Hesperian Health Guides

Metòd natirèl yo

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Genyen 3 metòd planin ki pa mande ni aparèy ni pwodui chimik (tankou kapòt, dyafram, ak espèmisid), oubyen medikman (tankou metòd òmonal yo). Men metòd sa yo:

  • bay tibebe a tete pandan 6 premye mwa apre akouchman an
  • kontwòl glè sèvikal
  • metòd Ojino (kontwòl jou yo)
ATANSYON! Metòd lakay yo pa bay okenn pwoteksyon kont VIH ak lòt maladi moun pran nan fè bagay. Si n ap swiv youn nan metòd natirèl ki ekri la, pa bliye chache lòt mwayen pou pwoteje tèt nou kont maladi sa yo tou.

Bay tibebe a tete pandan 6 premye mwa yo

Lè manman an ap bay tibebe a tete, sa ka anpeche pòch ze a lage yon ze. Metòd sa a pa koute 5 kòb, men se pandan premye 6 mwa apre akouchman an ase li bay bon rezilta.


Ki jan nou ka evite vin ansent pandan n ap bay tete:

Lè yon fanm ap bay pitit li tete, li gen anpil chans pou li pa vin ansent, men fòk li swiv 3 pwen sa yo byen:
1. Tibebe a poko gen 6 mwa. a small baby lying on its back 2. Depi akouchman an, manman an poko janm gen règ li. a pad with blood on it, with a large X drawn through it
3. Se lèt manman sèlman timoun nan bwè, epi tibebe a toujou jwenn lèt chak fwa li grangou—pa dwe gen plis pase 6 èdtan ki pase san tibebe a pa tete—lajounen kou lannuit. Li pa gen dwa dòmi tout lannuit san li pa tete.

Si youn nan bagay sa yo rive, ou dwe sèvi ak yon lòt metòd planin ki bon pou fanm kap bay tete:
a woman breastfeeding a baby
  • Tibebe a gen plis pase 6 mwa, oubyen
  • Règ ou vini, oubyen
  • Tibebe a kòmanse pran lòt kalite lèt ak lòt kalite manje, oubyen, li fè plis pase 6 èdtan ap dòmi lannuit, oubyen
  • Ou oblije separe ak tibebe a pandan plis pase 6 èdtan, epi pa gen posiblite pou ou tire lèt ou pandan tan sa a.

Pou nou swiv metòd sa yo, fòk mesye yo dakò pou kolabore avè nou. Si se pa sa, nou pap ka jwenn bon rezilta.

Metòd kontwòl glè sèvikal ak metòd kontwòl jou

Pou sèvi ak metòd sa yo, fòk ou rekonèt ki jou nan mwa a ou ka vin ansent. Konsa, ou menm ak mennaj ou, nan jou sa yo, nou dwe evite fè lanmou, oubyen nou dwe sèvi ak kapòt oubyen dyafram si nou vle fè lanmou.

Kòm metòd sa yo pap koute 5 kòb epi yo pap bay efè segondè, fanm ki pa kapab, ki pa vle, oubyen ki pa jwenn lòt metòd planin, yo ka sèvi ak metòd sa yo.

Pou nou aprann rekonèt kote nou ka vin ansent, nou menm ansanm ak mari nou dwe al wè yon ajan sante ki ka esplike nou ki jan kò nou fonksyone, epi ki jan nou ka ansent. An jeneral, apre 3 rive 6 mwa pratik, n ap vin maton nan metòd sa yo.

a man touching and speaking to a woman who is looking away sadly
M bouke tann!

Metòd konwòl glè sèvikal ak kontwòl jou yo pap bay bon rezilta si:

  • ou pa gen dwa deside ki lè n ap fè lanmou. Lè ou sou jou kote ou ka ansent, fòk misye a aksepte tann, oubyen fòk li sèvi ak kapòt oubyen ak yon lòt metòd baryè.
  • siy ki pèmèt ou rekonèt ki lè ou ka ansent, yo chanje chak mwa. Konsa, ou pap ka konnen ki lè ou ka ansent.
  • si ou fèk fin akouche, oubyen ou sot fè yon foskouch. Nan moman sa yo, li difisil pou ou rekonèt ki lè ou ka ansent.


Ki sa nou dwe konnen sou kesyon règ fanm ak sou ki lè li ka vin ansent:

  • Fanm nan pwodui yon ze (ovil) chak mwa.
  • 14 jou anvan règ la vini, ze a soti nan pòch ze a (ovè).
  • Lè ze a fin soti nan pòch ze a, l ap rete vivan pandan 24 èdtan konsa (1 jou ak 1 nuit).
  • Jèm gason an (espèmatozoyid) ka fè anviwon 2 jou ap viv andedan fanm nan.

