Hesperian Health Guides

 



Nou ka bay kolera yon bwa long kenbe lè nou sèvi ak bon jan pwòpte. Se pou nou trete dlo n ap sevi anvan nou bwè li, e anvan nou fè manje avè l. Se pou nou pran prekosyon nan fason n ap prepare e manyen manje.

PWÒPTE
NWTND was Page 7-1.png
  • Lè nou monte yon latrin nan ka ijan, fòk nou kite yon distans 30 mèt pou pi piti ant latrin nan e nenpòt ki kote moun pran dlo. Asire nou ke moun yo gen mwayen pou yo lave men yo lè yo sot watè.
  • Toujou lave men nou chak fwa nou sot nan watè.
  • Toujou lave men nou chak fwa anvan nou komanse fè manje.
  • Nou jwenn mikwòb kolera nan likid ki soti nan kò a, tankou nan dyare ak nan vomisman yo. Lè n ap pran swen moun ki malad, se pou nou pote gan oubyen sak plastik. Lave men nou, benyen souvan.
DLO
  • Pa bwè dlo ki pa trete. Dlo ki trete se dlo ki pa gen mikwòb maladi ladann.
  • Toujou sèvi ak 2 metòd pou pi piti pou touye mikwòb ki nan dlo a:
WWHND ChSk Page 540-2.png
  • Koule dlo a nan twal, sab, oubyen lòt materyo, mete sou sa se pou nou bouyi dlo a tou
  • Koule dlo a nan twal, sab, oubyen lòt materyo, mete sou sa nou ka pije yon ti ji sitwon nan dlo a
  • Koule dlo a nan twal, sab, oubyen lòt materyo, mete sou sa se pou nou mete kèk gout klowòks ladann.
  • Koule dlo a nan twal, sab, oubyen lòt materyo, mete sou sa se pou nou kite dlo a pran gwo solèy.
  • Veso ak kannari kote nou sere dlo, kenbe yo pwòp. Pa foure men nou nan dlo ki pou bwè.
MANJE
  • Se pou nou kwit manje yo byen kwit, epi manje manje yo pandan yo tou cho. Pwason ak lòt bèt nan lanmè ka fasil bay moun kolera. Fòk nou byen kwit yo anvan nou manje yo.
EHB Ch5 Page 57-3.png
  • Pa melanje manje ki kwit ak manje kri, tankou fèy, pikliz.
  • Moun ki gen yon maladi kote li ka bay yon lòt li pa gen dwa nan fè manje.
  • Se pou nou byen lave fwi e legim yo ak dlo trete anvan nou manje yo; si pa gen dlo, se pou nou kale yo.
  • Li pa bon pou plizyè moun manje nan menm veso; chak moun dwe gen veso pa li. Konsa youn pa p atrape mikwòb ak maladi nan men yon lòt.
Ki jan pou nou fè yon latrin nan ka ijan

EHB Ch7 page 113-1.png

Lè gen ka ijan, nou ka fouye yon fòs tou senp kote moun ka al fè bezwen yo pandan n ap fè plan pou konstwi yon bon latrin. Fòk fòs la gen yon lajè 0.3 mèt pou moun kapab akoupi ak yon janm sou chak bò. Nou dwe fouye li ak yon pwofondè anviwon mwatye yon mèt. Nou ka fè li longè ki nesesè. Yon mèt ase long pou 4 moun sèvi. Nou dwe fouye fòs la yon distans 30 mèt pou pi piti ak yon pi dlo oubyen lòt sous dlo kote moun pran dlo pou bwè. Fouye fòs la yon distans 6 mèt pou pi piti ak kote kay moun ye. Se pou nou fouye fòs la oubyen latrin nan sou bò anba kote moun pran dlo; pa janm mete li sou anwo. Pa mete li kote dlo ap dòmi oubyen kote dlo ap antre nan fos la. Fon fòs la pa dwe janm rive kote dlò ki anba tè a ap koule. Lè moun sòt watè nan fòs la, se pou yo mete yon kouch tè pou kouvri watè a. Si gen kolera nan zòn nan, se pou nou mete yon kouch lacho nan fòs la chak jou. Pou aprann plis sou ki kalite latrin nou ka monte, al gade nan liv la: Asenisman ak Pwopwete pou yon Anviwonman Sen.

Lanmò ak antèman: Lè n ap antere yon mò, fòk genyen yon distans 30 mèt pou pi piti ant kote n ap antere mò a e kote moun ap pran dlo. Lè nou fin lave yon mò, pa kite chagren ak lapenn fè nou bliye lave men nou.

