Hesperian Health Guides

Metòd tradisyonèl pou moun ki pa vle ansent

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Chak peyi gen ti metòd pa yo ke granmoun lontan te montre yo pou moun ki pa vle ansent. Genyen kèk ladan yo ki ka ede yo evite kèk gwosès, men nouvo metòd yo pi bon. Men gen ladan yo ki pa vo anyen, epi gen kèk lòt ki plen danje.

Metòd tradisyonèl ki bay rezilta

a woman breastfeeding a baby while sitting under a tree

Voye deyò. Lè gason an prèt pou voye, li wete pijon an nan vajen fanm nan. Li voye jèm yo deyò, lwen pati fanm nan. Olye pou pa fè anyen, nou ka sèvi ak metòd sa a, men li konn pa mache twò byen. Gen de lè, gason an pa kapab wete pijon li anvan li voye. Lè fini, ti dechay konn gen tan tonbe andedan vajen fanm nan anvan gason an voye. Konsa, fanm nan ka vin ansent.

Fanm nan ak mennaj li separe apre akouchman an. Nan plizyè kominote, madanm ak mari li ap fè de mwa, menm dezan san yo pa fè lanmou. Konsa, sa pèmèt fanm nan pase plis tan ak tibebe li, epi l ap reprann fòs paske li pa pè nan panse sou yon gwosès anvan lè.

Fè lanmou san fè sèks. Gen mwayen pou fè sèks ki pap bay gwosès. Ti bèf (bouch nan pati jenital) ak karès (manyen pati jenital yo ak lòt pati nan kò a), toulede se aktivite seksyèl anpil fanm ak gason ka renmen fè. Fè lanmou san fè sèks pa gen gwo danje pou pase maladi VIH ak lòt maladi moun trape nan fè bagay. Fè sèks nan dèyè pa kapab bay gwosès nonplis, men VIH/SIDA ak lòt maladi moun pran nan fè bagay ka pase byen fasil nan fason sa a.

Evite fè sèks (pijon gason an pa antre nan vajen fanm nan) se pi bon fason pou evite gwosès. Li ka difisil anpil pou moun rete san yo pa fè sèks pandan anpil tan.

Metòd tradisyonèl ki pa vo anyen oubyen ki plen danje

  • Wanga ak senp (maji) pa ka bay okenn pwoteksyon kont gwosès.
  • Si yon fanm mete zèb, fèy, gous, oubyen tata bèt nan vajen li, sa ka bay gwo enfeksyon ak iritasyon.
  • Menm si yon fanm fè douch ak zèb oubyen ak kèk poud kou li sòt fè lanmou, sa pap anpeche gwosès. Jèm gason yo rapid anpil. Y ap gen tan rive nan matris fanm nan anvan li ka lave yo.
  • Si yon fanm fè pipi kou li sot fè bagay, sa pap anpeche gwosès. (Sepandan, li ka ede evite enfeksyon nan aparèy pipi a.)