Hesperian Health Guides

Lave men w epi mete abiman ki ka pwoteje kò w

Nan chapit sa:

Lave men w souvan

MW Ch5 Page 53-1.png

Lave men w se youn nan bagay ki pi enpòtan ou ka fè pou w anpeche enfeksyon. Li anpeche w simaye mikwòb bay lòt moun, nitou li pwoteje tèt pa w kont mikwòb. Menmsi w pa ta fè okenn lòt bagay kòm pwoteksyon kont enfeksyon, fò w lave men w.

Lave men w ak savon ak dlo pwòp. Si w pa gen savon, ou ka sèvi ak sann dife (men pa sèvi ak tè). Asire w ou rense tout kras savon an oswa sann nan. Lè w lave men w, e sitou lè ou rense yo, sèvi ak dlo pwòp k ap koule (vide) olye w mete men w nan dlo ki chita nan kivèt. Lè w lave men w nan kivèt, mikwòb ki sot sou men w tonbe nan dlo a, epi y ap retounen kole nan men w ankò.

Lave men w chak fwa w pral touche kò yon fi. Epi, lave men w ankò lè w fin touche l, oswa chak fwa w fin touche yon bagay ki gen san l oswa lòt likid ki soti nan kò l (tankou plasenta a) ladan l. Lave men w ni anvan w mete gan ni apre w retire gan an. Si w ap ede plizyè fi anmenmtan, takou nan yon lopital, li enpòtan pou w lave men w chak fwa w fin ede youn epi anvan w ede yon lòt.

Lè w lave men w kòmsadwa, sa ap retire pifò mikwòb. Men, gendelè ou dwe lave men w pandan 3 minit ann antye epi byen dekrase anba zong ou pou w ka retire plis mikwòb.

Teknik pou lave men w pandan 3 minit la

Anvan w kòmanse, retire bag, braslè, ak tout lòt bijou.
Fr MW Ch5 Page 53-2.png
1
MW Ch5 Page 53-3.png
2
MW Ch5 Page 53-4.png
3
Lave men w epi ponyèt ou avèk savon ak dlo pwòp. Rive jis anwo nan koud ponyèt ou. Asire w ou byen foubi nan mitan dwèt yo. Si w gen yon bwòs pwòp, dekrase anba zong ou yo.
MW Ch5 Page 53-5.png
4
someone pouring from a pitcher labeled "boiled water" to rinse another person's hands.
5
MW Ch5 Page 53-7.png
6
Kontinye fwote, brose, epi lave men w pandan 3 minit! Pase pifò tan an nan men yo. Rense avèk dlo pwòp k ap koule. Kite men w seche nan lè olye w itilize yon sèvyèt. Pa manyen anyen jiskaske men w fin sèch.


Toujou lave men w pandan 3 minit…

anvan w: apre w:
  • touche vajen manman an
  • egzamine basen manman an
  • akouche bebe a
  • koud yon dechiri
  • mete yon esterilè (IUD)
  • fè yon kitaj
MW Ch5 Page 54-1.png
  • fin netwaye apre akouchman an
  • manyen san oswa lòt likid ki soti nan kò moun
  • pipi oswa poupou


Alkòl ak gliser in pou lave men

Si w pa gen dlo pou lave men w, ou ka fè yon pwodui senp pou sa. Si w itilize l korèkteman, pwodui a ap detwi pifò mikwòb ki sou men w yo. Melanje 2 mililit gliserin avèk 100 mililit alkòl etil oswa izopwopil ki ant 60% a 90%.

Pou w lave men w, fwote anviwon 5 mililit (1 tikiyè) pwodui a nan men w.

Asire w ou lave nan mitan dwèt yo ak anba zong ou. Kontinye fwote jiskaske men w yo fin sèch. Pinga w ni rense men w ni siye yo ak twal.

Mete gan

MW Ch5 Page 54-3.png
Gan ki fèt avèk latèks oswa plastik ka pwoteje medam yo kont nenpòt mikwòb k ap kache anba zong ou oswa sou po w. Epitou, yo pwoteje w kont enfeksyon. Sèvi ak gan ki pwòp chak fwa w ap manyen pati jenital yon fi, oswa lè w touche san oubyen lòt likid ki nan kò l.

Si w ap fè nenpòt pwosedi anndan kò l, oswa si w ap manyen zouti ki deja esterilize, ou dwe sèvi ak gan ki esterilize.


Ki jan pou w mete gan ki esterilize

MW Ch5 Page 55-1.png
1
MW Ch5 Page 55-2.png
2
MW Ch5 Page 55-3.png
3
Ouvri pake a san w pa touche gan yo. Pa touche deyò gan esterilize a ak men w, osinon li pap esterilize ankò. Lave men w avèk atansyon. Kite yo sèch nan lè poukont yo. Gan yo ta dwe tou pliye nan pwayè kote pou w rantre men w lan. Pran gan an sou anndan kote ki pliye a epi glise men w anndan l. Pa touche deyò gan an.
MW Ch5 Page 55-4.png
4
MW Ch5 Page 55-5.png
5
MW Ch5 Page 55-6.png
6
Bouje men w pou l ka antre nan gan an pandan w ap rale gan an desann avèk dwèt lòt men an pa anndan an. Pran dezyèm gan an lè w fouye men ki gen premye gan an anba kote ki pliye a. Lè w fin mete toude gan yo, pa touche anyen ki pa esterilize, osinon gan yo pap esterilize ankò.
Fè pratik ak menm pè gan sa a plizyè fwa ankò jiskaske w ka fè l alèz.


