Hesperian Health Guides

Ansefalit japonèz (encéphalite japonaise)

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Se yon marengwen ki rele Kilèks (Culex) ki simen ansefalit japonèz la. Li gen tay mwayen, koulè mawon, epi mak blanch sou vant lan. Yo konn pike lè solèy la ap kouche epi lannuit. Lajounen yo poze kò yo anndan e bò kote kay moun ak lòt batiman, epi bò kote plant ak touf bwa. Nou jwenn li sitou ann Azi epi Pasifik lwès. Pifò moun pa malad grav, men si maladi a tounen grav, li ka donmaje sèvo a epi menm pote yon moun ale.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT ANSEFALIT JAPONÈZ

Yon moun ki pran ansefalit japonèz ka pa bay okenn siy maladi. Oubyen li ka soufri ak lafyèv, dyare, vomisman, maltèt, oubyen feblès, men gen divès maladi ki bay menm siy sa yo.

Trètman ka fè nou santi nou pi bon. Men si nou wè siy ki montre gen danje, mennen l lopital san pèdi tan.

SIY ANSEFALIT JAPONÈZ KI FÈ NOU WÈ GEN DANJE
  • Li fè kriz
  • Li paralize (pa ka fè mouvman)
  • Li bwouye, oubyen li pèdi konnesans
KI JAN POU NOU EVITE PRAN ANSEFALIT JAPONÈ

Vaksinasyon pwoteje kont ansefalit japonèz. Pa kite marengwen pike nou, epi pa kite yo peple.




Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020