Hesperian Health Guides

Chapit 15: Premye semèn yo apre akouchman an

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 15: Premye semèn yo apre akouchman an

Nan chapit sa:

MW Ch15 Page 269-1.png

Nan kèk jou ak kèk semèn apre akouchman an, kò manman an ap kòmanse geri. Matris li dwe vin pi piti epi li sispann senyen. Lèt manman an dwe vini. Bebe a ta dwe aprann tete nòmalman, epi li dwe kòmanse gwosi.

Manman an ak pitit la bezwen pou yo kontinye jwenn swen apre akouchman an. Vizite yo omwen 2 fwa premye jou apre akouchman an, epi omwen yon fwa nan semèn apre a. Si w al wè yo pi souvan, w ap ka ede evite plis pwoblèm toujou. Vizite yo chak jou si w remake manman an oswa bebe a ap bay move siy.

Sa pou w fè pou manman an

Manman yo bezwen swen apre akouchman yo, menm jan ak tibebe yo.

Ede manman an pran swen tèt li

Apre akouchman an, kò manman an fatige epi matris li ouvri. Li fasil pou l pran enfeksyon, men li ka rete an sante si l fè bagay sa yo:


Gen zòn kote se koutim nan pou medam yo rete nan kabann ak bebe yo pandan 2 semèn oubyen plis apre akouchman. Sa se yon bon koutim paske li pèmèt manman an geri, sa ede li menm ak pitit la vin abitye youn ak lòt, epi sa pèmèt manman an rete lwen mikwòb ki deyò kay la. Si sa posib, manman an pa dwe travay di pou 6 semèn. Men, li dwe mache nan kay la enpe chak jou, menmsi l ap repoze.

Fè manman an ak mari l konnen yo dwe tann manman an fin senyen anvan yo rekòmanse fè sèks. Epi, se pou w pale ak manman an ak mari l sou zafè planin, paske fi a ka tonbe ansent ankò anvan lontan.

Veye matris manman an pou wè si l ap senyen


Apre akouchman an, manman an ka pèdi prèske menm kantite oswa pi piti kantite san li abitye bay lè l gen règ li chak mwa. Li ta dwe sispann bay san apre 2 oswa 3 semèn, men sa ka pran jiska 6 semèn.

Matris la ta dwe di, e chak jou li dwe vin pi di e pi piti.

6 lines showing the height of the womb, between the bellybutton and  the public bone.
Gade tablo sa a pou wè ki kote anlè matris la dwe ye apre akouchman an.
1 jou apre akouchman an
2 jou
3 jou
4 jou
5 jou
6 jou
  • Matris la mou oswa li gwo.
  • Manman an senyen anpil.
  • Manman an gen siy ki endike li nan eta chòk

Matris manman an

Si matris la toujou mou, fwote l jiskaske l vin fèm. Montre fanmi fi a kòman pou yo fwote matris la lè w pa la. Mande manman an pou l bay pitit la tete pi souvan, epi veye si l pap pèdi twòp san.

Anplis, manyen matris la pou asire l ap desann nan gwosè nòmal li. Tousuit apre akouchman an, matris la dwe nan mitan ant zo basen an ak lonbrik la. Jou apre a, li monte nan menm wotè ak lonbrik la, epi li dwe ratresi chak jou apre sa.

Si manman an ap senyen

Si manman an bay san ki ka mouye plis ke yon kotèks nan inèdtan, sanble l ap bay twòp san. Fwote matris la pou l ka ratresi. Fè fanmi an sonje manman an bezwen repoze. Souvan, travay twòp lakòz manman an senyen apre akouchman.

a man holding a baby and speaking to a woman who lies in bed.
Kite m pran swen pitit la pou w ka kontinye repoze.

Si metòd sa yo pa mache, ba l medikaman ki pou fè san an rete. Si l kontinye ap bay san, oswa si manman an bay siy ki endike li nan eta chòk, mennen l lopital tousuit.

Suiv pou wè si manman an bay siy enfecsyon nan


Tanperati li nòmal: anviwon 37°C (98.6°F).

