lajè, epi ant 2 a 5 mèt pwofondè. Fon twou a dwe omwen 1 mèt pi wo pase nivo dlo ki anba tè a.
  2. illustration of waste pit described below.
    Wòch
    Dechè
  3. Anndan twou a, kouvri bò yo avèk yon kouch ajil oubyen wòch ki gen omwen 10 santimèt epesè.
  4. Fè yon bit tè toutotou bouch twou a pou dlo pa koule ladan l.
  5. Fè yon kloti toutotou kote w fouye twou a pou anpeche bèt antre anndan l.


Chak fwa w mete dechè nan twou a, kouvri dechè a avèk 10 santimèt tè, oswa yon melanj tè ak lacho. Lacho a kontribye nan dezenfekte tè a, epi l dekouraje bèt vin ladan l pandan w poko fin kouvri l.

Lè dechè a monte rive 0.5 mèt anba bouch twou a, kouvri l avèk tè epi koule yon beton sou li ki omwen 90 santimèt. Si twou a sèvi sèlman pou jete dechè medikal, san w pa mete lòt kalite fatra ladan l, li pap plen twò vit.

a woman putting waste in a pit near a health center; she wears a face mask.
Lè w ap fouye yon twou pou dechè, suiv sa yo rele règ 50 mèt la:
Yon distans 50 mèt parapò ak bilding
Yon distans 50 mèt parapò ak dlo
Yon distans 50 mèt parapò ak pi dlo


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024