Hesperian Health Guides

Blese nan je ak ka ijan

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Genyen de pwoblèm je, tankou blesi, nou konnen san dout se ka ijan yo ye. Genyen lòt pwoblèm je ki gen lè pa twò grav, tankou maladi oubyen enfeksyon, men si nou wè siy ki montre gen danje epi nou pa okipe yo, pwoblèm sa yo ka byen vit fè yon moun pa ka wè ankò.

Pwoteje je a. Fè moun nan kouri al jwenn doktè si nou wè siy ki montre danje :

Siy ki montre gen danje :
  • Yon moun pèdi vizyon li sanzatann nan youn oubyen toulede grenn je li.
  • Yon blesi ki koupe boul je a oubyen po je a.
  • Yon blesi kote nou wè san dèyè glas je a
  • Gwo doulè nan je ak yon tach koulè grizat sou glas je a (glas je a kouvri glè je a). Trete l ak pomad antibyotik pandan nou nan wout pou al kay doktè. Se ka yon ilsè nan glas je a.
  • Gwo doulè anndan je a. Se ka iritis oubyen yon kriz glokòm.
  • Pi dèyè glas je a.
  • Kay tibebe oubyen timoun yo, nwa je a pèdi koulè nwa li ; li tounen koulè blan oubyen twoub.
  • Gen de lè moun wè kèk ti tach k ap deplase devan je yo. Yo pa grav epi nou pa bezwen okipe yo. Men si nou wè yon bann tach ki rete konsa yo parèt an kantite, epi nou wè ekla limyè, se ka retin nan ki sou andann je a ki dekole. Fòk yo fè li operasyon san pèdi tan pou l pa pèdi je li.
  • Yon moun rete konsa li kòmanse wè doub, sitou si se toulede grenn je yo ; genyen kèk kalite pwoblèm ki bay siy sa a.


An plis, si yon moun ki gen je li yo enfekte oubyen anfle, li gen tan trete l ak pomad oubyen gout antibyotik pandan 4 jou, men malgre sa nou pa wè yon kòmansman gerizon, se yon ka ijan.

NWTND eye Page 8-1.png
Si sa rive nou sanzatann, se yon siy ki fè nou konnen nou ka nan gwo pwoblèm.

Blesi nan je

Nenpòt bagay ki file oubyen ki kapab grafouyen je a, tankou pikan, branch bwa, oubyen moso metal nou jwenn nan faktori oubyen lòt kote moun travay, yo kapab bay gwo blesi nan je. Pou blesi a pa fè yon moun pèdi je a, chache yon ajan sante ki byen fòme ki pou trete l. Menm ti grafouyen oubyen ti fann yo kapab enfekte epi donmaje je a, si nou pa okipe yo byen. Yon blesi ki anndan je a se pi gwo danje.

Si yon moun pran yon gwo kou nan je, yon kout pwen, yon kout wòch, oubyen yon kou ak nenpòt bagay ki di, li ka pèdi je a. Lè youn oubyen 2 jou fin pase depi li te pran kou a, epi je a kòmanse fè mal anpil, se ka yon kriz glokòm l ap fè.

Siy ki montre gen danje :
  • Moun nan pa wè byen nan je ki blese a.
  • Genyen yon pikan, eklis bwa, oubyen lòt bagay ki kole nan je a.
  • Blesi a byen fon.
  • Genyen san oubyen pi anndan je a, nan wonn ki gen koulè fonse ki nan mitan je a.
  • Nwa je a rete menm gwosè lè nou flache je a ; li pa reyaji.
 Yon fanm ki gen yon mak nan je li
Si nou pote yon moun sekou ki te pran yon kou, chache konnen si gen moun ki t ap maltrete l, oubyen si li toujou an danje. Si yon moun pase anba move trètman, lakay oubyen kote li travay la, nou gen pou pote l sekou. Al gade nan Kote Fanm pa jwenn Doktè, chapit 18.
Trètman

Mete gout antibyotik nan je a si nou genyen. Pou bande je a, kouvri l ak yon kòne ki fèt ak papye ki epè, tache l ak adeziv, epi kouvri l ak yon bandaj san sere l. Fè li wè doktè.

Si nou pa wè okenn siy danje epi li ka wè byen ak je ki blese a, trete l ak antibyotik pou je. Kouvri je a yon jan lejè ak yon pansman pou je, epi tann youn oubyen 2 jou. Men, si li pa kòmanse refè, chache konkou doktè.

San ki soti dèyè glas je a

Yon je ki gen san anndan li ki kouvri glè a pa anba
Lè gen san dèyè glas je a, se yon siy danje.

Lè gen san nan glè je a (pati nan je a ki gen koulè), se yon siy ki montre gen danje. San an bare dèyè glas je a, epi li ka kouvri glas je a. Moun nan pa p ka wè byen epi sa ka fè li mal. Sa konn rive lè yon bagay ki gen fòs, tankou pwen yon moun oubyen yon wòch, frape je a. Voye moun nan wè yon doktè je san pèdi tan. Pandan li nan wout, fè l chita toudwat pou san an pa bouche vizyon li.