MW page 271 1.png

  • Lafyèv, tanperati 38°C (100.4°F) oswa pi wo
  • Frison
  • Batman kè rapid
  • Senyen fò
  • Vajen an gen move sant oswa l ap senyen
  • Doulè vant
  • Li santi l malad


Si yon fi gen nenpòt nan siy sa yo apre akouchman, li ka gen enfeksyon nan matris. Enfeksyon nan matris danjere anpil. Yo ka touye yon fi byen fasil.

Si sa posib, yon fi ki gen enfeksyon nan matris dwe al lopital san pèdi tan. Yo ka fè egzamen pou wè ki antibyotik ki pou trete enfeksyon an. Si l pa ka al lopital, ou oblije trete l lakay.

Pou bay antibyotik lakay

Ou pap ka fin sèten ki kalite mikwòb ki bay enfeksyon an, se sa k fè w ap oblije bay li 3 kalite antibyotik ki pou touye plizyè kalite mikwòb. Si w pa gen toulè 3 antibyotik sa yo, pito w ba l youn oswa 2 olye pou w pa bay anyen ditou.

Kontinye ba li antibyotik yo jiskaske 2 jou pase san w pa wè siy enfeksyon an. Sa ka pran anviwon 5 jou antou.



Pou trete enfeksyon nan matris
MW Ch15 Page 271-2.png
MW Ch15 Page 271-3.png
  • Ba li 2 gram (g) “ampicillin”
nan mis, 3 fwa pa jou, apre sa ba li 1 g “ampicillin”, 4 fwa pa jou pandan anviwon 5 jou
epi
  • Ba li piki 80 miligram (mg) “gentamicin”
nan mis, 2 fwa pa jou
epi
  • Ba li 400 a 500 mg “metronidazole”
nan bouch, 3 fwa pa jou
Bay tout medikaman sa yo jiskaske fi pa gen fyèv pandan 2 jou (48 èdtan).
Lè lafyèv te ale pou 48 èdtan:
  • Ba li 100 mg “doxycycline”
nan bouch, 2 fwa pa jou pandan anviwon 5 jou
epi
  • Ba li 500 mg “metronidazole”
nan bouch, 3 fwa pa jou pandan anviwon 10 jou
oswa
  • Ba li 500 mg “amoxicillin/125 mg clavulanic acid”
nan bouch, 3 fwa pa jou pandan anviwon 10 jou

Veye manman an pou we si l fè enfeksyon nan vajen


Tout blese nan vajen an kòmanse geri, epi po vajen an pa ni anfle ni cho.

  • Doulè nan vajen
  • Vajen an ap bay pi oswa li gen move sant
  • Vajen an anfle, li gen kote ki wouj, oswa li gen yon boul di
MW Ch15 Page 272-1.png
 

Enfeksyon nan vajen pa grav menm jan ak enfeksyon nan matris.

Lave men w byen, mete gan nan men w, epi gade vajen fi a. Si w wè nenpòt nan move siy nou sòt site yo, li pwobab pou se yon enfeksyon. Si w wè pi, gade si pi a pap soti byen fon anndan vajen an. Si wi, li pwobab pou se yon enfeksyon nan matris.

Si pi a ap soti nan yon boul di oswa nan yon blese ki anndan vajen an, chèche èd nan men doktè, oswa suiv metòd ki pi ba a pou w ka retire pi a poukont w.

Pou w retire pi a

Jeneralman, yon twal ki cho e ki mouye ka rale pi a soti.

MW Ch15 Page 272-3.png
MW Ch15 Page 272-2.png
Si blese a tou ouvri

Mouye yon twal esterilize nan dlo ki te bouyi epi kenbe twal la sou kote ki enfekte a.

Si w konnen remèd fèy ki ka seche pi, mare yo nan yon twal ki esterilize oswa nan yon twal gaz esterilize, epi mare twal la yon jan pou fèy la pa tonbe. Bouyi remèd la tou mare, kite l frèt pou yon ti moman, epi peze l sou kote ki enfekte a.

Si w santi gen yon boul di ki rete anba po a

Si w santi yon boul di, li pwobab gen pi oswa san ki rete anndan l. Verifye boul la chak jou. Si l fè fi a mal oubyen l ap gwosi chèche èd nan men doktè.

