Hesperian Health Guides

Antibyotik konbat enfeksyon

Byen manje bay bon sante : Medikaman

Kotrimoksazòl, silfametoksazòl ak trimetoprim, TMP-SMX


(Cotrimoxazole, sulfamethoxazole avec/with trimethoprim, TMP-SMX)
Konbinezon sa a fèt ak 2 medikaman, li bon mache, epi li ka kraze plizyè kalite mikwòb. Li bon anpil pou moun ki gen VIH/SIDA, paske li ka evite anpil enfeksyon kay moun sa yo. Al gade nan VIH/SIDA (chapit sa a poko ekri).

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay tibebe li ki poko gen 6 senmenn. Pa bay fanm ansent li pandan dènye twa mwa gwosès yo. Genyen anpil chans pou fè alèji ak medikaman an. Lè konsa, li bay lafyèv, souf wo, ak gratèl. Sispann ba li medikaman sa a si nou wè li gen gratèl, epi nou kwè lap fè reyaksyon alèji.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Genyen de kalite konbinezon yo fè avèk silfametoksazòl ak trimetoprim. Youn gen 200 mg silfametoksazòl ak 40 mg trimetoprim. Yo ekri sa a konsa 200/40. Genyen lòt, tankou 400/80 osinon 800/160. Gen de fwa yo ekri dòz trimetoprim sèl. Pou pifò enfeksyon :

Tibebe 6 senmenn – 5 mwa : bay silfametoksazòl 100 mg + trimetoprim 20 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou.
Timoun 6 mwa rive 5 ane : bay silfametoksazòl 200 mg + trimetoprim 40 mg, 2 fwa pa jou, pandan 5 jou.
Timoun 6 - 12 ane : bay silfametoksazòl 400 mg + trimetoprim 80 mg, 2 fwa pa jou, pandan 5 jou.
Pi gran pase 12 ane : bay silfametoksazòl 800 mg + trimetoprim 160 mg, 2 fwa pa jou, pandan 5 jou.

Amoxicillin


Amoksisilin se yon antibyotik ki touye anpil kalite mikwòb ; sa vle di li touye plis kalite mikwòb pase penisilin. Nou ka sèvi avèk ni amoksisilin ni anpisilin ; jeneralman, toulede bon. Kote yo di pou nou bay amoksisilin, souvan nou ka sèvi avèk anpisilin. Veye pou nou bay dòz ki kòrèk la. Toulede pa fasil gen danje, epi yo bon anpil pou tibebe ak timoun piti.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Amoksisilin ka bay gwo anvi vomi ak dyare, men pwoblèm sa yo pi rèd ak anpisilin. Amoksisilin ka bay anvi vomi ak dyare, men pwoblèm sa yo pi rèd ak anpisilin. Si yon malad gen dyare, li ta pi bon pou nou pa ba li medikaman sa yo. Chache jwenn yon lòt antibyotik.

Malad la ka gen gratèl ak chofi ki leve sou tout kò li. Si li leve glòb ak boul ki vini ale nan kèk èdtan, se byen posib se yon reyaksyon alèji li ye. Fòk li sispann pran medikaman an. Fòk li pa janm pran li ankò. Si li ta sèvi avè l ankò, alèji a ka pi fò. Li ka menm rive touye li. Gen de fwa, nou ka sèvi ak eritwomisin nan plas li. Yon moun konn gen gratèl ak chofi ki sanble ak lawoujòl, ki leve sou kò li, 8 jou konsa apre li kòmanse pran medikaman. Li dire kèk jou. Se pa fasil alèji li ye. Men nou pa ka konnen klè si se alèji oubyen non. Jeneralman, li pi bon pou timoun nan sispann pran antibyotik la.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Gen de lè, mikwòb vin gen yon fòs pou kenbe tèt ak medikaman an. Pwoblèm sa a vin pi rèd toujou. Nan chak zòn gen kèk kalite enfeksyon, tankou chigela, estafilokòk (staphylococque) ak maleng sou po, kote nou pa ka sèvi ankò ak medikaman ke nou te konn sèvi pou trete yo.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Amoksisilin bay bon rezilta lè moun pran li nan bouch. Pou bay tibebe medikaman an, kraze grenn nan, oubyen ouvri kapsil la. Separe poud la pou fè kantite ou bezwen an. Brase l nan lèt manman. Sèvi ak yon ti kiyè pou bay tibebe a lèt ak medikaman an.

Pou tout antibyotik, toujou bay medikaman an pou pi piti kantite jou. Si moun nan poko geri, kontinye ba li medikaman an soti 24 rive 48 èdtan pou pi piti depi tout siy enfeksyon disparèt. Si li fin pran medikaman an pou pi gran kantite jou, epi li toujou malad, sispann bwè remèd la epi al jwenn doktè. Pou moun ki gen VIH/SIDA, toujou bay yo pou pi gran kantite jou ki ekri anba a.

Fòs doz la chanje ak maladi a, ak laj moun malad la, oubyen ak pwa kò li. Jeneralman, pou moun chetif ak moun ki pa malad grav, bay dòz ki pi piti a. Pou moun ki gwo ak moun ki malad grav, bay dòz ki pi gran an.


Bay 45 - 50 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 2 dòz. Si pa gen balans, bay selon laj li :
Tibebe ki poko gen 3 mwa : bay 125 mg, 2 fwa nan yon jou, soti 7 rive 10 jou.
Timoun 3 mwa - 3 ane : bay 250 mg, 2 fwa nan yon jou, soti 7 rive 10 jou.
Timoun 4 - 7 ane : bay 375 mg, 2 fwa nan yon jou, soti 7 rive 10 jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay 500 mg, 2 fwa nan yon jou, soti 7 rive 10 jou.
Pi gran pase 12 ane : bay 500 - 875 mg, 2 fwa nan yon jou, soti 7 rive 10 jou.