Ki jan pou nou rekonèt si yon moun gen KOLERA

(siy ki fè nou konnen se kolera)
Kolera se yon kalite dyare ki grav anpil; se mikwòb bakteri nan dlo ki lakòz li. Kolera ka gaye anvan nou bat je nou, e ka lakòz anpil moun mouri. Men siy ki montre ke yon moun gen kolera:

  • Gwo dyare ki tankou dlo diri
  • Vomisman
  • Lakranp nan janm
  • Feblès


Gwo dyare ak vomisman lakòz yon moun pèdi anpil dlo, sa fe li vin manke dlo, epi li fè chòk. San yon trètman touswit, li ka mouri nan kèk èdtan. Pou ede tout moun nan kominote a rekonèt epi evite gen kolera, nou dwe aprann ki jan pou nou:

  • Trete (pirifye) dlo n ap sèvi
  • Swiv prensip pwòpte kò a ak pwòpte kote n ap viv la
  • Swiv prensip pwòpte lè n ap fè manje
  • Fè sewòm oral


Pou lite kont kolera, se pou nou bay moun nan kominote a fomasyon sou maladi a, yon fason pou moun yo pa pè. Lè moun vin konnen ki sa kolera ye, epi ki jan yo ka evite li, lè sa a yo ka chape anba maladi grav sa a.

Ki jan pou nou trete KOLERA

Trètman ki pi enpòtan: se pou malad la bwè anpil likid. Gen de ka grav nou ka trete yo ak antibyotik, men jeneralman antibyotik yo pa p aji ditou sou kolera. Lè yon moun watè dlo, oubyen li gen dyare ansanm ak vomisman, pa tann li fè siy ki montre li manke dlo. Aji vit.

Bay malad la bwè anpil likid, mezi li kapab pran, tankou labouyi ki likid, soup, dlo, oubyen sewòm oral.

Toujou ba li manje. Depi yon timoun oubyen yon granmoun ki malad ka manje, pase yon ti manje nan bouch li tanzantan. Ba li sa li pi renmen. Toujou bay tibebe a tete, mezi li kapab pran—ba li tete anvan nou ba li bwè lòt likid.

Sewòm oral bon pou anpeche ak pou trete manke dlo a. Li pa p geri kolera oubyen dyare a, men li ka remonte malad la jis li jwenn fòs pou li chape anba maladi a.


Ki jan pou nou fè sewòm oral

Genyen 2 metòd nou ka sèvi pou fè sewòm oral. Si nou gen ji fwi osinon dlo kokoye, mete mwatye nan yon tas nan sewòm nan. Si nou gen fig mi, kraze yon moso mete l ladann. Sa ap bay potasyòm ki ka ankouraje malad la pran plis likid ak plis manje.

Bay timoun malad la bwè sewòm sa a tanzantan, chak 5 minit, lajounen kou lannuit, jouk pipi li vin nòmal. Yon gwo moun dwe bwè 3 lit osinon plis chak jou. Yon timoun piti bezwen yon lit pou pi piti chak jou, osinon yon vè chak fwa li poupou dlo. Kontinye bay sewom nan tanzantan pa gòje. Menm si li vomi, li pa p vomi tout sewòm nan.


Sewòm oral fèt ak farin sereyal e sèl.

(Farin diri pi bon. Nou ka sèvi ak farin mayi, farin frans, farin pitimi, oubyen ponmdetè ki kwit epi kraze.)

WWHND ChSk Page 540-2.png
WWHND ChSk Page 540-3.png

Pran yon lit DLO trete (mezi 3 boutèy kola).

Mete mwatye nan yon ti kiyè SÈL ra bouch san tiyon.

Mete 8 ti kiyè farin SEREYAL ra bouch ak tiyon.

EHB Ch5 Page 53-5.png


Fè bouyi li pou 5 – 7 minit, jis li vin yon labouyi likid. Fè vit mete l fre, epi kòmanse bay malad la bwè.


ATANSYON! Goute sewòm nan chak fwa anvan nou ba li bwè, pou wè si li toujou bon. Sewòm ki fèt ak sereyal la ka gate nan kèk èdtan lè li fè cho.

Sewòm oral fèt ak sik e sèl

(Sik kann, sik wouj, rapadou, oubyen melas ka sèvi.)

WWHND ChSk Page 540-3.png
WWHND ChSk Page 540-2.png

Pran yon lit DLO trete (mezi 3 boutèy kola).

Mete mwatye nan yon ti kiyè SÈL ra bouch san tiyon.

Mete 8 ti kiyè SIK ra bouch san tiyon. Brase l byen.

EHB Ch5 Page 53-4.png
ATANSYON! Anvan nou mete sik la, goute l pou wè si li pa pi sale pase dlo je.

