Hesperian Health Guides
Remèsiman
Pou Laurie Richarson ki pa janm bouke bay patisipasyon l sou tout wout pwojè a.
Pou tout òganizasyon ak pwofesyonèl sa yo ki te aksepte patisipe nan teste liv la san kondisyon, nou vle pale de:
- SOE (Sèvis ekimenik ak antrèd)
- Lig Pouvwa Fanm
- CES (Sant edikasyon espesyal)
- SPI (Sendika pèsonèl enfimye)
- LAC (les amis de la culture)
- Konbit fanm an Aksyon nan Jeremi
- GRAEFES
- Mme Marjorie Clermont Mathieu
- Dr. Frantz St. Vil
- Dr. Gary Alexis
- Danielle Magloire
Pou Jean Wilner Steve ki tradui liv sa a soti nan lang angle pou metel nan lang manman nou.
Pou Marie Alice Louis Jean St. Vil ki envèsti tan l pou te rantre tout 31 chapit yo sou òdinatè.
Pou Neptune Jean-Lorcy ki apsepte reyalize travay edisyon, konsepsyon ak foto konpozisyon liv la.
Pou Andre Charlier ki batay san pran souf pandan plis pase 2 mwa pou te verifye adaptasyon lespri tèks la nan yon bon jan otograf kreyòl.
Pou Guy Renaud ki te pran plezi retravay kèk desen nan liv la pou nou ak reyalize konsèpsyon kouvèti liv la.
Pou Wyslande Louis ki bay yon gwo konou nan loreksyon final tèks la.
Ayibobo pou Elena Metcalf, Susan McCallister ak Lora Santiago ki travay san pran souf bò kote Todd Jailer nan Hesperian pou fini ak foto konpozisyon liv la. Anfen, nou vle wete chapo n pou n salye konkou:
HESPERIAN FOUNDATION, FOKAL, CHRISTIAN AID, UNITARIAN UNIVERSALIST, SILOE PROJECT FOUNDATION, OPEN SOCIETY INSTITUTE ki mete ak APROSIFA pou pèmèt nou reyalize pwojè sa a.
APROSIFA voye yon ochan pou nou tout nan non Fanm yo.
De mo silvouplè
Kote Fanm pa jwenn Doktè se yon zouti ki dwe pèmèt fanm yo reflechi plis sou kòz pwoblèm sante yo. Si APROSIFA pran responsabilite pou mete pwojè sa a jouk nan bout, se douvan enpòtans liv lan reprezante pou fanm nou yo lò nou menm kò m travayè sante gen konsyans nan ki eta degradasyon koze laswenyay ye anndan peyi sa a.
Jisteman, Kote Fanm pa jwenn doktè, vle di kote fanm pa jwenn lasante. Se pa yon liv ki chita senpman sou kouman pou yo geri kèk maladi, men pito, yon liv k ap mennen fanm yo idantifiye rasin pwoblèm sante yo nan sosyete y ap viv la e an menm tan, trase wout pou yo pran men yo pou chèche rezoud yo nan yon demach lasante tout bon.
Atansyon!!!
Kote Fanm pa jwenn Doktè, pa vle di yon solisyon tou fèt yo lage nan men fanm yo pou ranplase doktè yo pa ka jwenn. Kòm ki dire, kou yo ta malad, pou yo ta chèche louvri liv la pou al chèche renmèd. Nan yon demach veye sou sante yo, fanm yo dwe kapab jwenn tout kalte enfòmasyon nesesè pou pwoteje lavi yo. Sepandan, se dwa tout fanm pou l jwenn doktè pou bali laswenyay. Okontrè, refleksyon ki chita anndan liv sa a, ta pito enterese fanm yo wè ki wout pou yo pran pou yo fè sistèm sante a chita nan enterè lavi moun.
APROSIFA envite tout Oganizasyon Fanm, tout ONG k ap travay ak fanm, tout mouvman peyizan, tout mouvman ouvriye, tout òganizasyon k ap travay nan alfabetizasyon ak Fanm... pou sèvi ak zouti sa a pou mennen fanm yo ranmase responsabilite yo pou chanje kondisyon lavi yo.
Pou Konsèy Administrasyon APROSIFA:
Rose-Anne Auguste Fondatris/manm Konseyè APROSIFA