Hesperian Health Guides

Menopoz: Lè yon fanm rive yon laj, li sispann gen règ li

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

NWTND wmc Page 6-1.png

Lè fi ap granmoun, nan anviwon laj 50 ane konsa, rive yon lè yo pa regle ankò. Lè konsa, règ la kòmanse rate tanzantan pou kèk mwa anvan li rete nèt. Yo ka fè de mwa san gen règ. Yo ka bay ti san, oubyen yo ka bay plis san pase sa yo te konn bay.

Men lòt pwoblèm ki ka mache ak menopoz: tanperaman li ka chanje, li pa domi byen, li gen boufe chalè (li santi li cho anpil nan yon ti moman, oubyen li swe anpil). Siy sa yo parèt paske kantite òmòn nan kò yon fanm ap chanje. Kay pifò fanm, pwoblèm ki mache ak menopoz la ka ba yo traka, men yo ka diminye oubyen yo ka al fè wout yo nan kèk ane.

Vajen an (kannal fi) vin pi chèch e pi sere nan moman menopoz la. Fanm nan ka sèvi ak yon librifyan ki fèt ak dlo (likid ki pou mouye vajen an), tankou kracha oubyen jele K-Y. Konsa yo ka pi alèz lè y ap fè lanmou. Konsa tou, yo ka evite ti chire nan vajen an; se sa ki rive lè li twò chèch. Pa sèvi ak krèm oubyen lwil pou po, paske yo ka irite vajen an.

Lè fanm rive nan moman menopoz la, yo pa gen règ ankò. An plis, pòch ze yo pa pwodwi ze ankò; sa vle di fanm nan pa ka fè pitit. Men pandan tout yon ane apre li te wè denyè règ li, gen de fwa pòch ze a pwodwi yon ze. Konsa, yon fanm ka vin ansent menm si li pa t wè règ li pandan kèk mwa. Genyen de peyi kote fanm yo pran dèy, lè yo rive sou laj kote yo pa ka fè pitit ankò. Gen lòt peyi kote yo respekte fanm sa yo epi ba yo valè yo.

NWTND wmc Page 7-1.png