EHB Ch6 Page 94-1.png

Ki jan pou nou trete dlo (touye mikwòb maladi ki nan dlo)

Dlo basen, dlo dòmi, dlo larivyè, dlo tiyo k ap koule, dlo sitèn ak pi dlo ki pa gen kouvèti, dlo sa yo ka kontamine ak mikwòb kolera e anpil lòt mikwòb. Fòk nou byen trete dlo sa a anvan nou bwè li!

Lè nou pran dlo larivyè oubyen nenpòt dlo ki ka kontamine ak mikwòb, gen plizyè metòd nou ka sèvi pou trete dlo sa a: fè bouyi li, mete klowòks ladann, sèvi ak ji sitwòn, oubyen nou ka sèvi ak limyè solèy.

Nou mèt sèvi ak nenpòt metòd, men premye bagay pou nou fè se kite salte ki nan dlo a desann anba nan bokit la; lè fini, pase dlo ki klè a nan yon filtè. Si nou pa fè sa, nou ka pa touye tout mikwòb ki nan dlo a.

1. Koule dlo a.
  • Kite dlo a chita pandan kèk èdtan. Sa va pèmèt salte ak materyo solid yo desann anba nan veso a. Tann dlo a vin ase klè.
  • Pase dlo a nan yon filtè fèt ak twal, oubyen yon filtè fèt ak sab e chabon.


Pou fè yon filtè ak twal: Pran yon twal ki byen pwòp, pliye li an 4. Mete li oubyen mare li sou yon veso ki pwòp. Pase dlo a dousman nan filtè twal la. Lè fini, lave twal la epi bay li gwo solèy. Oubyen sèvi ak klowòks pou touye mikwòb ki nan twal la.
EHB Ch6 Page 92-3.png
2. Touye mikwòb maladi ki nan dlo a.
Bouyi dlo a
  • Mete dlo a bouyi; bouyi li fò pandan tout yon minit pou pi pitit.
  • Vide dlo a nan yon veso ki pwòp.
Sèvi ak klowòks
  • Pou touye tout mikwòb ki nan yon lit oubyen yon ka dlo, mete 2 gout klowòks 5%.
  • Nan yon pi gran kantite (5 galon oubyen 20 lit), mete klowòks nan mezi mwatye yon ti kyè.
  • Brase l byen. Anvan nou sèvi avè l, kite li la pou 2 èdtan pou pi piti (li pi bon si nou kite li rete la pou tout nwit la).
  • Sere dlo ki trete a nan yon veso ki pwòp.


DLO KLOWÒKS 5%
Nan 1 lit oubyen 1 ka
EHB Ch6 Page 99-1.png
EHB Ch6 Page 99-2.png 2 gout
Nan 1 galon oubyen 4 lit
EHB Ch6 Page 99-3.png
EHB Ch6 Page 99-4.png 8 gout
Nan 5 galon oubyen 20 lit
EHB Ch6 Page 99-5.png
EHB Ch6 Page 99-6.png mwatye (½) yon ti kiyè
Nan yon doum 200 lit
EHB Ch6 Page 99-7.png
EHB Ch6 Page 99-8.png 5 ti kiyè
Sèvi ak ji sitwon dous oubyen ji sitwòn vèt
Ht EHB Ch6 Page 98-2.png

(Metòd sa a pa p touye tout mikwòb maladi, men li pi bon pou nou sèvi avè l pase pou nou pa fè anyen. Sa ap touye mikwòb kolera.)

  • Pou touye mikwòb kolera, pije ji yon sitwon nan yon lit dlo.
  • Sere dlo ki trete a nan yon veso ki pwòp.
EHB Ch6 Page 98-1.png
Sèvi ak limyè solèy

Nou ka sèvi ak gwo solèy pou touye mikwòb. Sa mache pi byen nan peyi cho, paske limyè solèy la pi fò la.

Lave yon boutèy plastik, osinon yon sak plastik. Plen boutèy la a mwatye; apre sa, souke li pandan 20 segonn. Sa fè lè melanje ak dlo a, ki fè nou ka pirifye dlo a pi vit. Plen boutèy la nèt. Mete boutèy la kote ki pa gen lonbraj e kote ni moun ni bèt ka pase. Tèt kay la bon. Bay boutèy la gwo solèy pandan 6 èdtan pou pi piti. Si syèl la mare ak nyaj, kite li la pandan 2 jou.
3. Sere dlo nan veso ki pwòp
ATANSYON! Lè nou fin trete dlo a, fòk nou sere li nan yon veso ki pwòp! Pa mete anyen ki sal, pa foure men nou, oubyen nenpòt lòt bagay, nan dlo a. Pou bwè dlo a, vide li nan yon vè oubyen yon gode ki pwòp.