Hesperian Health Guides

Medikaman pou dyabèt yo bay nan piki

Tibebe ki fèk fèt : Medikaman

Insuline (ensilin)


Ensilin se yon òmòn ki fè kò a kapab sèvi ak sik ki nan manje an. Se nan pankreya li soti. San ensilin, se mouri n ap mouri. Si kò a pa ka fè ensilin, fòk moun nan sèvi ak yon kalite ensilin chimik yo fabrike. Tout moun ki soufri anba premye kalite dyabèt la gen pou yo pran ensilin jouk yo mouri. Moun ki gen dezyèm kalite dyabèt la, si kò yo sispann fè ensilin, yo va bezwen sèvi ak ensilin tou. Si sa rive, medikaman moun pran nan bouch pa p ase ; se ensilin pou yo pran pou kò a ka sèvi ak sik ki nan san an .

Se nan piki nou bay ensilin. Nou jwenn li nan flakon, epi nou ka sèvi ak yon sereng pou bay li. Nou jwenn li tou nan yon ti aparèy ki sanble ak yon plim. Nou tounen bouton an ki sou bout plim nan jis li rive sou dòz nou gen pou pran an. Li pi fasil pou moun sèvi ak yon plim ensilin pase ak yon sereng.

Genyen 3 kalite ensilin :

  • Ensilin ki travay yon ti tan nan kò a : kalite ensilin sa a nou jwenn pi fasil la rele insuline rapide (ensilin òdinè, ensilin rapid). Gen 2 lòt kalite ensilin rapid : Lispro (lispwo) ak Aspart (aspa). Moun pran kalite ensilin sa a anvan manje.
  • Ensilin ki travay yon tan ki pi long nan kò a se insuline lente (ensilin lant) : kalite ensilin sa nou jwenn pi fasil se NPH. Lòt ensilin ki parèy li se glargine (glajin) ak détémir (detemi). Moun pran ensilin sa yo youn oubyen 2 fwa nan yon jou.
  • Mélange d'insuline : Kalite ensilin sa a nou jwenn pi fasil se yon konbinezon ensilin rapid ak ensilin lant, NPH/ insuline rapide 70/30 (ki vle li gen ensilin lant 70 inite ansanm ak ensilin rapid 30 inite nan yon mililit) ; moun pran li 1 oubyen 2 fwa nan yon jou. Yon lòt konbinezon se NPH/ insuline rapide 50/50 (ki vle di li gen ensilin lant 50 inite ansanm ak ensilin rapid 50 inite nan yon mililit).


Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Ensilin ka fè kantite sik la desann twò ba twò vit (al gade Kriz Sik).

Li fè moun pran pwa, men si yon moun byen manje epi toujou fè egzèsis, sa kapab anpeche li pran pwa.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Danje ki gen nan pran ensilin sè ke li ka fè kantite sik ki nan san an desann twò ba, ki ka bay yon moun yon kriz sik. Sa kapab rive yon moun ki manke manje, ki fè anpil egzèsis, oubyen ki twonpe li sou dòz ensilin pou li pran an epi li pran twòp.

Fòk yon moun k ap pran ensilin konprann byen ki jan pou li sèvi avè l san danje, epi ki jan pou li rekonèt rekonèt siy danje ki rive lè kantite sik ki nan san an desann twò ba. Si li pa kapab, fòk gen moun nan kay la pou ba li yon kout men. Yon moun ki pa ka wè byen bezwen yon moun pou veye pou wè si li pran dòz ensilin li dwe pran an.

Si yon moun sèvi ak 2 kalite ensilin, ensilin rapid ansanm ak ensilin lant, fòk li konprann byen ke yo pa menm, epi fòk li konprann ki jan pou li byen sèvi ak yo.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Sere ensilin lan nan yon kote ki fè fre ; evite gwo chalè frape l. Nou mèt sere ensilin nan frijidè a, men pa janm mete l kote yo ka fè glas.

