Hesperian Health Guides

Metòd òmonal yo

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Pifò metòd òmonal yo gen 2 kalite medikaman ladan yo. Yo koresponn ak 2 kalite òmòn kò fi bay pou kontwole règ yo. Òmòn sa yo rele oestrogène e progestérone (estwojèn ak pwojestewòn oubyen pwojestin). Nan metòd òmonal yo nou jwenn:

  • Grenn planin, Medam yo dwe bwè youn chak jou.
WWHND10 Ch13 Page 207-1.png
  • Piki, Medam yo dwe pran youn chak de twa mwa.
Ht WWHND10 Ch13 Page 207-2.png
  • Enplan, Yo mete yo anba po sou anwo ponyèt yon fanm. Yo bon pou plizyè ane.
WWHND10 Ch13 Page 207-3.png
ATANSYON! Metòd òmonal yo pa pwoteje fanm kont VIH/SIDA, oubyen lòt enfeksyon moun pran nan kontak seksyèl.

Se fanm ki gen kontwòl sou metòd òmonal yo. Yon gason ka menm pa konnen si fanm nan ap sèvi ak youn nan metòd sa yo.

Travay metòd òmonal yo se anpeche pòch ze (ovè) fanm pwodui ze (ovil). Epi òmon yo fè glè ki nan bouch matris la vin gonmen. Konsa, glè gonmen sa a anpeche jèm gason yo antre andedan matris la.

Pifò grenn planin ak kèk piki planin gen toulede òmòn yo ladan yo, estwojèn ak pwojestewòn (pwojestin). Yo rele yo grenn oubyen piki «konbine». Se youn nan metòd ki bay pi bon rezilta pou evite fi vin ansent. Epoutan, gen fanm ki pa dwe pran grenn oubyen piki ki gen estwojèn ladan yo, si yo gen kèk pwoblèm sante, oubyen si y ap bay tete. (Al gade Fanm ki pa dwe pran grenn konbine.)

Grenn senp (mini-pilil), enplan, ak kèk piki gen yon sèl òmòn— pwojestewòn (pwojestin). Fanm ki pa ka pran estwojèn, ak fanm kap bay tete, yo dwe sèvi ak metòd sa yo olye pou yo sèvi ak metòd «konbine» yo.

Fanm ki pa dwe swiv OKENN metòd òmonal:

Lè yon fanm ap pran kèk kalite medikaman pou kriz, pou tibèkiloz, oubyen pou VIH/SIDA, li ka pa jwenn bon rezilta ak metòd òmonal yo. Yon fanm kap pran medikaman sa yo dwe sèvi ak yon lòt metòd, oubyen mete yon lòt metòd sou grenn planin, tankou kapòt oubyen dyafram.

  • Fanm ki gen kansè nan tete oubyen ki gen boul di nan tete. Metòd òmonal yo pa bay kansè, men si yon fanm deja gen kansè, metòd sa yo ka fè maladi a vin pi grav.
a woman with her shirt open, feeling her breast
a pregnant woman
  • Fanm ki ka deja ansent, oubyen ki wè règ yo anreta.
  • Fanm ki te bay san nan vajen an yon jan ki pa nòmal pandan 3 mwa anvan yo kòmanse fè planin. Se pou yo al wè yon ajan sante pou konnen si se pa yon pwoblèm grav yo genyen.
a woman looking at blood on the back of her skirt


Gen kèk metòd òmonal ki gen danje pou fanm ki gen lòt pwoblèm sante. Chache konnen tout sa nou kapab sou chak metòd planin. Si ou gen youn nan pwoblèm sante ki ekri anwo a, epi ou toujou vle swiv planin, al konsilte yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon nan afè planin.

Grenn planin

Se pa touswit grenn yo ap anpeche yon fanm vin ansent. Poutèt sa, pandan premye 7 jou yon fanm pran grenn yo, li dwe sèvi ak kapòt oubyen yon lòt metòd planin pou li pa ansent.

Si ou oblije chanje grenn, epi ou vin pran yon dòz ki pi fèb, fòk ou sèvi ak kapòt oubyen dyafram, oubyen pa fè lanmou pandan premye mwa a.

