Hesperian Health Guides

Lè w fèk rive

Nan chapit sa:

Ht MW Ch11 Page 168-1.png

Lè w rive nan yon akouchman, mande manman an kòman l santi l. Asire w kote l ap akouche a pwòp epi ranje tout materyèl ou yo. Tout zouti pou akouchman an ak nenpòt zouti k ap sèvi pou koupe po fi a dwe esterilize.

Pale ak fi a e ak fanmi l pou asire w yo toujou gen mwayen pou y al lopital nan ka dijans.

Byen lave men w pandan 3 minit, epi mande tout moun ou konnen ki ka touche zouti yo, vajen manman an, oswa bebe a, pou yo lave men yo menm jan an tou.

MW Ch11 Page 168-2.png
Lave men w epi chanje gan an apre w fin manyen salte oswa nenpòt lòt bagay.
Note sa: Men pwòp pa rete pwòp pandan anpil tan. Depi w touche nenpòt bagay sof vajen manman an, ou dwe lave men w ankò.


Manman an dwe benyen tou. Si sa posib, li dwe lave vajen l, men l, ak tout kò l depi nan kòmansman tranche a.

Esplike fi a ak fanmi l tout sa ki ka pase pandan akouchman an, epi reponn tout kesyon yo genyen. Chwazi yon manm fanmi ki ka bay èd nan ka dijans, epi esplike moun sa a ki jan w ka bezwen l ede w.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024