Hesperian Health Guides

Kansè kay timoun

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Timoun pa fasil pran kansè. Kalite kansè yo fè pi souvan se kansè nan san, lesemi (leucemie), oubyen kansè nan sèvo. Nòmalman li pi fasil pou trete epi geri kansè kay timoun pase kay granmoun.

Kay yon timoun, siy kansè yo pa klè. Li fè siy tankou : toutan l ap pèdi pwa, li gen maltèt ak vomisman nan maten, anflamasyon ak doulè ki dire sou li, lafyèv ki pa vle pase, mak ble ki dwòl, oubyen li senyen yon jan ki pa nòmal. Tout siy sa yo kapab siy yon lòt pwoblèm ki ka petèt grav oubyen ki ka pa twò grav. Si yon timoun gen pwoblèm sante ki dire sou li, fòk yo mennen li fè konsiltasyon kay yon ajan sante.

a boy with a swollen cheek.

Lenfonm Bikit (lymphome de Burkitt)

Se sitou ann Afrik ki genyen timoun ki pran kalite kansè sa a. Yon bò figi yon timoun ap gonfle, sou machwè anwo oubyen sou machwè anba a. Li pa sanble ak malmouton, ni ak glann anfle ki mache ak VIH, paske se yon sèl bò ki anfle, epi l ap anfle byen vit. Nan yon sèl jou boul kansè a ka vini 2 fwa pi gwo. Li pa fè mal, men lè li fèk mete pye li ka bay yon ti malèz. Kote ki anfle an, dan yo deplase, epi yo vin lach. Moun ka kwè se yon absè dan li genyen.

Yo trete kansè sa a ak chimiyoterapi. Si yo pran bonè ak trètman an, li konn bay rezilta ki bon anpil.



Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020