Hesperian Health Guides

Chèche rasin pwoblèm sante yo

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chèche rasin pwoblèm sante yo

Nan chapit sa:

Antanke fanmsaj, ou dwe chèche epi trete bagay ki lakòz pwoblèm sante yo. Pa egzanp, ann reflechi ankò ak istwa Celeste avèk Elena a. Rezon dirèk ki te lakòz fatig Elena a se te anemi. Si l manje plis manje ki gen fè, oswa petèt si l pran konprime fè, anemi a ap amelyore. Lè nou konnen ki sa ki lakòz pwoblèm nan, nou ka ede moun viv an sante oswa menm sove lavi yo, sitou nan ka dijans.

Li enpòtan anpil pou n trete bagay ki lakòz pwoblèm nan dirèkteman. Sepandan, si n trete sèlman kòz dirèk la, pwoblèm nan gendwa pa vrèman rezoud. Li ka tounen, oswa li ka afekte lòt moun nan kominote a. Souvan, se plizyè kòz ki mete ansanm ki bay yon maladi: kòz dirèk la, tankou mikwòb oswa manke fè, epi kòz ki rasin nan, tankou pwoblèm sosyal, pwoblèm ekonomik, oswa pwoblèm politik. Lè w jwenn rasin pwoblèm yo, ou ka evite pwoblèm yo tounen ankò.

Nan ka Elena a, gen anpil kòz ki rasin pwoblèm li a. Celeste te ka jwenn kèk nan kòz sa yo poukont li. Men, pi bon toujou, Celeste ak Elena ka fè rankont ak yon gwoup moun nan kominote a pou panse ansanm sou pwoblèm nan, paske se pa sèlman Elena ki gen pwoblèm anemi a, se tout kominote a.

Celeste asking questions and a group of women answering.
Poukisa Elena te fatige?
Paske li te fè anemi.
Men, poukisa li te fè anemi?
Paske li pa t manje ase manje ki gen fè.
Men, poukisa li pa t manje bagay ki gen ase fè?
Li pa t konnen ki manje ki gen fè.
Men, ki lò t rezon ankò ?
Li pa t kapab achte vyann.
Men, poukisa li pa t kapab achte vyann?
Paske li pòv. Li menm ak mari l travay tè, epi yo pa fè anpil kòb.

Apre w fin mande tout moun “poukisa” nan fason sa a pandan kèk tan, w ap twouve gen plizyè rezon ki fè Elena te fè anemi. Egzèsis sa a montre tou poukisa anemi se pa yon pwoblèm pou Elena sèlman, men pou pifò medam nan bouk la. Vrèmanvre, se yon pwoblèm pou pifò medam ki rete nan ti bouk ak nan kominote pòv toupatou sou tè a.

Pote chanjman nan kominote w ap viv la pou evite pwoblèm sante

Si nou chèche epi trete kòz ki rasin pwoblèm yo, n ap ka evite pifò lanmò ak lòt malè ki rive pandan medam yo ansent oswa pandan y ap akouche. Sepandan, pou sa fèt, yon kominote bezwen gade pi lwen pase pwoblèm chak fi genyen poukont yo. Fòk yo wè danje ki afekte tout medam yo pandan yo ansent oswa pandan y ap akouche. Epitou, sèvi avèk kapasite chak manm kominote a pou pwoteje sante medam yo.

Fanmsaj ki gen plis eksperyans nan akouchman ka di lòt moun nan kominote a poukisa anpil fi ap mouri oswa yo domaje pandan akouchman an. Fanmi, fanmsaj, lòt pwofesyonèl lasante, avèk manm kominote yo ka travay ansanm pou yo pote chanjman, swa piti swa gwo, pou yo ka amelyore sante tout moun. Lè chak moun nan kominote a mete men nan zafè sante, nou ka fè plis lontan pase sa yon sèl fanmsaj ta ka fè.

Ki jan pou w kòmanse

Kèk nan pwoblèm ki lakòz pwoblèm sante grav medam yo se pa gen bon kalite manje, pa gen bon dlo potab, difikilte pou jwenn mwayen transpò nan ka dijans, epi bwè twòp alkòl. Tout pwoblèm sa yo ka pi byen rezoud lè yo pa konsidere yo tankou pwoblèm yon sèl moun, men pito lè tout kominote a travay ansanm pou yo pote chanjman. Sepandan, li ka difisil pou konnen ki kote pou kòmanse. Yon bon premye pa se reyini ak manm kominote a pou fè yon chita pale. Si w bay fanm ansent yo kou sou akouchman, si w reyini avèk lòt fanmsaj, oswa si w se manm yon gwoup legliz oubyen manm yon lòt gwoup kèlkonk, ou ka sèvi ak gwoup sa a pou chèche rezoud pwoblèm.

a health worker writing a list in front of a group of women; one woman speaks.
Konprime fè fè m sere.

Premyèman, site pwoblèm w ap fè fas avè l la.

4 people speaking in a group of 5 men and women.
Nou tout te li kòman pou nou rete an sante lè nou ansent. Men, se pa tout moun ki ka fè bagay sa yo. Poukisa?
Nou toujou oblije tann plizyè èdtan anvan pou nou konsilte nan klinik la.
Ki jan pou nou manje byen si nou pa gen lajan pou n achte manje?
Mwen pa renmen legim.


Apre w fin site kèk pwoblèm ki nan kominote a, chwazi sou ki sa nou pral travay anvan an. Nou gendwa chwazi swa pwoblèm ki pi komen an, swa pwoblèm ki pi grav la, swa pwoblèm ki pi fasil pou rezoud la. Fè yon lis tout bagay gwoup la panse ki ka ede nou ak pwoblèm sa a. Ansuit, konsantre nou sou solisyon moun nan gwoup la ka aplike.

each of the 5 men and women speaking.
Nou dakò tout kominote a ka ede fanm ansent yo manje pi byen. Men ki jan sa ka fèt?
M ta ka plante kèk legim vèt nan chan kafe a.
Nou dwe pale ak mèt boutik la. Li dwe vann plis pwa ak diri, epi mwens tafya!
Nou ta ka fè yon jaden pou tout kominote a.
Nou ta ka gade poul.
a man in the group speaking.
Mwen ka bay lajan semans yo, men nou tout dwe travay ansanm pou n plante epi pou n pran swen jaden an.

Fè yon plan. W ap bezwen deside kiyès k ap fè chak travay, ki sa y ap bezwen pou yo fè l, epi ki lè pou yo fè l.

Asire w nou reyini ankò pou n pale sou kòman plan an ap mache.

4 people in the group speaking.
Grenn yo ap pouse byen. Tout moun patisipe youn apre lòt pou wouze yo.
Poul yo kòmanse ponn ze.
Mwen te pale ak mèt boutik la, li di li pap vann pwa. Pa gen ase benefis sou li.
Annou tout al wè mèt boutik la ansanm. Si nou di l nou pap achte nan men l ankò, li ka dakò sa nou mande a.


Fanmsaj ka pote chanjman

Fanmsaj yo ak medam y ap sèvi yo ka fè fas ak nenpòt pwoblèm sante, soti nan pwoblèm senp tankou noze, pou rive nan pwoblèm grav tankou emoraji. Men, lè fanmsaj chèche avèk swen pou yo jwenn rasin pwoblèm yo, yo sèvi ak bon jijman yo, epi yo sèvi ak sipò kominote a, yo ka rezoud prèske nenpòt pwoblèm, menm sa ki pi difisil yo.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024