Grenn planin ki gen estwojèn ak pwojestewòn

Depi nou pran yon grenn planin chak jou, sa ap anpeche nou vin ansent. Genyen plizyè mak grenn ki gen plizyè kalite estwojèn ak pwojestewòn ladan yo nan plizyè dòz. Moun sèvi plis ak grenn ki gen dòz fèb, ki gen estwojèn 20, 30, oubyen 35 mikwogram (mcgm). «Grenn dòz fèb» ak «grenn senp» (mini pilil) pa menm—«grenn dòz fèb» gen estwojèn ak pwojestewòn toulede ladan yo, epoutan «grenn senp» (mini-pilil) gen pwojestewòn sèlman.

Nòmalman, nou ka jwenn grenn konbine yo nan klinik planin, nan dispansè, nan famasi, ak kay ajan sante yo.

Depi nou kòmanse bwè grenn planin, fè efò pou nou kontinye ak menm mak grenn nan (depi nou gen mwayen, achte plizyè pakèt). Si nou oblije pran yon lòt mak, fè efò pou nou jwenn youn ki gen menm non òmòn yo ak menm fòs dòz la. Konsa yo pap fasil ban nou pwoblèm, epi n ap jwenn pi bon pwoteksyon.

Fanm ki pa dwe pran grenn konbine (ki gen toulede òmòn yo ladan yo):

Grenn planin ka mete lavi yon fanm nan danje. PA JANM pran grenn planin si ou soufri nenpòt nan pwoblèm yo ki ekri anwo a, oubyen:

  • si ou gen lajonis (epatit), osinon si je ak po ou tounen koulè jòn.
  • si ou konn soufri paralizi, konjesyon serebral, oubyen maladi kè.
  • si ou te deja gen yon boul san kaye nan venn janm ou, nan poumon ou, oubyen nan sèvo ou. Nòmalman, varis yo pa bay pwoblèm, esepte si venn yo wouj epi yo anfle.


Si ou gen nenpòt nan pwoblèm ki ekri anba a, eseye swiv yon lòt metòd planin nan plas grenn planin nan. Men si ou pa kapab, li pi bon pou ou pran grenn planin pase pou ou vin ansent.
Eseye pa pran grenn konbine yo si ou:

  • fimen, epi ou pi gran pase 35 ane. W ap pi fasil fè yon konjesyon serebral oubyen yon kriz kè.
  • soufri ak dyabetik oubyen ak malkadi Si w ap pran remèd pou malkadi (epilepsi), fòk ou pran yon grenn planin ki pi fò (50 mcg estwojèn). Al pran enfòmasyon nan men yon ajan sante oubyen nan men yon doktè.
a health worker checking a woman's blood pressure

Si pwoblèm grenn konn bay yo ap deranje ou, al wè yon ajan sante. Petèt ou ka pran yon lòt kalite grenn.

  • soufri tansyon ki twò wo (pi wo pase 140/90). Si gen de lè yo te di ou ou soufri tansyon, oubyen si ou kwè ou ka gen tansyon, al wè yon ajan sante pou fè tyeke tansyon ou. Si ou twò gra, si ou gen maltèt souvan, si souf ou kout, si ou santi ou fèb, oubyen tèt ou ap vire souvan, si ou gen doulè nan zepòl gòch oubyen nan pwatrin ou, al fè yo tyeke tansyon ou.
Lòt pwoblèm grenn planin konbine konn bay:

Si règ ou pa vini nan dat li abitye vini, epi, an plis, ou te sote de twa jou san bwè grenn nan, kontinye bwè grenn yo, men al wè yon ajan sante pou konnen si ou pa ansent.

  • Nou wè ti san lè se pa moman pou nou gen règ nou. Sa nou wè pi souvan, depi n ap pran grenn pou nou pa fè pitit, san an pap koule anpil lè nou gen règ nou; nou ka pa wè règ nou ditou. Pou nou pa wè ti san nan mitan de règ nou yo, fè atansyon pou nou pran grenn nan nan menm lè a chak jou. Si nou toujou ap wè ti san, pale ak ajan sante nou pou wè si li ta bon pou nou pran yon grenn ki gen lòt dòz òmòn yo.

Pandan w ap pran grenn planin nan, si yo ba ou yon lòt medikaman pou ou pran, mande ajan sante a si ou dwe sèvi ak yon metòd planin tankou kapòt, oubyen si ou pa gen dwa fè sèks pandan w ap pran lòt remèd la. Genyen antibyotik ak lòt medikaman ki fè grenn planin pèdi fòs li.

