Hesperian Health Guides

Zo kase, zo dejwente, ak antòs

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Premyèman, gade pou wè si zo a pa kase oubyen dejwente (li soti nan plas li nan yon jwenti); oubyen si pa gen foulay (fil vyann nan yon jwenti chire oubyen fòse anpil). Anpil fwa nou mal pou konnen, san nou pa fè radyografi. Si nou pa ka konnen si li kase, dejwente, oubyen foule, kenbe zo a nan yon pozisyon fiks. Chache konkou. Epitou, li ka gen plis pase yon sèl blesi ; pa egzanp, zo a ka dejwente e kase. Tou de ka mache ansanm.

Ba li medikaman pou kalme doulè a, tankou paracétamol (parasetamòl) oubyen ibuprofène (ibipwofèn).

Yon bra ki kase
Zo kase :
Zo a defòme. Li pa dwat, oubyen moun nan ka montre ak yon sèl dwèt kote zo a fè l mal. Si li pa fè mouvman, sa ka pa fè l twò mal ; li ka menm pa fè mal ditou. Genyen zo ki kase ki pa defòme, yo rete dwat. Se radyografi ki pou di si zo a kase.
yon zepòl ki dejwente
Zo dejwente (zo ki soti nan plas li nan jwenti a) : Jwenti a defòme, oubyen li pa ka fè mouvman ak manm nan.
 [yon ponyèt ki anfle
Antòs ak foulay :
Li anfle bò yon jwenti epi sa fè l mal.

Zo kase

Kenbe yon zo kase nan yon pozisyon fiks, jis nou jwenn yon moun ki gen ladrès pou mete zo yo nan plas yo. Pou zo kase a pa fè mouvman, kenbe l an plas ak yon aparèy ki fèt an yon moso katon di ki pliye, yon moso bwa, yon moso tach, oubyen nenpòt bagay ki di e ki dwat.

Ki jan pou fè yon aparèy ki pou kenbe yon zo nan yon pozisyon fiks


Premye pwen :
Mete bra li nan pozisyon nòmal li. Mete koud la pou li lejèman koube.
NWTND fa Page 29-1.png
Dezyèm pwen :
Mare l ak yon pansman, twal gaz, yon ti twal fen, oubyen sèvi ak manch rad li.
NWTND fa Page 29-2.png
Twazyèm pwen : Poze bra li sou aparèy ki pou kenbe l fiks. Mete yon woulo twal nan men li. Si se yon janm, fè li lonje janm nan sou aparèy la.
NWTND fa Page 29-3.png
Katryèm pwen : Mare bra a e aparèy la ansanm avèk yon pansman oubyen yon bann twal ki pou kenbe l fiks.
NWTND fa Page 29-4.png

Pa kouvri dwèt ak zòtèy yo. Voye je sou yo souvan pou asire ke yo rete cho epi yo pa angoudi (mouri).

NWTND fa Page 29-5.png
Lè se yon zo kwis ki kase, mare moun blese a nan yon aparèy ki soti nan ranch lan rive sou je pye a.
NWTND fa Page 29-6.png
Si se yon dwèt oubyen yon zòtèy ki kase, mare l ak yon dwèt oubyen yon zòtèy ki akote l. Mete yon ti rambouraj mou nan fant yo.

Ki jan pou nou fè yon echap

Nou ka fè yon echap pou pwoteje ak pou soutni yon bra osinon yon zepòl ki blese.

Sèvi ak yon moso twal kare, pliye l an triyang. Poze bra a sou kote twal la pliye.
Soutni koud la.
Mare l dèyè kou a.

Ki jan pou nou mete yon zo kase nan plas li

Si zo a pa dwat, l ap geri pi vit si nou mete l nan plas li. Men si nou pa konnen ki jan pou nou fè l, nan chache ranje l nou ka deranje l pi mal. Sa ki pi bon, se pou nou fè l ak konkou yon moun ki gen esperyans, ki konn fè sa deja. Nan anpil kominote genyen ajan sante oubyen lòt moun ki konnen byen ki jan pou mete zo nan plas yo.