Metòd kontwòl glè sèvikal la

Pou ou sèvi ak metòd sa a, ou gen pou egzaminen glè ki nan vajen an chak jou. Pandan jou kote ou ka vin ansent, kò a ap bay yon glè ki byen mouye, pou jèm gason an ka antre san pwoblèm nan matris la. Si chak jou ou egzamine glè ki soti nan vajen an, w ap konnen ki lè ou ka ansent. Konsa w ap konnen pou ou pa fè lanmou nan lè sa a.

Ki jan ou ka rekonèt lè ou ka ansent:

a woman looking at mucus between her thumb and finger
1. Pase yon dwèt, yon moso papye, oubyen yon ti twal nan bouch vajen an.
2. Si gen glè, mete yon ti kras nan mitan gwo pous la ak dwèt jouda a. Ki jan ou wè li? Li mouye epi l ap file? Li sèch epi li gommen?
wet mucus stretched between a thumb and finger

si glè a file tankou blan ze a nan mitan de dwèt ou yo = ou ka vin ansent.

dry mucus on a thumb and finger

si glè a sèch, li gonmen—li kole sou 2 dwèt yo san li pa file = ou pap fasil ansent

Ki jan pou nou swiv metòd kontwòl glè sèvikal la:
  • Pa fè lanmou lè ou wè, oubyen lè ou santi ou mouye. Men si ou vle fè lanmou, sèvi ak yon kapòt oubyen yon dyafram san espèmisid (se sèl metòd ki pa chanje jan glè a ye).
  • Lè glè a vin gonmen ankò, tann 2 jou toujou anvan nou fè lanmou.
  • Pa al fè lanmou lè ou gen règ ou. Ou pap ka konnen si pa gen yon ti chans tou piti pou vin ansent.
  • Pa janm fè douch oubyen lave andedan vajen ou; sa va pote glè a ale.
  • Si ou gen pwoblèm pou ou rekonèt kote ou ka ansent, oubyen si ou trape yon enfeksyon nan vajen, sèvi ak yon lòt metòd planin.


Metòd Ojino (metòd kontwòl jou yo)

Lè ou sèvi ak metòd kontwòl jou, se pou ou pa fè lanmou lè gen posiblite pou ou vin ansent. Se fanm ki gen règ yo sou 26 jou rive 32 jou, ki regle sou menm kantite jou chak lè, ki ka swiv metòd sa a. Sa vle di, depi premye jou règ ou jis premye jou pwochen règ ou, fòk sa fè 26 jou pou pi piti, epi pa plis pase 32 jou.

a woman thinking while she counts on her fingers
Sa fè 8 jou depi mwen kòmanse gen règ mwen. Sa vle di, nou pa ka fè lanmou jodi a, ni nan 10 jou kap vini an.
Pito m al rete kay sè m nan.

Metòd sa a ap mache ase byen si ou gen règ ou sou menm kantite jou chak mwa. Men, si ou gen yon règ pi long oubyen pi kout pase lòt la, ou ka fasil ansent. Sa ka rive lè yon fanm malad oubyen lè li sou tansyon. Lè sa a, li pi bon pou ou sèvi ak yon lòt metòd planin, jis ou fin refè, epi règ ou vini regilye.

Ki jan pou nou sèvi ak metòd Ojino a (metòd kontwòl jou yo): Pou sa mache, fòk ou pa fè lanmou, soti 8èm jou apre premye jou règ ou, rive 19èm jou. Si ou fè lanmou pandan jou sa yo, fòk ou sèvi ak yon lòt metòd planin.

Nou ka sèvi ak grenn kolye, ak yon tablo, oubyen ak yon lòt zouti pou fè nou sonje jou kote nou ka ansent yo. Yon kolye ki gen 32 grenn, ak twa koulè diferan, ka byen sèvi. Chak koulè reprezante yon pati diferan nan règ fanm nan.
illustration of the below: a string of 32 beads, with a marker on the first blue one
Yon grenn koulè wouj montre premye jou règ la.
13 grenn koulè ble montre jou kote nou pap fasil ansent.
6 grenn koulè ble montre jou kote nou pap fasil ansent.
12 grenn koulè blanch montre jou kote nou ka ansent (yon ze soti nan pòch ze nou); nou ka ansent si nou fè lanmou.
a woman holding a string of colored beads
Sou premye jou règ la, mete yon bag oubyen yon fil sou grenn wouj la. Chak jou, deplase bag la ale sou yon lòt grenn. Lè bag la rive sou youn nan grenn blanch yo, ou ka ansent si ou fè lanmou. Menm si gen grenn ki rete, depi règ la vini lòt mwa a, mete bag la sou grenn wouj la ankò, kote li te kòmanse a.