  • Anvi vomi, kè plen. Nòmalman, sa ap pase nan youn oubyen 2 mwa. Pou soulaje lestomak boulvèse, pran grenn nan lè n ap manje, oubyen pran li yon lòt lè nan jounen an. Gen fanm ki jwenn soulajman si yo bwè yo lè yo pral dòmi.
  • Maltèt. Nou ka gen ti maltèt lejè souvan nan premye mwa yo. Yon analjesik (grenn pou doulè) ap rezoud pwoblèm nan yon ti moman. Men si se gwo maltèt nou genyen, si nou wè twoub, se kapab yon gwo pwoblèm nou genyen. Se ka yon siy danje; al gade anba.
Siy ki montre nou gen danje lè n ap pran grenn konbine yo:

SISPANN pran grenn nan epi kouri al wè yon ajan sante si ou:

  • ap soufri ak gwo tèt fè mal (migrenn) ki fè ou wè twoub. Ou pa t konn gen sa anvan ou te kòmanse pran grenn yo.
  • gen bra ou oubyen janm ou yo vin fèb oubyen angoudi.
  • santi gwo doulè nan pwatrin ou ki mache ak souf kout.
  • gen gwo doulè nan yon janm.
  • gen gwo vant fè mal kap mòde ou.
Si ou gen nenpòt nan pwoblèm sa yo, gen danje si ou vin ansent. Sèvi ak yon lòt metòd planin tankou kapòt jis ou ka al konsilte yon ajan sante ki byen fòme nan metòd òmonal yo. a condom a tube of spermicide
Ki jan pou nou pran grenn konbine yo:

Pakèt grenn yo gen 21 oubyen 28 grenn. Si se yon pakèt 28 grenn nou genyen, bwè yon grenn chak jou san sote jou. Kou pakèt la fini, ouvri yon lòt pakèt.

(Dènye 7 grenn nan yon pakèt ki gen 28 grenn, se sik ase ki ladan yo. Yo pa gen òmòn. Yo mete grenn sik yo la pou fè nou sonje pou nou toujou pran yon grenn chak jou.)

a packet of 28 pills in 4 rows
Pakèt 28 grenn
a packet of 21 pills in 3 rows Si nou genyen yon pakèt 21 grenn, n ap pase 21 jou ap bwè grenn, epi apre sa, n ap pase 7 jou san nou pa pran li. Nòmalman, se pandan nou pa pran grenn nan, règ la ka vini. Men, menm si règ la pa vini, kòmanse ak yon lòt pakèt 7 jou apre nou fini ak premye pakèt la.
Pakèt 21 grenn

Kit se pakèt 21 grenn nan n ap sèvi, kit se 28 grenn nan, pran premye grenn nan sou premye jou règ ou. Konsa grenn yo ap anpeche yon fanm vin ansent depi jou sa a. Si premye jou a deja pase, ou ka bwè premye grenn nan sou nenpòt nan premye 7 jou. Men grenn pap anpeche ou vin ansent touswit. Konsa, pandan premye 15 jou w ap pran grenn yo, sèvi ak yon lòt metòd planin, oubyen pa fè lanmou.

Nou dwe bwè yon grenn chak jou, menm si ou pa fè lanmou. Bwè grenn nan nan menm lè a, chak jou. Pa bliye: si se yon lendi ou ouvri premye bwat grenn nan, se yon lendi tou w ap ouvri tout lòt bwat yo, si se madi, menm bagay, si se mèkredi, menm bagay.


Lè nou sote jou:
a row of 7 pills showing a missed pill on one day and then 2 pills together the next day
a dotted-line circle= ou bliye bwè yon grenn
two pills together= se pou ou bwè 2 grenn

Si ou bliye bwè nan grenn yo, ou kapab ansent.

Si ou bliye bwè youn oubyen 2 grenn, bwè youn pandan ou sonje sa. Bwè lòt la lè ou abitye bwè yo nòmalman. Sa vle di, ou ka bwè 2 grenn nan yon sèl jou.

Si ou bliye bwè 3 grenn pandan 3 jou youn apre lòt, ou dwe bwè 1 (yon) grenn menm kote ou sonje a. Apre sa, bwè youn chak jou jan ou abitye bwè li.

Si w ap sèvi ak pakèt 28 grenn, bwè grenn òmòn yo. Sote grenn sik yo. Apre sa, ouvri yon nouvo pakèt epi kòmanse pran grenn òmòn yo. Si w ap sèvi ak pakèt 21 grenn, depi ou fini ak pakèt la, kòmanse yon lòt pakèt san sote jou. Sèvi ak kapòt (oubyen pa fè lanmou) jis ou gen tan pran grenn san sote pandan 7 jou.