Premye pwen :
Ba li medikaman ki pou kalme doulè a. Nou gen dwa mete sou li yon grenn kalman, tankou diazépam (dyazepam) oubyen lorazepam (lorazepam), pou ede l poze san li.

Dezyèm pwen :
Mande moun k ap ede ou a pou li kenbe manm nan anwo kote ki kase a, pou l pa fè mouvman. Oubyen mare l ak yon bagay ki solid, ki pa p bouje.

Yo montre nou ki jan pou nou rale yon ponyèt ki kase.

Twazyèm pwen :
Ou menm, rale men an ak tout fòs, men fè l dousman dousman. Pa rale l sèk, men rale l ase fò pou separe bout zo ki kase yo.

Yo montre ki jan pou nou mete de bout zo yo ansanm.

Katryèm pwen :
Lè bout zo ki kase yo separe, mete 2 bout zo nan plas yo tou dousman, epi kite yo tounen ansanm.


ATANSYON! Pa eseye mete yon zo kase nan plas li si li sanble zo a kase jis nan jwenti a, oubyen si zo a kase plizyè kote, ki bay moso zo ki tou detache k ap «flote». Pa rale sèk sou yo, epi pa fòse yon zo kase tounen nan plas li. Sa ka deranje l pi mal, epi donmaje moun nan pou rès lavi li. Chache konkou.


Ki jan pou nou fè yon plat pou yon zo ki kase

Nou ka fè yon plat ak moso twal epi yon melanj siwo oubyen yon melanj plat ki vin di lè li fin sèch.

Nan peyi Mexique (Meksik), genyen de kalite plant yo sèvi ak yo pou fè plat. Nan peyi Inde (Enn) yo sèvi ak yon melanj blan ze ak zèb. Tou de metòd sa yo sanble youn ak lòt. Nou ka sèvi ak nenpòt plant ki bay yon siwo ki di lè l fin sèch. Fòk siwo a pa fè po a irite. Dabitid, yo bouyi plant lan nan dlo jis li tounen yon siwo pwès. Oubyen, nou mèt sèvi ak plat de pari (plâtre de Paris) melanje ak dlo.

Rete tann manm nan dezanfle anvan nou mete plat la. Sa ka pran jiska 8 jou. Annatandan, soutni manm nan ak yon aparèy e yon echap.

Premye pwen :
Fè atansyon pou zo a byen dwat. Fòk 2 bout zo yo nan plas yo. Konpare manm ki blese a ak manm ki pa blese a ; yo toulede dwe gen menm longè e menm fòm.

Dezyèm pwen :

Mete manm nan nan pozisyon sa a :

Koud la koube, pous anwo, dwèt yo lejèman koube—kòmsi l ap kenbe yon vè.
NWTND fa Page 31-1.png
Jenou a lejèman koube. Je pye a nan pozisyon li ye lè moun nan kanpe debou.
NWTND fa Page 31-2.png

Twazyèm pwen :
Mare manm nan ak yon twal fen, oubyen ak twal gaz ; veye pou l pa twò sere. Lè nou mete plat la, li dwe kouvri jwenti ki pi wo a ak jwenti ki anba kote ki kase a.

Katryèm pwen :
Mare l ak koton wat, oubyen ak koton ki sou grenn pye kapòk. Mete plis koton kote zo yo fè pwen, tankou sou je pye yo, men pa mete twòp, sitou sou kote ki kase a.

Senkyèm pwen :
Tranpe bann twal, dra ki pwòp, oubyen pansman yo nan siwo a oubyen nan melanj plat la.

NWTND fa Page 31-3.png

Sizyèm pwen :
Fòme plat la pou l kouvri kote bandaj yo ye. Pa kouvri ni dwèt ni zòtèy yo. Plat la dwe ale byen sou manm lan, men li pa gen dwa twò sere.

