Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou soulaje gwo doulè kansè ka bay

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Sa ki bay doulè a, se ka kansè a li menm, oubyen se ka trètman kansè a. Pa egzanp, moun ki sou chimiyoterapi ka soufri ak bouch fè mal.

Tank kansè a ap avanse, se tank doulè a k ap mòde malad la ap vin pi rèd. Medikaman ki pi bon pou soulaje doulè a se medikaman ki fò anpil—morphine (mòfin) oubyen codéine (kodeyin). Pou medikaman sa yo toujou soulaje mal la, jeneralman nou oblije monte dòz la ti kras pa ti kras.

Lè moun kòmanse pran medikaman ki fò konsa (nakotik), yo gen dwa santi yo bezwen pran li toutan (adiksyon, depandans). Poutèt sa, nou ka mal pou nou jwenn yo. Leta epi menm ajan sante yo vin pè sèvi ak yo, paske yo pè pou moun sèvi mal ak yo, epi pou yo pa ka kontwole tèt yo nan afè dwòg. Pou moun ki gen kansè oubyen lòt maladi ki dire sou yo, sa fè yo soufri san nesesite. Òganizasyon Mondyal pou Lasante mete medikaman sa yo sou lis medikaman ki nesesè (Medicaments essentiels, Organisation mondiale de la Santé). Men nou dwe fè plis efò pou tout moun k ap soufri anba kansè oubyen lòt gwo doulè, pou yo ka jwenn medikaman sa yo. Se pou nou travay pou pa fè moun ki bezwen medikaman sa yo wont. Chak moun gen dwa jwenn soulajman pou doulè pa li.

Gen lòt fason pou kalme doulè kansè oubyen doulè trètman kansè ap bay la, tankou masaj, akiponkti (acuponcture) (yo pike kò malad la nan kèk pozisyon egzak ak plizyè zegwi ki fen fen), epi fizyoterapi (physiothérapie) (fè tout jwenti nan kò a fè mouvman, lonje yo, epi mete yo nan bon pozisyon).

Ki jan pou nou pran swen moun k ap mouri

Genyen kansè ki pa geri, epi sa pa gen anyen pou wè ak kote nou rete a ni ak konbyen lajan n ap depanse a. Si nou reflechi sou sa ki bon nan lavi a, menm si sa pa p geri kansè a, sa ka remonte moral malad la. Konsa li menm ak moun ki renmen li ap pi alèz. Epitou, sa ap bay malad la ak fanmi li fòs e kouraj pou fè fas ak sa ki rive a, kit li swiv trètman, kit li pa swiv li.

a family around the bed of a dying woman.

Si kansè a pa gen trètman, rive yon jou kote tout moun ap konnen se mouri l ap mouri talè. Nan moman sa a, fè malad la ak moun ki renmen li konprann ki sa ki pral rive. Ede yo prepare pou lanmò a. Fè malad la sonje n ap toujou la pou soutni li. Li ka bezwen medikaman pou kalme doulè a. L ap bezwen moun ki gen kè sansib pou soulaje soufrans lan epi adousi lanmò a. Pou aprann plis sou ki jan pou nou pran swen yon moun k ap mouri, al gade nan Ki jan pou nou okipe moun malad (chapit sa a poko ekri).


Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020