Si ou sote plis pase 3 jou, se pou ou sispann pran grenn yo epi tann règ ou vini. Sèvi ak kapòt (oubyen pa fè lanmou) jis règ la vini. Apre sa, kòmanse ak yon nouvo pakèt.

Si ou sote kèk grenn oubyen bwè grenn yo an reta, ou ka bay ti san, tankou se yon ti règ.

a woman taking a pill with a glass of water while the sun goes down outside a window

Si ou mal pou ou sonje bwè grenn yo, chwazi yon moman kote ou toujou fè yon travay, tankou fè manje. Konsa, chak jou, lè w ap fè manje, w ap konnen se pou ou bwè grenn nan. Oubyen, bwè grenn nan lè solèy la pral kouche, oubyen anvan ou al dòmi. Toujou kite bwat grenn nan kote pou je ou ka tonbe sou li. Si malgre sa ou toujou bliye (pou pi piti 1 fwa chak mwa), reflechi pou ou wè si li pa ta bon pou ou sèvi ak yon lòt metòd planin. Si, lè ou fin bwè yon grenn, ou vomi anvan 3 zèdtan fin pase, oubyen si ou gen gwo vant mennen, grenn planin nan pap rete andedan kò ou pandan tan li ta dwe rete pou li fè travay li a. Fòk ou sèvi ak kapòt oubyen dyafram, oubyen pa fè lanmou toutotan ou poko rive bwè 7 grenn san sote jou pandan 7 jou.

Lè nou vle sispann pran grenn yo:

Si nou deside chanje metòd, oubyen si nou vle fè pitit, sispann bwè grenn yo, kou nou fini ak yon pakèt. Nou ka ansent touswit. Pifò fanm ki sispann pran grenn paske yo vle fè pitit ka ansent anvan 12 mwa fin pase.

Grenn senp (mini pilil), grenn ki gen pwojestewòn (pwojestin) sèlman

Si ou bliye bwè yon grenn, sèvi ak kapòt oubyen dyafram (oubyen pa fè lanmou) pandan 7 jou. Toujou kontinye bwè grenn yo jan ou dwe a.

a packet of 28 pills in 4 rows
a woman breastfeeding a baby
Pa gen danje pou medam nouris yo, epi yo jwenn bon rezilta lè yo sèvi ak grenn senp (mini-pilil)

Kòm grenn sa a pa gen estwojèn ladan l, li bon pou fanm ki pa ka pran grenn konbine yo, ak pou fanm ki gen twòp pwoblèm ak grenn konbine yo.

Li bon anpil pou fanm kap bay tibebe yo tete, ki poko wè règ yo depi yo akouche. Si fanm nan pap bay tete, oubyen si li fè plis pase 6 mwa ap bay tete, grenn konbine yo pi efikas pase grenn senp yo. N ap jwenn grenn senp yo sou plizyè non mak.

Nòmalman, nou ka jwenn grenn senp yo nan klinik planin, nan dispansè, nan famasi, ak kay ajan sante yo.

Tout fanm kap soufri ak pwoblèm ki ekri anwo a, ansanm ak fanm kap pran medikaman pou kriz, yo pa dwe sèvi ak grenn senp (mini pilil). Medikaman sa yo ap fè grenn nan pèdi fòs li.

Lòt pwoblèm grenn senp (mini pilil) konn bay
  • senyen lè nou pa ta dwe senyen. Se pwoblèm sa a nou jwenn pi souvan. Si sa ban nou pwoblèm, nou ka jwenn soulajman ak ibipwofèn.
  • règ nou vini an reta. Sa rive souvan, men si nou fè plis pase 45 jou depi nou pa wè règ nou, nou kapab ansent. Pran grenn yo jis nou wè yon ajan sante ki ka fè yon tès gwosès pou nou.
  • yon maltèt tanzantan.
Ki jan pou nou pran grenn senp (mini pilil) la

  • Si ou pap bay tete, oubyen si w ap bay tete epi règ ou gen tan tounen sou ou, bwè grenn nan sou premye jou règ ou.
  • Si w ap bay tete epi ou poko wè règ ou, pran premye grenn nan nenpòt jou, soti 6 senmenn rive sou 6 mwa apre ou akouche. Ou ka pa wè règ ou. Se nòmal. Lè 6 mwa fin pase epi ou toujou pa wè règ ou, ou mèt pran premye grenn nenpòt jou, men sèvi ak kapòt oubyen dyafram, oubyen pa fè lanmou, pandan premye 2 jou yo.
  • Bwè yon grenn chak jou. Kenbe yon lè egzak nan jounen an pou ou pran grenn nan. Si ou bwè yon grenn an reta—menm kèk èdtan—oubyen si ou sote jou, ou ka vin ansent.
  • Depi ou fini ak yon pakèt grenn, kòmanse ak yon lòt pakèt nan demen, menm si ou pa t wè règ ou. Pa sote jou.

