Hesperian Health Guides

Metòd planin ki fèk parèt

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Genyen nouvo metòd planin ki fèk parèt, oubyen ki prèt pou parèt. Nou gen dwa pa ka jwenn yo, epi yo ka koute chè. Nou mete yon nan liv sa a paske si fanm yo konn tande pale sou metòd sa yo, epi yo vin mande pou yo, gen plis chans pou tout moun ka jwenn yo. Pri a ka bese tou. Plis gen metòd planin, plis gen chans pou chak fanm ki pa vle ansent, pou li jwenn yon metòd ki bon pou li.

Tenm nan se yon ti moso plastik fen fen ki kole ak po a. Li gen toulede òmòn ladan l; yo pase po a pou yo antre nan kò a. Chak tenm bon pou 8 jou. Se chak 8 jou pandan 22 jou pou nou mete yon nouvo tenm. Apre sa, fè 8 jou san tenm (lè sa nou va gen règ nou). Pa sèvi ak tenm si nou gen youn nan pwoblèm ki ekri sou "Metòd òmonal yo". Yo bay menm pwoblèm ak grenn planin konbine.

Grenn planin yon fwa chak 8 jou yo aji sou kantite estwojèn ki nan kò yon fanm. Konsa yo pa pèmèt yon ze (ki deja kole ak jèm gason an) pou li al kole nan matris la. Grenn planin «chak jou» bay pi bon rannman pase grenn «chak 8 jou». Nou poko konnen anpil sou ki pwoblèm grenn 8 jou ka bay.

Bag pou vajen, yo lage estwojèn ak pwojestewòn, oubyen pwojestewòn sèlman, ti gout pa ti gout, nan vajen fanm yo. Yo tout menm gwosè, epi fanm yo ka mete yo pou kont yo. Yo bon pou 1 mwa rive 1 ane. Yon fanm ka ansent depi li wete bag a.