Hesperian Health Guides

Moun ki pa wè byen, ak linèt

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Genyen anpil timoun ak granmoun ki pa ka wè byen. Yo ka gen difikilte pou rekonèt moun oubyen pou li yon pankat ki lwen. Oubyen yo konn pichpich je yo pou yo ka wè pre. Lè y ap li, sa ka bay maltèt, oubyen fè yo wè twoub. Sa ka rive anvan yo vin konnen ke se linèt ki pou regle pwoblèm sa yo. Ak linèt ki ale byen ak je yo, nou ka wè pi klè. Mande si pa gen pwogram nan zòn pa nou an kote yo kontwole vizyon moun, epi kote yo fe kado linèt oubyen yo vann yo bon mache.

NWTND eye Page 27-2.png

Jan yon moun wè ap chanje souvan. Nou ka oblije chanje linèt nou chak detwa ane.

Yon fanm, ak yon timoun k ap pote linèt, ap pale ak yon lòt fanm
Anvan, m pa t vle kite Sarita pote linèt li toutan paske m te pè pou li pa kase yo. Men koulye a m vin konnen li gen pou pote yo tout lajounen pou li ka wè byen.

Kontwole vizyon yon moun pou konnen kouman li wè lwen

Y ap tyeke vizyon yon timoun ak yon tablo '«E» '; yo plake tablo «E» a nan yon palmis.

Sèvi ak yon tablo «E» (E ki tonbe). Tablo a fèt ak yon gwo lèt «E» ki tonbe nan toulekat sans. Twa dwèt E yo ka pwente anwo, anba, ak sou chak kote. (Klike isit pou jwenn yon Tablo E pou enprime.) Kontwole chak je apa ; fè moun nan kouvri lòt je a ak men li oubyen ak yon fèy papye epè. Moun nan gen pou gade chak ranje, epi sèvi ak lòt men an pou montre nan ki pozisyon lèt E a ye, si dwèt yo pwente anwo, anba, oubyen sou kote. Lè yon moun rive sou dènye ranje kote li ka li, sa se mezi vizyon li. Pa egzanp, si yon moun ka li pifò lèt nan yon ranje lèt ki etike 6/12, men li pa rive li mwatye nan ranje ki pi piti a, nou di li gen vizyon 6/12.



 Yo fè nou wè ki jan pou nou sèvi ak dwèt nou yo pou montre si dwèt ki nan lèt E a pwente anwo, anba, a gòch, oubyen a dwat.
Lonje dwèt ou yo pou montre si dwèt ki nan lèt E a pwente anwo, anba, a gòch, oubyen a dwat.
NWTND eye Page 28-2.png
Enprime tablo sa a sou papye ki pou ekri lèt. Fè moun nan kanpe yon distans 3 mèt ak tablo a.

Si yon granmoun pa kapab wè lwen byen (li pa ka li lèt ki nan ranje 6/18 oubyen lèt ki pi piti yo nan tablo a), fè li wè yon doktè je. Asire nou ke timoun lekòl kapab li lèt ki nan ranje 6/12. Gen de fwa, lè yon timoun pa pase lekòl, se sèlman paske li pa kapab wè lwen. Si li jwenn linèt, l ap fè pwogrè.

Yo fè «tablo E» nan divès gwosè ; genyen ki pou sèvi a distans 6 mèt, 3 mèt, oubyen lòt toujou. Epitou, genyen «app» (aplikasyon) sou telefòn ki bay divès gwosè lèt «E» pou moun ka fè yon kontwòl pou vizyon an san tablo. Pou jwenn rezilta ki egzak, fè atansyon pou nou fè kontwòl la jan yo di pou nou fè l la, ak tablo a oubyen ak telefòn nan. Mezire ak swen distans yon moun gen pou kanpe ak tablo a.

Linèt pou li

 Yon granmoun fanm ki pote linèt pou li ka fè pwodui atizanal

Moun ki gen plis ke 40 ane kapab mal pou yo wè ase byen pou fè travay ki mande pou yo wè pre, tankou li, triye grenn, oubyen file yon zegwi. Lè nou sèvi ak linèt pou li, yo fè bagay ki tou pre parèt pi gran. Nou jwenn yo nan divès fòs. Linèt ki gen etikèt +1 fè bagay ki tou pre parèt yon ti kras pi gran, +2 fè yo parèt pi gran toujou, epi +3 fè yo parèt pi gran nèt. Eseye chak kalite linèt ; li nan yon liv, oubyen file yon zegwi pou wè ak ki linèt ou ka fè l pi alèz.

Si yon moun gen difikilte pou l wè pre, an plis, li gen difikilte pou l wè lwen, linèt pou li kapab pa rezoud pwoblèm nan. Voye l al fè konsiltasyon nan yon klinik pou je, pou chache konnen pouki sa li pa ka wè byen.

