Hesperian Health Guides

Veye move siy

Nan chapit sa:

Veye ak ki vitès a kouchman an ap fèt la

Veye ak ki vitès chak akouchman fèt. Si akouchman an ap pran twòp tan, mennen manman an lopital. Se youn nan bagay ki pi enpòtan yon fanmsaj ka fè pou anpeche pwoblèm grav oubyen menm sove lavi medam yo.

MW Ch12 Page 203-1.png

Fi k ap fè premye pitit yo ka bezwen 2 èdtan (e pafwa plis) kontraksyon fò ak pouse anvan pitit la resi fèt. Nòmalman, dezyèm pitit la ak lòt apre yo pran mwens pase inèdtan pouse pou yo fèt. Gade ak ki vitès tèt pitit la ap desann nan pasaj la. Toutotan tèt pitit la kontinye ap desann (menmsi li lan anpil), epi kè pitit la kontinye ap bat nòmalman, epi manman an gen fòs, sa vle di akouchman an pa gen okenn pwoblèm. Manman an dwe kontinye pouse jiskaske tèt bebe a kouwone.

Sepandan, si manman an fè yon bann tan ap pouse san pa gen pwogrè ki fèt, sa ka bay pwoblèm grav, tankou fistil, matris chire, oswa ni manman an ni pitit la ka mouri. Si w pa wè vajen manman an ap gonfle apre li fè 30 minit ap pouse byen fò, oswa si vajen an fè yon ti gonfle toupiti sèlman, sa ka vle di tèt pitit la sispann desann. Si bebe a toujou rete an plas apre manman an fè inèdtan ap pouse, manman an bezwen èd.

Bebe a poko fèt apre 1 ou 2 èdtan kontraksyon fò pandan manman an ap byen pouse

Si w pa wè siy ki montre tèt bebe a ap desann, oswa si bebe a sanble li kole, chèche wè ki sa ki lakòz pwoblèm nan. Men kèk sitiyasyon ki ka ralanti akouchman an oswa ki ka fè tèt pitit la kole:

  • Manman an gen kè sote
  • Manman an fatige depase
  • Vesi manman an plen
  • Manman an bezwen chanje pozisyon
  • Bebe a nan yon pozisyon ki fè akouchman an vin difisil oswa enposib
  • Bebe a pa ka pase nan basen manman an


Fason pou chofe tranche san danje bay lide sou fason pou w ede yon fi ki pa ka akouche paske li gen kè soti oswa paske li fatige depase.

Vesi manman an plen

Lè vesi a plen, sa ka ralanti akouchman an oswa menm kanpe l. Yon fi ki gen tranche pandan plizyè èdtan avèk vesi li plen ka fè fistil oswa lòt pwoblèm. Ede manman an pipi, osinon, si l bezwen, mete yon katetè pou li.

MW Ch12 Page 203-2.png
Akoupi ka ede bebe a desann.
Manman an bezwen chanje pozisyon

Si yon pozisyon pa pèmèt bebe a desann, eseye yon lòt pozisyon. Souvan, pozisyon ki mache pi byen se akoupi. Akoupi ouvri basen an, epi fòs gravite a ede bebe a desann.

Eseye bay manman an yon bagay pou l kenbe. Pa egzanp, li ka kenbe seri ki sou yon pòt oubyen yon kòd ki mare anlè a, epi l ap tire l desann pandan l ap pouse.

Bebe a nan yon pozisyon ki difisil oswa ki enposib pou akouchmanan fèt

Gade w wè ki pozisyon ki difisil oswa ki enposib pou yon timoun fèt.

Si fas bebe a bay sou vant manman an, li ka pi fasil pou manman an pouse sou jenou l ak men l oswa si l akoupi. Sa ka ede bebe a vire fas li bay sou do manman an pandan l ap desann.

Pafwa tèt bebe a bese jan l dwe ye a, men li panche sou kote. Lè sa a, sa ka ede manman an si l fè ti mache kote l ap leve janm li yo wo, youn apre lòt, kòmsi l ap monte yon eskalye oswa yon pant ki apik.

Si se figi bebe a oswa fon l ki parèt anvan, li ka difisil oswa enposib pou akouchman an fèt. Si w panse se sa k pwoblèm nan, al lopital tousuit. Pandan w sou wout lopital la, ede manman an sispann pouse.

Bebe a pa ka pase nan basen manman an

Si basen manman an twò jis pa anndan an, oswa si tèt bebe a gwo anpil, akouchman an ka ralanti oswa kanpe. (Gwosè ranch manman an sou deyò pa enpòtan.) Si manman an kontinye ap pouse pandan plizyè èdtan san l pa fè pwogrè, matris li ka dechire, li ka fè fistil, oswa li menm ak tout pitit la ka mouri ak fatig.

Si bebe a pa ka pase nan basen manman an, pwobableman premye etap tranche an te pi long tou.

Si pa gen pwogrè ki fèt, al lopital

Si w eseye plizyè metòd pou fè bebe a desann: byen pouse, diferan pozisyon, fè l pipi, sewòm oral, akipresyon, ak nenpòt lòt metòd ou konnen, epi malgre sa ou toujou pa wè okenn pwogrè apre inèdtan ap byen pouse, mennen manman an lopital. Se yon danje si w ret tann plis move siy toujou.

2 women and a man speaking while the man holds a woman.
Nou pa dwe tann ankò. Ann al lopital.
M ap chèche machin nan.
M ap pote l.

Si w lwen lopital la, pa tann plis pase inèdtan; al lopital tousuit. Gen plizyè milye fi ki mouri chak ane paske yo pa t al lopital atan.

Pandan w sou wout lopital la, ede manman an sispann pouse. Fè l rete nan pozisyon sou lestomak ak sou jenou l (oswa nenpòt lòt pozisyon ki pèmèt ranch li rete anlè) pou pa gen presyon sou tèt bebe a.

Veye si l ap bay san lè l ap pouse

Li nòmal pou gen yon tikras san ki soti nan vajen an pandan dezyèm etap la, sitou glè ki mele ak san. Sa ka montre bebe a ap deplase pou l desann. Men, si se yon voum san wouj vif k ap soti, sa ka vle di plasenta a dekole oswa matris la chire.

Plasenta a dekole
Si manman an bay siy ki endike plasenta a dekole (anpil san fre ki soti yon sèl kou nan vajen an, kè pitit la ap bat byen vit oswa tou dousman, matris la anfle oswa li tou rèd, oubyen manman an nan eta chòk) mennen l lopital oswa nan yon sant sante tousuit.

a midwife speaking to a woman in labor who is bleeding from the vagina.
Pouse fò! Fòk bebe a fèt rapid!

Si pitit la prèske fèt epi w pap gentan rive lopital, fè manman an pouse ak tout fòs li san rete otank li kapab. Mete bebe a deyò rapid; ou ka gen kèk minit sèlman pou w fè sa. Si sa nesesè, koupe pasaj manman an pou l ka vin pi laj pou bebe a ka pase pi vit. Si pitit la pran twòp tan pou l soti, li menm ak tout manman an ka mouri.

Prepare w! Bebe a ka bezwen pou w ede l kòmanse respire, epi manman an ka ap senyen anpil apre akouchman an. Fè yon moun pran swen pitit la pandan w ap pran swen manman an.

Matris la chire
Si matris la chire, kontraksyon yo ap sispann epi manman an ka santi yon gwo doulè san rete. Batman kè bebe a pral ralanti, epi l ap kanpe. Si w kwè matris la chire, trete manman an pou chòk. Mennen l lopital, menmsi l lwen anpil.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024