Hesperian Health Guides

Metòd planin nan ka ijan

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

a woman taking two pills with a glass of water

Metòd planin ijan se pa metòd moun dwe konte sou yo menm jan ak lòt metòd planin yo.

Si yon fanm fè lanmou san li pa sèvi ak yon metòd planin, men li pa vle ansent, li ka sèvi ak metòd sa yo. Pi bonè yon fanm sèvi ak yon metòd ijans, pi bon chans li genyen pou li pa ansent.

Metòd ijan yo san danje epi yo bay bon rannman. Men li pi bon pou fanm swiv yon lòt metòd planin, jan nou jwenn yo nan chapit sa a. Epi metòd planin nan ka ijan yo konn bay pwoblèm.

Grenn planin ijan

Grenn planin ijan, se gwo dòz nan kèk kalite grenn planin, menm grenn fanm ka pran chak jou. Men nan ka ijan, pandan yon ti tan, yo pran yon dòz ki pi gwo anpil. Yo vin fè grenn planin ki fèt espre pou ka ijan; yo gen yon gwo dòz nan 1 oubyen 2 grenn. Apre kontak seksyèl san pwoteksyon an, fòk ou pa kite 5 jou pase anvan ou bwè grenn yo. Pi bonè ou pran yo, plis chans ou gen pou ou pa ansent. (Al gade «Ki jan pou nou sèvi ak grenn planin nan ka ijan».)Si ou deja ansent, sa pap mete fen ak gwosès la, epi sa pap fè tibebe a fèt difòm.

Si ou sèvi ak grenn planin ijan, sèvi ak yon metòd baryè, tankou kapòt, jis ou wè règ ou, oubyen, pa fè lanmou. Lè règ ou vini, ou gen dwa chwazi nenpòt lòt metòd planin.

Nòmalman, nan 15 jou konsa, règ ou dwe vini. Si non, ou ka ansent menm si ou te sèvi ak metòd planin ijan an. Kontinye sèvi ak kapòt oubyen dyafram toutotan ou pa konnen.

Lòt metòd ijan

ty:More Information
ki jan ou ka konnen si gen chans pou ou trape yon maladi moun pran nan fè bagay

Esterilè: Yon esterilè ki fèt an kwiv ka anpeche ze a al kole nan matris fanm nan.

  • Pa kite 5 jou pase depi ou te fè sèks san pwoteksyon. Al wè yon ajan sante, ki gen bon jan fòmasyon, ki ka mete esterilè a. Si ou kite l la, ou ka evite vin ansent jiska 10 rive 12 ane. Oubyen, ou ka fè yo wete esterilè a lè règ ou fini, lè ou konnen ou pa ansent. Men metòd sa a pa pou fanm ki petèt te deja trape yon maladi moun pran nan fè bagay.