Vè kontak ak operasyon ki pou korije jan yon moun wè

Vè kontak se ti lantiy plastik tou piti. Moun mete yo dirèkteman nan je a pou fè yo ka wè pi byen, menm jan ak linèt. Lè yon espesyalis je fin fè yon kontwòl pou vizyon an, li kapab ede ou jwenn vè kontak ki va bon pou je ou. Pa sèvi ak vè kontak ki fèt pou yon lòt moun. Pa dòmi ak vè kontak sòf si yo fèt pou rete nan je lannuit. Genyen anpil kalite vè kontak, epi chak gen kalite likid ki pou netwaye yo, desenfekte yo, rense epi sere yo. Pa sèvi ak likid ki fèt lakay pou okipe vè kontak ou.

Menm si vè kontak yo kapab bon, yo ka bay gwo pwoblèm si nou pa okipe yo epi sèvi ak yo jan nou dwe a. Pou evite enfeksyon, toujou lave men ou anvan ou manyen vè kontak yo. Si je ou yo pike ou, oubyen si yo enfekte, pa sèvi ak vè kontak jis je yo fin geri. Lave epi dezenfekte vè kontak yo anvan ou mete yo ankò. Si rebò vè kontak la chire, pa sèvi avè l. Si ou gen doulè nan je a, li boule ou, li bay pi, li wouj yon jan dwòl, oubyen ou wè twoub, se ka yon siy danje, tankou yon grafouyen, yon ilsè nan glas je a, oubyen yon lòt pwoblèm ki grav. Chache konkou bò kote yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon.

Genyen de moun ki pa wè byen kote yo ka korije l ak yon operasyon ki fèt ak lazè (laser) (ki sèvi ak yon reyon limyè ki fò anpil, olye pou yo sèvi ak yon bistouri, yon zouti ki pou koupe). Se pa menm bagay ak operasyon yo fè pou katarak, epi li ka koute byen chè. Anvan ou depanse lajan, li bon pou ou pale ak lòt moun ki te jwenn bon rezilta bò kote menm doktè a.

Moun ki avèg oubyen moun ki pa wè byen, epi pa gen trètman pou yo

Genyen moun ki avèg depi yo fèt. Gen lòt ki pa wè byen, men linèt, operasyon, oubyen medikaman pa ka fè anyen pou yo.

Moun gen dwa aprann asepte ke yo avèg oubyen yo pa kapab wè byen. Si moun nan fanmi an ak moun nan kominote a soutni yo, moun ki avèg kapab al lèkòl, yo kapab degaje yo ase byen nan lavi a, epi fonde fwaye pa yo.

 Yon fi k ap mache deyò epi k ap suiv yon lantiray ki fèt ak yon kòd ki mare nan kèk poto
Yon pankat devan kay la ki di «Atansyon, gen yon timoun avèg»

Men sa nou ka fè pou rann lavi pi agreyab e pi asire pou yon moun ki pa wè byen oubyen ki avèg :

  • Prezante ou ba li lè ou pale avè l, pale dirèkteman avè l, epi fè li konnen lè w ap pati.
  • Kite l pran koud ou lè n ap mache ansanm. Konsa ou ka mete li angad, epi kondwi l kote ki pa gen danje. Se pi respektab pase pou ou pran men li oubyen rad li pou fè l avanse.
  • Fè balistrad oubyen fikse kòd pou li ka swiv yo ; konsa li ka jwenn latrin nan oubyen lòt kote li gen pou pase souvan.
  • Pa deplase mèb oubyen lòt bagay nan kay la, nan lekòl, oubyen kote li travay la. Fè l konnen si nou oblije deplase yon bagay.
  • Pran prekosyon lè nou kondwi machin oubyen moto bò kote kay yon moun ki avèg. Mare yon klòch sou yon bèf oubyen sou lòt bèt pou mete yon moun avèg angad.


Timoun andikape, timoun avèg ladann tou, yo pi sou chans pou moun maltrete yo, menm gagote yo, pase timoun ki kapab wè. Fanmi yo ak kominote a dwe pwoteje timoun andikape pou yo ka viv an sekirite, sitou lè yo tou jenn.

Al gade nan liv Hesperian yo : Aide aux enfants aveugles, oubyen Helping Children who are Blind ; isit nou ka aprann plis sou ki jan jenn timoun yo ki pa wè byen kapab aprann pran swen tèt pa yo, al lekòl, epi mennen lavi ki bèl. Se bagay enpòtan anpil pou aprann timoun yo deplase, fè yo konprann zòn anviwonnan yo, epi fè yo jwenn ladrès yo bezwen pou reyisi nan lavi. Al gade nan liv la A Health Handbook for Women with Disabilities pou aprann ki jan ajan sante yo, fanmi ak kominote yo kapab soutni moun ki andikape pou yo jwenn pi bon sante e pi bèl lavi.


Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020