Tout moun k ap pran medikaman dyabèt dwe fè tès yon gout san pou tyeke kantite sik ki nan san an. Sa fè nou konnen si medikaman an ap fè travay li, epi si dòz la bon pou li. Nòmalman yon moun kòmanse ak yon ti dòz, epi yo monte dòz la ti kras pa ti kras. Poutèt sa, pou konnen ki dòz ki mache pi byen, yon moun dwe tyeke kantite sik ki nan san an pi souvan lè li fèk kòmanse pran yon medikaman.

POU TRETE PREMYE KALITE DYABÈT LA
Yon moun ki gen premye kalite dyabèt la gen pou li pran ensilin chak jou pou li ka rete an sante. Li bezwen yon ensilin ki travay yon tan ki pi long nan kò a pou kenbe kantite sik ki nan san an nan yon nivo ki nòmal konsa pandan lannuit, epi lajounen tou. Li sèvi ak ensilin rapid anvan manje. L ap aprann kalkile ki dòz ensilin rapid pou li pran, paske dòz la depann de ki lè li manje epi ki kantite egzèsis li fè. Se yon ajan sante ki byen fòme e ki gen anpil esperyans ki pou ede moun nan ak fanmi an aprann ki kalite ensilin ak ki dòz ki va pi bon pou li.

POU TRETE DEZYÈM KALITE DYABÈT LA
Souvan yo bay moun ki gen dezyèm kalite dyabèt la yon dòz ensilin lant yon fwa nan yon jou, li menm sèl oubyen ansanm ak medikaman moun pran nan bouch, tankou metformine oubyen yon silfonilire.

Lè moun kòmanse pran ensilin lant, se pou yo pran yon ti dòz, tankou 10 inite. Si nou kòmanse ak yon sèl dòz ensilin nan yon jou, pran piki sa a lè nou monte kabann nou. Paske yon dòz NPH bon pou 12 èdtan sèlman, anpil moun pran li 2 fwa nan yon jou pou kantite sik la pa monte desann twòp.

Ajan sante an ka mande nou monte dòz ensilin lant dousman dousman jis kantite sik ki nan san an tounen nan nòmal li. Yon fwa kantite sik la bon, nou met kontinye ak menm dòz la chak jou. Sa ka pran plizyè senmenn pou nou rive jwenn dòz ki bon pou nou an.

Kantite sik ki nan san an ka bon nan maten, men lè yon moun fin manje, li monte wo. Si sa rive, li kapab bezwen pran yon dòz ensilin rapid anvan manje. Pou premye dòz ensilin rapid la, bay yon ti dòz, 4 inite konsa. Souvan, yo kòmanse bay ensilin rapid yon fwa nan yon jou, anvan li manje manje ki fèt nan chodyè. Men gen moun ki bezwen pran li chak fwa anvan yo manje. Poutèt sa, tyeke kantite sik ki nan san an pi souvan lè nou fèk kòmanse pran ensilin ; sa ap ede ajan sante an rive konnen ki dòz ensilin rapid ki bon pou nou.

Si ensilin lant pou kont li pa kapab kenbe kantite sik ki nan san an nan yon nivo ki nòmal konsa, genyen yon lòt kalite ensilin nou ka sèvi— melanj ensilin. Pa egzanp, yo bay NPH/insuline rapide 70/30 2 fwa nan yon jou, 30 minit anvan manje nan maten epi 30 minit anvan manje nan aswè.

Siy ki fè nou konnen yon moun pran twòp ensilin

Men siy danje ki fè nou konnen kantite sik la desann twò ba : li gen difikilte pou li mache, li fèb, li wè twoub, li bwouye, li endispoze, oubyen li fè kriz. Si moun nan gen je klè, fè vit ba li manje yon ti dous. Lè fini, ba li manje manje ki fèt nan chodyè a pi vit ke nou kapab. Si li endispoze, mete yon ti sik oubyen siwo myèl anba lang li. Ba li ti kras tanzantan jis li reveye epi li ka manje pou kont li.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024