NWTND fa Page 31-4.png
Yo fè nou wè ki jan pou nou tounen premye twal la alanvè sou plat la.

Sètyèm pwen :
Premye twal nou te mete sou manm lan, pran li, epi tounen l alanvè sou plat la. Fè rebò plat la lis, konsa.

Yon fwa plat la fin fèt, poze manm nan sou li. Si li posib, leve l anwo pase kè moun nan. Sèvi ak beki pou yon moun ka mache san li pa mete yon janm kase atè.

Lè plat la fin fèt, si dwèt oubyen zòtèy li yo kòmanse anfle, si yo fè pi mal, si yo tounen koulè wouj, blèm, oubyen ble, oubyen si yo angoudi, fè vit wete plat la. Si nou pa wete yon plat ki twò sere, sa ka fè moun nan pèdi manm nan.

Konbyen tan sa pran pou yon zo kase pran ? Zo timoun pran nan kèk senmenn. Zo ti granmoun ka pran de mwa pou yo geri ; gen de fwa yo pa p janm pran. Kite yon bra ki kase nan plat la pou yon mwa pandan pi piti. Kite yon janm ki kase nan plat la pandan 2 mwa konsa.

Zo ki kase ki pete po a pou l parèt deyò

(frakti ki louvri)

NWTND fa Page 32-1.png

Nan yon ka konsa, toujou gen gwo danje enfeksyon. Netwaye blesi a ak anpil dlo. Fè dlo a koule sou li pandan 5 minit pou pi piti. Mete yon aparèy sou manm nan. Bay céftriaxone , cloxacilline, clindamycine, OUBYEN céfalexine. Chache konkou.

Si nou pa ka jwenn konkou touswit, byen netwaye blesi a, epi panse l lejèman ak twal gaz esterilize. Chanje twal gaz la souvan. Si twa jou gen tan pase epi nou pa wè siy enfeksyon, eseye mete zo a nan plas li anba po a, fèmen blesi a, epi mete yon plat sou li.

Zo dejwente

(zo ki soti nan plas li nan yon jwenti)

NWTND fa Page 32-2.png

Depi nou kapab, eseye fè zo a tounen nan plas li. Pi bonè se granmaten. Plis nou tann, se plis l ap fè l mal, epi se plis l ap rèd pou nou ranje l.

Pou regle pwoblèm nan, jeneralman nou gen pou rale zo a dousman dousman yon ti jan sou deyò. Se pou zo a «vloup» tounen nan plas li. Yon demi èdtan anvan nou vle fè l, bay moun nan yon medikaman ki pou kalme li, pa egzanp, diazépam (dyazepam), ansanm ak yon medikaman ki pou kalme doulè, tankou ibuprofène. Si nou pa rive mete zo a nan plas li nan jwenti a, chache konkou.

Lè nou fin mete yon zo ki dejwente nan plas li, sèvi ak you aparèy oubyen yon echap pou kenbe l san pa fè mouvman pou 15 - 22 jou. Li mèt pran yon medikaman pou doulè, tankou ibuprofène, lè li bezwen li. Depi doulè a ba li souf pou pèmèt li fè ti mouvman, wete jwenti an nan echap la chak detwaz èdtan. Pliye l dousman, oubyen fè ti mouvman won avè l. Pou zepòl ki dejwente, se pou li kite bra a pandye sou kote, epi fè kèk ti mouvman won san fòse twòp. Evite fè fòs ak manm nan pou de twa mwa. Sa pran anpil tan pou yon zo ki dejwente ka fin geri nèt.

Aprè nou fin mete yon zo ki dejwente nan plas li, si li fè l mal anpil, se ka paske genyen yon zo ki kase.


Zepòl ki dejwente

Yon mesye ki kouche sou tab la pandan yon lòt ap rale bra li desann.

