Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou anpeche marengwen yo peple

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Chak kalite marengwen gen kalite dlo kote yo peple. Lè nou touye marengwen granmoun yo, yo pa ka pike moun ni peple ankò. Men sa ki pi efikas se detui ze ak ze lav ki eksploze nan dlo, oubyen seche dlo kote yo ka peple.

Marengwen, ki fè gaye lafyèv deng, lafyèv jòn, Zika, ak chikougounya, yo peple nan dlo pwòp k ap dòmi. Si marengwen yo jwenn dlo konsa, y ap ponn ze. Nan de (2) jou, ze yo eksploze nan fòm ze lav, ki viv anba dlo a. Nan 4 jou an plis, ze lav yo kòmanse tounen marengwen ak zèl. Nan 2 jou ankò, yo ka vole ale. Si chak 8 jou nou ta debarase katye a ak tout dlo k ap domi, marengwen yo pa ta kapab peple paske ze yo pa p eksploze.

Marengewen ki simen malarya ponn ze yo nan dlo tou — kèk fwa nan yon ti dlo dous anndan oubyen tou pre kay moun, menm jan ak marengwen lafyèv deng. Men yo peple tou nan ma dlo ki pi gwo, nou pa ka vide yo oubyen plen yo. Si gen marengwen bò kote oubyen anndan kay nou, li toujou bon pou nou wete, vide, oubyen byen kouvri tout kote dlo ap chita oubyen kote nou sere l.

 People in a village.
Asire nou ke dlo a ka koule byen nan tout rigòl.
Mete moustikè sou tout fenèt ak pòt.
Ranmase dlo lapli pou l pa fè ma, epi kouvri veso kote nou sere dlo.
Veye pou nou toujou kouvri veso byen fèmen kote nou sere dlo.
Asire nou ke dlo pa ka chita bò kote pi dlo ak tiyo dlo.
Debarase kominote a ak vye bwat, ti mamit, vye kawoutyou machin, ak vye veso kote dlo ka chita, epi ranpli nenpòt ti twou.
Genyen kèk kote yo sèvi ak metòd biyolojik, pa egzanp, ak mikwòb yo rele Bti (Bacillus thuringiensis israelenis), pou touye ti marengwen san yo pa fè dega nan anviwònman an.

Debarase nou ak tout kote marengwen ka peple, bò kote kay yo ak nan katye a

a woman with a baby on her back talking to a child while collecting chicken eggs
Se sezon marengwen koulye a; poutèt sa, chak 8 jou m lave bòl dlo a byen lave pou ze marengwen yo pa kapab eksploze.

Deyò kay la : Debarase nou ak tout kote dlo ka chita, tankou vye kawoutyou machin, po flè, doum lwil, rigòl, ti veso plastik oubyen jwèt timoun, epi menm kapichon. Fè sa chak 8 jou pou pi piti. Si tèt kay yo an pant, ak yon sistèm pou ranmase dlo a, dlo lapli pa ka fè ma dlo nan tèt kay la ni atè a ; sa fè marengwen yo pa ka peple la. Plen twou nan dèyè pyebwa kote dlo ka chita, epi plen ti twou nan kloti yo, sitou kloti ki fèt ak banbou.

Kominote yo sèvi ak anpil kalite materyo pou fè atrap marengwen ki rale yo vini, epi ki touye yo ak ze yo. Yon kalite atrap marengwen sèvi ak bout vye kawoutyou machin; pou anpeche marengwen yo peple, yo ta oblije netwaye yo kanmenm.

Anndan kay la : Chak 8 jou, chanje dlo ki nan po flè epi veso kote bèt yo bwè. Si nou pa fwote yo byen, ze marengwen yo ka kole sou veso yo, kote yo ka rete vivan pandan de mwa jiska gen dlo ki pou fè yo eksploze.

NWTND mosq Page 24-2.png

Deyò ak anndan kay la : Toujou kouvri veso dlo yo byen sere pou marengwen yo pa ka antre ponn ze yo la. Si gen ze la epi yo eksploze, kouvèti a ap anpeche yo vole ale. Si gen twou oubyen fant, kouvèti a pa bon. Pou veso, doum, oubyen sitèn ki pa gen kouvèti, sevi ak moustikè oubyen griyay ki gen twou ki piti anpil kote marengwen pa ka pase ; oubyen kouvri yo ak yo twal ki pèmèt dlo a pase, epi tache l byen. Oubyen kouvri yo ak kouvèti plastik ki byen sere. Fè atansyon pou dlo a pa chita anwo kouvèti a ; sinon, marengwen yo ap ponn ze yo la!

Debouye nou ak kouran dlo epi kanalize dlo ki koule nan pi ak tiyo

Kote ki gen malarya, nou gen pou okipe chemen yo, ak tout lòt kote dlo a ka chita, pou anpeche marengwen yo peple. Fè atansyon tou pou kouran dlo ak dlo lapli ka koule desann, epi pou dlo a pa rete chita. Fè jaden yon fason pou tè a bwè dlo a, oubyen pou dlo a ka koule desann nan larivyè a. Veye pou pa gen fatra, fèy pye bwa, oubyen tè ki glise tonbe nan mòn yo vin bouche kouran dlo yo. Pou chache konnen plis sou ki jan nou ka debouye nou nan jesyon dlo, epi ki jan nou ka chwazi latrin ki pa gen fòs kote dlo sal ka chita, al gade nan liv la : A Community Guide to Environmental Health.

NWTND mosq Page 25-1.png

Nenpòt kote moun vin pran dlo, gen dlo ki vide atè. Kote ki gen ma dlo, ap genyen kote pou marengwen yo peple. Marengwen sa yo pote malarya ak lòt maladi. Kote moun pran dlo bò pi dlo, tiyo, sitèn debouche, ak lòt kote, veye pou dlo ki vide atè a ka byen koule, oubyen pou tè a ka bwè dlo a.

a community water tap with drainage and a soak pit
Yon tiyo dlo kominotè ak yon kannal
fòs ki pou bwè dlo
gwo wòch
gravye
sab

Pou nou pwofite dlo ki vide atè a, nou ka plante yon pye bwa oubyen yon jaden legim. Si nou pa kapab plante yon pye bwa oubyen fè jaden la, fè yon twou nan tè a, plen li ak wòch, gravye, epi sab pou dlo a ka koule ladann. Yo rele l yon «fòs ki pou bwè dlo». Konsa nou ka anpeche marengwen yo peple.

Wè si pa gen bon pwogram nan kominote pa nou an kote yo sèvi ak pwason ki manje ze lav marengwen yo nan ma ak nan letan yo. Oubyen mande pou wè si pa gen mikwòb ki rele Bti ki disponib. Nou ka sèvi avè l pou touye jenn marengwen yo anvan yo ponn ze, epi li pa p fè dega nan anviwònman an.




Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020