Ki sa pou nou fè si nou bliye bwè yon grenn senp (mini pilil)
Kote ou sonje sa, bwè yon grenn. Bwè lòt la lè ou abitye bwè yo nòmalman. Sa vle di, ou ka bwè 2 grenn nan yon sèl jou. Sèvi ak kapòt oubyen dyafram, oubyen pa fè lanmou pandan 2 jou. Ou ka bay ti san si ou bwè grenn nan an reta.

Lè nou vle sispann pran grenn senp (mini pilil)

Ou gen dwa sispann nenpòt lè. Si se jodi a ou sispann, ou ka ansent nan demen. Konsa, fòk ou sèvi ak yon lòt metòd planin depi jou sa a, si ou pa vle ansent. Si ou tann règ nou fini anvan ou sispann bwè grenn yo, règ ou va vini pi regilye.

Enplan (Jadelle, Implanon, Norplant)

two very small tubes being held between a thumb and forefinger

Enplan se ti tib tou piti, ki mou; yo mete yo anba po sou andedan anwo ponyèt yon fanm. Yo mete yon òmòn, pwojestewòn, ladan l. Yo travay menm jan ak grenn senp yo. Enplan pwoteje medam yo pou yo pa ansent pandan 3 rive 5 lane, sa depann de kalite enplan an.

Ki jan pou nou sèvi ak enplan

a woman lying down while a health worker puts implants in her upper arm


Fòk se yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon ki pou fè yon ti koupe nan po a pou li mete oubyen wete enplan yo. Yo fè sa nan yon klinik oubyen nan yon sant kote yo fè planin.

ATANSYON! Anvan nou sèvi ak enplan, fòk nou konnen si, bò lakay nou, gen yon ajan sante ki gen ladrès pou li retire enplan an pou nou, si nou ta vle sa. Retire enplan pi difisil pase mete yo.

Fanm ki nouris ak fanm ki gen pwoblèm ak estwojèn ka sèvi ak enplan san pwoblèm. Medam ki gen youn nan pwoblèm ki nan pi wo a la pa dwe sèvi ak enplan. Fanm ki soufri ak maladi kè, fanm ki ta renmen fè pitit nan de twa ane, yo pa dwe sèvi ak enplan non plis. Si n ap pran medikaman pou kriz, nou dwe sèvi ak yon lòt metòd mete sou enplan an, tankou kapòt oubyen dyafram.

Pwoblèm nou ka genyen lè nou sèvi ak enplan:

Pandan premye mwa yo, enplan an ka fè règ la vini anvan lè (nan mitan de règ yo), oubyen règ la ka dire plis jou. Oubyen règ la gen dwa pa vini ditou. Sa pa vle di nou ansent; sa pa vle di gen pwoblèm non plis. Pwoblèm sa yo ap disparèt lè kò a fin abitye ak plis pwojestewon. Si sa ban nou pwoblèm lè règ la pa vini sou dat li, ajan sante a mèt ban nou yon ti grenn konbine mete sou enplan an pandan de twa mwa. Nou ka gen maltèt tanzantan, ak lòt pwoblèm medam yo konn genyen lè yo pran piki planin ki gen pwojestewòn sèlman.

Anpil fanm bouke bonè bonè ak enplan. Yo vle wete l paske yo pa renmen pwoblèm yo bay. Pi gwo pwoblèm se règ ki pa vini lè pou yo vini a.

Lè nou vle sispann sèvi ak enplan an:

Ou ka fè wete enplan an nenpòt lè—men ou ka mal pou jwenn yon ajan sante ki konn fè l. Lè ou fin wete li, ou ka ansent touswit. Konsa, si ou pa vle ansent, sèvi ak yon lòt metòd planin.

Piki planin

a syringe next to a bottle labeled 'injectable contraceptive'

An jeneral, yon fanm kap swiv metòd sa a gen pou li pran, nan yon sant sante oubyen yon klinik kote yo fè planin, yon piki òmòn chak 1 rive 3 mwa. Se yon moun ki byen fòme ki dwe bay piki a. Toutotan lè a poko rive pou fanm nan pran yon lòt piki, li pap ka ansent. Yon fanm ka swiv metòd sa a san lòt moun pa konnen.