Si gen san nan blan je a, pa fasil gen danje nan sa. Li pral fè wout li nan kèk senmenn.

Pi dèyè glas je a

Desen yon je ki gen pi ki bare dèyè glas je a

Lè gen pi dèyè glas je a, sa vle di, ant glas je a e glè je a (pati nan je a ki gen koulè), se yon siy ki fè konnen gen danje pou je a. Pi a fè nou konnen je a ap fè gwo anflamasyon. Sa ka rive paske gen yon ilsè nan glas je a, oubyen aprè yo fè operasyon nan je a. Pase pomad antibyotik nan je a.

Blesi nan je ki fèt ak pwodui chimik

Pwodui ki pou fè netwayaj, pwazon ki pou touye ti bèt, gaz oubyen lòt kabiran, asid batri, lacho, oubyen lòt pwodui chimik, si yo antre nan je a, yo blese l touswit. Fòk nou aji vit.

Yon fanm ki kouche, tèt li panche sou yon bò, yon dezyèm fanm k ap eseye kenbe je a ouvè, epi yon twazyèm k ap vide dlo nan je a
  1. N ap bezwen anpil dlo pwòp pou vide nan je a.
  2. Mete moun nan kouche.
  3. Pwodui chimik la ka kwense anba po je a. Kenbe je a ouvè (moun ki blese a oubyen yon lòt moun ka ba ou yon kout men) pandan w ap vide dlo a dousman nan je a pou rense l.
  4. Pandan w ap lave pwodui chimik la, pa kite dlo a soti nan yon je antre nan lòt la. Si gen yon sèl je ki blese, panche tèt la sou yon bò pou dlo a koule desann sou bò tèt la nan direksyon zòrèy la. Si toulede je yo te pran nan pwodui chimik la, kage tèt la dèyè, epi vide dlo sou nen an pou fè l desann nan toulede je yo nan menm tan an.
  5. Kontinye vide dlo dousman nan je a, oubyen nan je yo, pandan 15 - 30 minit pou pi piti. Menm si pwodui chimik la sanble lave nèt, li kapab toujou ap fè donmaj.
  6. Lè nou fin rense l, pase pomad antibyotik nan je a oubyen je yo, epi fè l wè doktè.
Lapolis ka sèvi ak pwodui chimik tankou gaz pwav oubyen gaz lakrimojèn ki fè je yo pike yo oubyen ki donmaje yo. Si n ap pote moun sekou, rale kò nou pi vit ke posib, epi lave je moun yo ak dlo. Al gade Zam lapolis, nan chapit Premye Swen.
Alt= Manifestan yo k ap kouri, k ap touse, epi k ap kouvri figi yo.

Pwoteje je yo lè yo blese oubyen lè y ap geri

Lè yon moun blese nan je, nou ka sèvi ak yon kòne pou pwoteje je ki blese a pandan moun nan nan wout pou al chache sekou. Kòne a ap fè l sonje pou li pa fwote je a menm pa aza ; konsa l ap anpeche blesi a vin pi mal.


Fè yon kòne pou je :

1. Pran yon fèy papye epè oubyen yon fèy katon fen ki pwòp. Trase yon wonn sou papye a epi koupe l.
NWTND eye Page 12-1.png
2. Koupe yon liy dwat pou rive nan mitan wonn nan; fè yon ti twou nan mitan.
NWTND eye Page 12-2.png
3. Mete l nan fòm yon kòne.
NWTND eye Page 12-3.png
4. Tepe kòne a, anndan ak deyò.
NWTND eye Page 12-4.png
5. Tache kòne a sou je ki blese a, ki byen fèmen ; sèvi ak adeziv ki kole byen ak po a.
Fè l fèmen je a, epi kouvri l ak kòne a ; tache l ak adeziv ki kole byen ak po a.

Si nou pa kapab fè yon kòne, oubyen je a pa blese grav, sèvi ak yon pansman pou je. Si yo te fè yon moun operasyon sou je a, ede l chanje pansman an souvan. Si li bay siy enfeksyon, tankou li wouj epi li swente, fòk nou jwenn trètman touswit. Nan yon ka konsa, si nou kouvri je a, li ka vin pi mal toujou.

Ki jan pou nou fè yon pansman pou je

1. Lave men ou byen ak dlo e savon.td>
Yon mesye ak yon pansman sou je li
2. Pa kite men ou touche ak je a.
3. Mande moun nan fèmen toulede je yo pandan w ap mete pansman an sou je a.
4. Kouvri je a ak twal gaz esterilize oubyen ak yon twal ki byen pwòp ; koupe twal la nan yon kare (6 santimèt chak bò).
5. Mete youn oubyen 2 lòt kare sou je a ; sèvi ak adeziv ki kole byen ak po a, koupe l nan lèz long, epi tache pansman an avèk yo.



Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020