Hesperian Health Guides

Pouki sa gen plis moun toujou k ap soufri anba dyabèt ?

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Nan tan lontan, moun ki te konn pran maladi sik la, se te pifò moun k ap viv nan peyi rich yo. Men koulye a moun ki nan peyi pòv yo vin gen menm pwoblèm nan. Sa rive paske moun vin ap chanje koutim ak abitid yo te konn swiv depi nan tan lontan. Fanmi yo pa rete viv ansanm ankò jan sa te konn fèt. Genyen nouvo kalite manje, nouvo dyòb, e nouvo mòd lavi ; konsa moun pa manje ni yo pa fè kò yo fè mouvman jan yo te konn fè l nan tan lontan. Yo ka kwè lavi a vin pi fasil, men yo pi fasil pran dyabèt ak lòt maladi k ap dire sou yo. Chak ane, nou wè plis moun ki fè maladi sik ; an plis, yo pi jenn lè maladi a mete pye sou yo.

two women talking on a bus.
Li toujou ta lè m rantre lakay. Li pi fasil pou mwen achte manje ki tou pare.
two teenagers leaving a fast food restaurant..
Sa ap plen vant mwen epi li pa koute twò chè, non. Annou manje isit chak jou!
Lè moun desann lavil pou yo jwenn dyòb, oubyen lè yo rete lavil, yo ka pa mache anpil apye. Yo ka pase jounen yo chita ap fè travay yo. Yo ka manje plis manje nan bwat, ak manje ki fèt nan faktori.
Nouvo kote, nouvo pwoblèm

Ht NWTND Diab Page 8-3.png

Depi 10 ane, Amilka ak Serena kite bouk yo ; yo desann lavil pou yo jwenn dyòb.

Nou ka di yo pi alèz koulye a. Yo te konn fè tout lajounen ap sekle epi rekolte jaden yo. Koulye a Serena travay nan yon faktori kote li fè jounen an chita nan fè kouti. Amilka menm ap bale yon etasyon kamyon.

Ht NWTND Diab Page 9-1.png

Lè yo te rete nan ti bouk la, tout kote yo te konn ale, se apye yo ale. Lavil la, gen danje nan mache apye ; alò, yo pran kamyon. Amilka te konn jwe foutbòl lèswa. Koulye a li pase bwè yon ti tafya ; lè fini, li al chita devan tele a pou li gade yon match espò.

Yo te chanje jan yo manje tou. Yo pa manje sa ki sot nan jaden ; okontrè, yo bwè kola epi yo achte manje tou pare nan men machann nan lari yo ; oubyen yo al nan magazen achte manje nan bwat. Manje sa yo gen bon gou. Yo pa p mande moun fè efò kwit manje. Men manje ki fèt nan faktori ka gen anpil sik ak pwodui chimik ladan yo.

Ht NWTND Diab Page 9-2.png

Serena ak Amilka toulede ap pran pwa ; yo vin gra. Kò yo pa fò menm jan ak jan sa te ye lè yo t ap fè travay latè. Lè yo al fè tès pou maladi sik, Amilka ap fè yon ti sik. Serena deja gen dyabèt toutbon, epi li gen doulè nan pye li ki soti nan nè yo.

NWTND Diab Page 9-3.png

Ajan sante ki te fè tès la fè plan ak Serena pou li fè ti mache nan faktori kote li travay la. Lè faktori a ba yo konje pou yo al manje, li menm ak kèk lòt moun k ap travay la, yo mete ansanm pou yo fè yon bon ti mache rapid. Ajan sante an bay Amilka konsèy pou li bwè dlo olye bwè kola.

Lakay yo, pi souvan yo fè manje ak legim yo achte nan mache a. Konsa yo espere goumen ak maladi a pou sik la pa monte wo.

Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020