Piki ki gen pwojestewòn (pwojestin) sèlman

Gen piki planin, tankou Depo Provera ak Noristerat, ki gen yon sèl òmòn, pwojestewòn, ladan l. Piki sa yo bon anpil pou fanm ki pa dwe pran estwojèn. Medam yo dwe pran yon piki chak 2 rive 3 mwa.

Si yon fanm gen nenpòt nan pwoblèm ki ekri anwo a, li pa dwe pran piki sa a. Medam yo pa dwe sèvi ak metòd sa a non plis si yo pa ka pran piki regilye, oubyen si yo vle fè pitit anvan ane an fin pase.

Efè segondè nou jwenn souvan ak piki ki gen pwojestewòn sèlman.

Lè yon fanm pran piki ki gen pwojestewòn sèlman, li pap wè règ li jan li te konn wè l anvan. Li ka fè ti senyen chak jou, oubyen nenpòt ki lè. Lè li fin fè yon ane sou piki planin nan, règ li yo ka sispann nèt. Tout chanjman sa yo, se bagay nòmal.

Pandan premye mwa yo, metòd sa a pote plis deranjman nan règ medam yo pase nenpòt lòt metòd òmonal, paske chak piki gen gwo gwo dòz pwojestewòn ladan li. Men lòt pwoblèm nou ka wè:

  • règ la pa vini sou dat li, oubyen fanm nan ka wè ti san nenpòt ki lè. Si sa bay pwoblèm, yon ajan sante ka fè li pran, pandan 2 mwa, grenn konbine ki gen dòz fèb, mete sou piki a. An jeneral, pwoblèm nan ap regle pou kont li nan kèk mwa.
  • fanm yo ka pa wè règ yo ditou.
  • medam yo ka pran pwa.

Piki konbine

Gen kèk lòt kalite piki, tankou Cyclofem ak Mesigyna, ki gen estwojèn ak pwojestewòn toulede ladan yo. Yo bon pou fanm ki vle wè règ yo nòmalman. Se chak mwa medam yo dwe pran yo, yo koute pi chè, epi nou ka mal pou nou jwenn yo.

Fanm ki pa dwe pran grenn planin konbine, ni piki ki gen pwojestewòn sèlman, yo pa gen dwa pran piki konbine non plis. Tout tan w ap bay tete, pa pran piki konbine, jis tibebe a rive sou laj 6 mwa, oubyen jis ou wè règ ou tounen sou ou, nenpòt sa ki rive an premye.

Efè segondè nou jwenn souvan ak piki konbine yo:

Kòm piki konbine ak grenn konbine gen menm òmòn yo ladan yo, konsa yo bay menm pwoblèm tou.

Ki jan pou ou pran piki planin:

Li bon pou ou pran premye piki pandan ou gen règ ou. Konsa, w ap asire ke ou pa ansent. Si w ap bay tete, epi ou poko wè règ ou, ou mèt kòmanse nenpòt lè. Si ou pran li anvan 5èm jou depi premye jou règ ou, piki a ap anpeche gwosès touswit. Si se plis pase 5 jou ki pase depi premye jou règ ou, sèvi ak kapòt oubyen pa fè lanmou pandan 7 jou apre ou pran piki a. Gen mak piki nou dwe pran chak mwa. Gen lòt nou dwe pran chak 2 oubyen 3 mwa. Sa depann de ki kalite piki n ap pran:

  • Depo Provera: chak 3 mwa
  • Noristerat: chak 2 mwa
  • Cyclofem ak Mesigyna: chak mwa

Fè efò pou nou pa gen twòp reta sou lè pou nou pran piki a. Plis nou fè reta, se plis medikaman an pèdi fòs li. Si nou an reta, sèvi ak kapòt oubyen pa fè lanmou pandan 7 jou apre nou pran piki a.
a health worker talking to a woman while giving her an injection
Se Depo Provera w ap pran. Ebyen, fòk ou tounen vin pran yon lòt piki nan 3 mwa.

Lè nou vle sispann pran piki planin:

Nou ka kite metòd sa a nenpòt lè. Men lè nou sispann pran piki, li posib pou nou pase yon ane oubyen plis, anvan nou ka vin ansent, epi anvan règ nou vini nòmalman. Men sa ka rive pi vit tou. Se poutèt sa, si nou pa vle fè pitit, fòk nou swiv yon lòt metòd planin pandan tan sa a.