Veye lot move siy

Janm manman an wouj, li rèd, l ap fè l mal, oubyen li anfle

MW Ch15 Page 273-1.png

Trè raman, apre yon akouchman, fi a gen san kaye nan janm li. Men siy ki montre sa rive l:

  • Yon janm oubyen yon pye anfle oswa li cho.
  • Doulè nan yon janm lè yo peze l oswa pandan fi a ap mache.
  • Yon janm ki gen yon kote ki tou wouj ki fè l mal.
  • Yon janm ki gen yon boul di.
MW Ch15 Page 273-2.png
Yon boul san kaye ka travèse nan poumon fi a epi li fè l enposib pou l pran souf.

San kaye ki anndan janm nan trè danjere. Si san kaye a dekole epi li mache nan venn manman yo, sa ka lakòz pwoblèm lòt kote nan kò l. Pa egzanp, san kaye a ka ale nan poumon l epi li fè l enposib pou l pran souf.

Si yon fi bay siy ki endike li gen san kaye, mennen l lopital san pèdi tan. Pandan w sou wout lopital la, fè fi a kouche ak janm li pi wo pase ranch li epi fè l rete san l pa fè mouvman. Mete twal cho sou kote ki anfle a, men pinga w fwote l ni pinga w ba l masaj. Ba li aspirin pou doule.

Pipi oswa poupou k ap koule san kontwòl

a woman with a wet spot on the back of her dress.
Fistil lakòz pipi koule.

Lè gen pipi oswa poupou k ap koule san kontwòl nan kò fi a, li ka gen yon twou nan po vajen l ki rele fistil. Tèt bebe a te fè twou sa a pandan akouchman an lè l te peze fò sou po ki separe vajen an ak vesi a, oswa sou po ki separe vajen an ak twou dèyè a. Presyon an sitèman fò, li rann po a mouri, e konsa yon twou vin fòme apre 3 a 12 jou apre akouchman an.

Jeneralman, fistil ka trete. Yon fistil ki piti ka geri poukont li: fi a dwe bwè anpil likid epi fè “beny fits” souvan. Si l itilize yon tib katetè pandan 3 semèn, sa ap pèmèt pipi pa rete nan fistil la pou l ka gentan geri.

Yon fistil ki pi grav oblije repare. Gen lopital ki ka fè operasyon sa a, nòmalan 3 mwa apre akouchman an. Ede fi a al lopital pou l ka jwenn swen.

Nou ka anpeche fistil rive

Fistil rive lè yon fi fè yon bann tan ak tranche. Si sa fè lontan depi yon fi gen tranche, pa rete ap tann. Mennen l lopital. Aprann plis sou ki jan pou evite fistil.

Bay manman an sipò nan domèn afektif

Li enpòtan pou bay manman an sipò nan domèn afektif tou. Koutim ak seremoni ki pou onore manman an oswa pou selebre akouchman an se bon fason pou moutre manman an li te fè yon bon travay pandan tranche a.

Sa pou w fè si manman an santi l deranje oubyen tris

Anpil fi gen santiman fò apre yo fin akouche. Sa nòmal. Genyen ki tris oswa yo enkyete yo pou plizyè jou, plizyè semèn, oswa plizyè mwa. Lè sa rive, ou ka ede manman an lè w koute l k ap pale sou santiman l, epi w fè l konnen santiman konsa nòmal.

Lè santiman tristès sa yo fò anpil, sa rele depresyon. Lè sa a, li ka difisil pou fi a pran swen tèt li ak tibebe l la. Li ka menm aji tankou moun fou. Yon fi ki fè depresyon bezwen èd. Li bezwen èd pou l pran swen kay li ak fanmi l, epi li bezwen èd pou santiman tris sa yo pase. Si sa posib, yon moun ta dwe rete ak fi a pou ede l epi pou asire li pa fè ni tèt li ni bebe a mal.

MW Ch15 Page 274-1.png

Anplis, gen koutim ak remèd tradisyonèl ki ka ede fi a santi l mye. Gen medikaman famasi pou sa tou. Medikaman famasi yo chè anpil epi yo ka bay lòt kalite pwoblèm, kidonk, yo dwe pran yo sèlman nan ka ki grav.

Si yon fi te santi l konsa nan akouchman anvan an, gen plis chans pou l gen menm pwoblèm nan apre akouchman sa a.




Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024