Hesperian Health Guides
Annou chwazi ki metòd ki pi bon pou nou
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 13: Fè plan pou fanmi nou > Annou chwazi ki metòd ki pi bon pou nou
M vle toujou wè règ nòmal mwen. |
M pa vle okipe ak afè planin chak jou. |
Ou mèt CHWAZI: kapòt, dyafram, esterilè | Ou mèt CHWAZI: enplan, piki, esterilè. |
Ou mèt EVITE: metòd òmonal yo | Ou mèt EVITE: grenn planin konbine oubyen grenn senp, tout metòd natirèl yo. |
Mennaj mwen pa vle kite mwen fè planin.
|
M pa vle plede foure bagay nan vajen mwen, ni kite yo mete bagay nan matris mwen.
|
Ou mèt CHWAZI: enplan, piki, esterilè | Ou mèt CHWAZI: metòd òmonal, kapòt pou gason, metòd natirèl. |
Ou mèt EVITE: kapòt, dyafram, grenn planin, metòd natirèl | Ou mèt EVITE: dyafram, kapòt pou fanm, esterilè. |
Mwen vle kapab fè lanmou nenpòt ki lè, san anyen pap jennen m.
|
Nou vle sispann fè pitit nèt.
|
Ou mèt CHWAZI: esterilè, metòd òmonal yo. | Ou mèt CHWAZI: operasyon (pou pa fè pitit ankò), enplan, piki, esterilè. |
Ou mèt EVITE: kapòt, dyafram, metòd natirèl. | Ou mèt EVITE: kapòt, dyafram, metòd natirèl. |
Mwen kwè nou ka anvi fè pitit ane sa a.
|
Mwen kwè mennaj mwen ap fè bagay ak lòt moun; li ka ban mwen yon maladi moun trape nan fè sèks.
|
Ou mèt CHWAZI: kapòt, dyafram, grenn planin konbine, grenn senp (mini-pilil), tout metòd natirèl. | Ou mèt CHWAZI: kapòt pou gason oubyen pou fanm |
Ou mèt EVITE: enplan, piki, esterilè, operasyon. | Ou mèt EVITE: tout metòd òmonal, tout metòd natirèl, esterilè, operasyon. |
M ap bay pitit mwen tete.
|
Mari mwen pa vle dakò ak mwen sou kesyon planin nan.
|
Ou mèt CHWAZI: kapòt pou gason ak pou fanm, dyafram, enplan, esterilè, grenn senp (mini-pilil), piki ki gen pwojestewòn sèlman. | Ou mèt CHWAZI: kapòt pou fanm, dyafram, metòd òmonal yo, esterilè. |
Ou mèt EVITE: grenn planin konbine, piki chak mwa toutan tibebe a pa rive sou laj 6 mwa, oubyen ou poko wè règ ou. | Ou mèt EVITE: kapòt pou gason, metòd natirèl. |