Hesperian Health Guides
Pou rete san nan tibebe ki fèk fèt yo
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Chapit 27: Ti bebe ki fèk fèt ak bay ti bebe tete > Pou rete san nan ti bebe ki fèk fèt yo
Tibebe ki fèk fèt yo ak bay tete: Medikaman
Vitamin K, fitomenadyòn, fitonadyòn
Yon kò itilize vitamin K pou san kaye ak sispann senyen. Men tibebe yo fèt san vitamin K, se konsa si yo kòmanse senyen li ka dejenere. Si yon tibebe ki fèk fèt kòmanse senyen nan nenpòt pati nan kò li (bouch, lonbrik, tou dèyè) ou ka ba li vitamin K pou evite li pedi plis san. Ou ka bay vitamin K tou tibebe piti oswa tibebe ki fèt anvan lè (mwens ke 2 kilo) pou evite li senyen paske yo pi souvan ap senyen. Vitamin K pa rete san pou timoun ki gran oswa granmoun.

Enjekte 1 miligram (yon 1 miligram anpoul, oswa ½ nan 2 miligram anpoul) vitamin K nan yon pati deyò kwis la nan period 2 zèdtan apre nesans.