Kenbe anwo ponyèt la pa anb a; rale l desann tou dwat anba ak fèmte e ak tout fòs. Oubyen fè moun nan kenbe yon bokit ki gen 5 rive 7 kilo dlo ladann pandan 15 - 20 minit. Sa ap rale bra a desann. Zepòl la dwe tounen nan plas li.

Si zepòl la pa p tounen nan plas li, pouse dousman ak pous ou sou pwent omoplat la (gwo zo pa dèyè ki atache sou zepòl). Li dwe «vloup» tounen nan plas li.

[L ap pouse sou pwent omoplat la
OUBYEN

Vire bra moun nan sou ou, dousman, konsa. Li pi bon si ou ta jwenn yon moun ede ou kenbe kò moun nan pou l pa fè okenn mouvman. Se sèl bra li ki pou vire.
Yon mesye ki kouche sou do pandan yon lòt ap vire bra li.
Lè fini, mete yon echap konsa pou zo a pa chape kò li ankò.
Yon echap ki kenbe zepòl la nan plas li

Koud ki dejwente


Premye pwen :
Mete moun nan kouche. Aliyen anba ponyèt la ak anwo ponyèt la, pou zo yo fè yon liy dwat.

NWTND fa Page 34-1.png


Dezyèm pwen :

Fè moun k ap ede ou a kenbe anwo ponyèt la fèm. Rale ponyèt la sou ou, epi, tou dousman, fè pliye koud la.
NWTND fa Page 34-2.png


Twazyèm pwen :

Koulye a, peze dwat anba sou anwo ponyèt la toutotan ou fin pliye koud la. Se pou koud la «vloup» tounen nan plas li. Mete yon aparèy sou koud la pou l pa chape kò li ankò.

Yo montre nou ki jan pou nou mete yon aparèy sou bra a ki soti ponyèt la rive koud la.


ATANSYON! Si sa mande anpil fòs pou fè sa, kanpe la ! Ou ka menm kase yon zo. Mete yon aparèy (echap) konsa sou koud la. Chache konkou doktè.

Dwèt ki dejwente

Rale dwèt la byen fèm. Epi pouse zo dwèt la nan plas li.

NWTND fa Page 34-4.png
Mare yo ansanm, dwèt ki dejwente a ak dwèt ki a kote l la.

Foulay ak antòs (lè venn yo ki nan yon jwenti chire oubyen fòse anpil)

NWTND fa Page 35-1.png
Siy ki fè nou rekonèt li
  • Li anfle
  • Li fè mal
  • Li gen mak ble oubyen mak wouj
Trètman
  • Poze manm nan : pa fè fòs ak li, pa kanpe sou yon janm ki foule. Sèvi ak beki oubyen ak yon aparèy (echap) pou 3 - 4 senmenn.
  • Glas : si li posib, mete glas sou antòs la pou 30 minit chak 2 - 4 èdtan. Nan kèk jou, nou ka ralanti sou sa.
  • Konpresyon : mare l byen fèm ak yon pansman.
  • Leve l anlè : leve kote ki fè antòs la sou yon zòrye, oubyen sou yon dra pliye. Nan kòmansman, fè l toutan. Lè kèk jou fin pase, leve l chak de twa zèdtan.


Si nou fè l jan li ekri anwo a, sa ap soulaje doulè a ak anflamasyon an. Si moun nan tanmen fè l depi li blese, epi l ap fè l souvan, konsa blesi a ap geri pi vit. Antòs la pa fasil bay pwoblèm k ap rete sou li.

Evite fè fòs ak manm nan ; pa kanpe sou yon pye ki foule. Antòs ak foulay pran 8 - 15 jou konsa pou yo geri.

Ki jan pou nou mare yon pye

Yo montre nou ki jan pou nou mare yon pye ak je pye.
Kòmanse tou pre zòtèy oubyen dwèt yo.
Mare l byen, men pa twò sere. Dwèt ak zòtèy yo dwe rete cho; yo pa gen dwa angoudi (mouri).