Hesperian Health Guides

Annou travay pou chanje sityasyon nou

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Gen de fwa, yon fanm ta renmen evite grennen pitit youn dèyè lòt, oubyen li ta renmen kontwole konbyen pitit l ap fè. Men li pa ka fè planin. Sa ka rive paske:

  • fanm nan pa ka rive konnen sa li bezwen konnen sou metòd planin yo.
  • yo mal pou yo jwenn kèk metòd planin, oubyen yo koute twò chè.
  • pa gen sant sante pou fanm, pa gen sèvis planin nan zòn nan. Epi pa gen ajan sante ki gen bon jan fòmasyon nan afè planin ki pou fè travay la.
  • gen relijyon ki pa vle moun fè planin.
  • gen mari ki pa vle madanm yo fè planin.
Men kèk aktivite gwoup moun ka fè pou pèmèt tout fanm nan kominote a jwenn mwayen pou fè planin. Aktivite sa yo ka ankouraje plis moun fè planin tou:
a man showing some other men a condom from a package
  • Fè edikasyon. Pèmèt tout moun—jennjan ak demwazèl, gason ak fanm—aprann ki jan planin ap mache. Montre yo avantaj ki gen nan fè planin, epi ede yo chwazi yon metòd ki bon pou yo. Nou ka fè yon tèt ansanm ak fanm, oubyen ak mari e fanm yo, pou brase lide sou pwoblèm planin, ak ki jan sa mache. Mete sou sa ki jan pou yo evite trape VIH/SIDA ak lòt maladi moun pran nan fè bagay.
  • Fè plan pou ede tout moun ka jwenn sèvis planin ki pa koute chè. Voye yon ajan sante nan kominote a al pran fòmasyon sou kesyon planin. Li ka mete sou pye yon sant sante pou fanm. Oubyen li ka bay sèvis planin nan sant sante ki nan kominote a.
  • Prepare kèk gason kòm animatè teren. Mesye sa yo gen pou yo esplike gason parèy yo poukisa li bon pou fè planin. Ede gason yo konprann responsablite yo nan afè fè pitit, pou yo pa lage tout chay la bay fanm yo. Eseye fè yo chanje vye lide ki fè «yo santi yo gason», pou yo ka bay kout men nan kesyon planin nan.
  • Konsidere pozisyon moun nan kominote a genyen, akòz relijyon yo ak kwayans yo, sou kesyon planin nan. Respekte relijyon moun yo. Si nou respekte kwayans moun yo lè n ap bay esplikasyon sou metòd planin, yo ap pi vit asepte sèvi ak yo.


Lè n ap fè yon chita tande nan kominote a sou kesyon planin, sonje, epi fè lòt moun sonje: fè planin bon pou sante fanm, men, plis pase sa, li bon pou tout moun nan kominote a. Konsa, tout moun ap viv pi byen.