Hesperian Health Guides

Ki sa pou w pote nan akouchman an

Nan chapit sa:

Ale avèk yon asistan

Lè w ale nan yon akouchman, li pi bon pou w mennen yon asistan ansanm avè w. Si gen yon ka dijans, yon moun ka pran swen bebe a pandan lòt la ap okipe manman an. Oubyen tou, youn ka al chèche èd pandan lòt la rete la a pou l jere pwoblèm nan.

Si w pa gen yon asistan, aprann yon moun ki sou plas (mari manman an, sè l, bèlmè l, oswa zanmi l) kòman pou yo ede pandan akouchman an.

Pote ekipman

Lè w kwè tranche a pral kòmanse, se pou w asire w ou genyen tout ekipman ak zouti w ap bezwen pou akouchman an. Manman an ka byen genyen kèk nan ekipman sa yo lakay li. Fanmsaj la dwe pote rès yo. Li trè bon pou yon fanmsaj gen yon pakèt ki gen tout ekipman ak zouti l ap bezwen yo.

Ekipman ki pi enpòtan pou w genyen nan yon akouchman
Menmsi w pa ka jwenn tout bagay, pote ekipman sa yo kanmenm:
MW Ch9 Page 152-7.png
Mwayen transpò pou w ka al lopital nan ka dijans
MW Ch9 Page 152-1.png
Ht MW Ch9 Page 152-2.png
MW Ch9 Page 152-3.png
Ht MW Ch9 Page 152-4.png
Dlo pwòp pou bwè epi lave Savon, epi si posib, enpe alkòl ak yon bwòs pou lave men w epi bwose anba zong Fil esterilize pou mare kòd lobrik la Jilèt/sizo esterilize pou koupe kòd lonbrik la
MW Ch9 Page 152-5.png
MW Ch9 Page 152-6.png
MW Ch9 Page 152-7-a.png
Gan pwòp (oswa sachè plastik ki trè pwòp) pou mete chak fwa w ap manyen vajen manman an, pitit la, san, oswa poupou. Aspiratè oubyen sereng ki pou rale glè ki nan nen ak bouch bebe a lè l fin fét. Piki “oxytocin” oswa konprime “misoprostol” pou si l ap senyen anpil apre akouchman an


Lòt bagay k ap fè akouchman an pi fasil
MW Ch9 Page 152-8.png
MW Ch9 Page 152-9.png
MW Ch9 Page 152-10.png
Yon kote ki pwòp pou akouchman an fèt Anpil twal ki byen pwòp w ap bezwen pandan akouchman an epi pou bebe a apre Dife pou bouyi dlo
MW Ch9 Page 152-11.png
MW Ch9 Page 152-12.png
MW Ch9 Page 152-13.png
Bòl/kivèt ou ka itilize pou lave epi pou mete plasenta a Manje pou manman an ak asistan yo Bon moun ki ka ede w ak akouchman an


Lòt ekipman ki trèzitil yon fanm saj ka mete nan pakèt li a
MW Ch9 Page 153-1.png
Ht MW Ch9 Page 153-2.png
Ht MW Ch9 Page 153-4.png
MW Ch9 Page 153-4.png
Yon flach
Yon tabliye avèk yon mouchwa pou mare tèt Dosye medikal manman an ak yon plim ak papye Yon bon liv sou akouchman
MW Ch9 Page 153-5.png
Yon mont oubyen kwonomèt ki ka kontwole segonn
MW Ch9 Page 153-6.png
MW Ch9 Page 153-7.png
MW Ch9 Page 153-8.png
MW Ch9 Page 153-9.png
Yon estetoskòp Tansyonmèt Twal gaz ki esterilize Sereng ak zegui ki esterilize epi medikam
Ht MW Ch9 Page 153-9.png
MW Ch9 Page 153-11.png
MW Ch9 Page 153-12.png
Tout sa w bezwen pou fè sewòm oral, oswa pake ou te fè pou sa 2 pens (emostat) esterilize pou tache lonbrik la oswa venn k ap senyen si ki manman an chire. Sizo ki esteralize ki pa pwenti pou koupe kòd lonbrik la lè a bebe a poko fin fèt (nan ka dijans sèlman! )
Ht MW Ch9 Page 153-12.png
MW Ch9 Page 153-14.png
MW Ch9 Page 153-15.png
MW Ch9 Page 153-17.png
Remèd fèy ou konn itilize Tèmomèt Fetoskòp Zegui ak fil ki koud kote ki chire
Ht MW Ch9 Page 153-20.png
MW Ch9 Page 153-18.png
MW Ch9 Page 153-19.png
MW Ch9 Page 153-20.png
Medikaman VIH pou manman an ak pitit la si manman an enfekte Pwomad “erythromycin” oswa “tetracycline” pou je pitit la. Santimèt pou mezire bebe a Yon ti balans pou peze bebe a
Sonje sa: Tout ekipman sa yo enpòtan, men, menmsi w pa genyen yo, sa pap anpeche w vin yon trè bòn fanmsaj. Bagay ki pi enpòtan pou w genyen lè w pral fè yon akouchman se sajès, eksperyans, ak lanmou.


Esterilize zouti w yo epi lave kò w byen pwòp

Lè w rive kote w pral fè akouchman an, asire w tout zouti w yo esterilize. Tout zouti k ap antre anndan vajen an oswa k ap koupe po dwe esterilize. Ou dwe esterilize gan, jilèt oswa sizo k ap koupe kòd lonbrik la, ak sizo k ap koupe vajen an pou fè pasaj pou bebe a soti (epizyotomi).

Lave men w souvan pandan akouchman an, epi se pou w taye zong ou yo kout. Mete rad pwòp sou ou. Yon tablye pwòp ap ede w pou san ak lòt likid pa sal ou.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024