Sonje sa:
MW Ch5 Page 55-7.png
MW Ch5 Page 55-8.png
MW Ch5 Page 55-9.png
MW Ch5 Page 55-10.png
Si w lave men w trè byen… … epi w mete gan ki esterilize… … apre sa w grate tèt ou… … gan an pa esterilize ankò!


Natirèlman, lè w manyen yon fi, w ap mete mikwòb sou gan an, men pinga w simaye mikwòb soti yon kote nan kò l mete yon lòt kote. Pa egzanp, si w manyen twou dèyè l ki gen anpil mikwòb, pinga w mete men w anndan vajen l avèk menm gan an. Mikwòb ki soti nan twou dèyè l la ka fè yon fi malad si yo antre nan vajen l oswa nan matris li.

Apre w fin sèvi ak yon pè gan yon fwa, voye l jete, oswa esterilize yo anvan w sèvi avè yo ankò.

Pwoteje tèt ou kont enfeksyon

Fanmsaj dwe pwoteje tèt yo kont mikwòb ak enfeksyon. Ou pap ka ede medam yo si w malad. Epitou, si w kontamine ak vye mikwòb, ou ka fasilman simaye yo bay medam w ap eseye ede yo.

Kèk nan mikwòb ki ka bay maladi ki danjere anpil tankou SIDA ak epatit B viv sèlman nan san, pipi, poupou, sak dlo a, ak lòt likid ki nan kò moun. Sa vle di, ou pap pran maladi sa yo senpleman lefètke w manyen yon moun sou po l. Men, mikwòb ki bay SIDA ak epatit B ka enfekte w si san moun ki gen maladi a antre nan yon blese oswa nan nenpòt kote ki ouvri nan po w, menmsi se yon ti blese ki sitèlman piti ou pa ka wè l (gade Kesyon ki fè pati istwa medikal fanm ansent lan|pou w wè tout jan VIH kapab pwopaje). Pa kite san ak lòt likid ki soti nan kò moun tonbe sou rad ou oubyen kò w, e si yo tonbe sou w, lave kote a san pèdi tan avèk savon ak dlo.

Mete abiman k ap pwoteje w

MW Ch5 Page 056-1.png
Si w pa gen abiman ki fèt pou pwotèje w kont san ak lòt likid, ou ka fè yo avèk sa w deja genyen yo.

Ou pa bezwen abiman ki chè pou w anpeche likid vole sou kò w, nan blese w, oswa nan bouch ak nan je w. Ou ka senpleman mete yon tabliye oubyen lòt chemiz pou dlo pa vole sou w. Pwoteje je w ak linèt oswa linèt pwotèj (tankou sa chofè taksi yo konn mete). Kouvri pye w pou w pa pile san oswa lòt likid.

Lave tout rad ki sou ou apre san, dlo oswa lòt likid ki soti nan kò moun tonbe sou yo. Si dlo ki soti nan kò moun tonbe nan je w oswa bouch ou, rense yo pandan plizyè minit avèk dlo pwòp oubyen dlo sèl.

Fè atansyon ak zegui

Si yon sereng te sèvi pou l bay piki, oswa yon zegui te sèvi pou koud yon dechiri nan vajen an, zegui a gen san ladan l. Si zegui sa a pike w pa aksidan, mikwòb ka enfekte w. Lè w kenbe yon zegui, pa kite tèt li bay sou w. Pa kite zegui ap drive atè.

Itilize chak zegui yon sèl fwa, apre sa voye l jete nan yon bwat pou jete zegui san danje. Ou ka jwenn zegui ki fèt pou sèvi yon sèl fwa, ki pa gen yon bouchon. Si w oblije itilize yon zegui yon lòt fwa ankò, mete bouchon an sou li avèk atansyon, apre sa mete l nan yon bokit ki gen dlo pwòp melanje ak klowòks jiskaske w pare pou w lave l epi esterilize l.

Ki jan pou w evite pike tèt pa w ak zegui

Pa sèvi ak men w pou w mete bouchon an sou zegui a. Depreferans, sèvi ak zegui a pou w pran bouchon an. Apre sa, pouse bouchon an pou w ka fèmen l nèt.
MW page 056 4.png
MW page 056 2.png
MW page 056 3.png


Note sa: Si yon zegui pike w pa aksidan, lave kote a imedyatman avèk dlo ak savon, oubyen avèk alkòl, epi jete zegui a kòrèkteman. Pa itilize menm zegui a pou yon lòt moun. .



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024