Hesperian Health Guides

Maladi kay tibebe ki fèk fèt

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yon tibebe ki an sante ka respire alèz, san li pa bat pou li pran souf. Li dwe tete chak 2 rive 4 èdtan. Li dwe reveye pou kont li lè li grangou, oubyen lè li mouye. Po li dwe nòmal ; ti gratèl li ka genyen dwe pase nan de twa jou. Si se pa konsa sa ye kay yon tibebe, li gen pwoblèm. Chache konkou san pèdi tan.

Maladi ki ka pran anpil jou ak senmenn pou yo touye yon granmoun kapab touye yon tibebe anvan nou bat je nou.

Enfeksyon

Enfeksyon ka gen gwo danje pou yon tibebe ki fèk fèt. Fòk nou trete li ak antibyotik san pèdi tan. Si nou kapab, fè li wè yon doktè touswit. Si nou rete lwen, epi nou gen medikaman sou lamen, kòmanse trete li, anvan nou pran chemen pou al kay doktè.

SIY KI MONTRE NOU GEN DANJE
  • Souf li anlè : li pran souf plis ke 60 fwa nan yon minit, lè li dòmi oubyen lè l ap repoze.

NWTND Newb Page 12-1.png

Tout zo kòt li yo k ap parèt lè l ap respire.
Twou nen li ki ouvri laj.
  • L ap bat pou li pran souf : tout zo kòt li yo parèt lè l ap respire, li gen ral, twou nen li louvri laj chak fwa li pran souf, menm lè l ap dòmi oubyen l ap repoze.
  • Li gen lafyèv : tanperati kò li pi wo pase 37.5 degre santigrad. Oubyen li twò ba, pi ba pase 35.5 degre santigrad.
  • Li gen gwo gratèl ak anpil bouton oubyen glòb. (Ti gratèl ka nòmal.)
  • Li pa vle tete.
  • Li anvi dòmi toutan, li gen lè pa tande, pa wè.
  • Li fè kriz : li pèdi konesans, l ap fè mouvman ki dwòl ak kò li.


Si nou wè nenpòt nan siy sa yo, fòk nou kòmanse trete tibebe a.

KI JAN POU NOU TRETE ENFEKSYON

Si nou kwè tibebe a gen yon enfeksyon, men li pa twò grav, ba li ampicilline oubyen amoxicilline (anpisilin oubyen amoksisilin). Si enfeksyon an grav, ba li piki ampicilline ansanm avèk gentamycine (anpisilin ak jantamisin) touswit, epi chache konkou doktè. Dòz medikaman yo depann de laj ak pwa tibebe a.

Tibebe a dwe kòmanse refè nan 2 jou. Si li p ap refè, l ap bezwen lòt antibyotik pou sove lavi li.

Nou ka kraze grenn antibyotik, mete yo nan lèt manman an, epi bay tibebe yo. Men gen antibyotik se nan piki pou nou bay yo. Bay piki a nan gwo vyann sou deyò kwis la. Pou konnen ki jan pou nou byen bay piki, al gade nan Medikaman, tès ak tretman (chapit sa a poko ekri).

NWTND Newb Page 13-1.png

Si manman an te gen lafyèv pandan tranche li, kontwole tibebe a byen pou wè si nou pa remake siy danje. Menm jan, si yon tibebe te tata lè li te toujou nan vant manman an, li te ka rale tata a nan poumoun li nan moman akouchman an. (Konsa nou konn wè ti moso koulè mawon nan lezo manman an, oubyen lezo manman an gen koulè vèt. Oubyen tibebe a soti ak po li koulè yon ti jan jòn.) Yon tibebe konsa ka fasil trape yon nemoni nan de twa jou. Kontwole li byen pou nou ka kòmanse trete li, kou nou wè siy ki fè nou konnen li gen yon enfeksyon.

Kriye

Yon mesye k ap kenbe yon tibebe k ap kriye pandan l ap pale ak yon fanm
Kite m pran swen tibebe a. Al pran yon ti repo.

Genyen de tibebe ki konn kriye plis pase lòt tibebe. Si tibebe a ap kriye anpil, men li parèt an sante, li ka pa gen pwoblèm sante. Rete tann li sispann kriye, epi gade pou wè si l ap respire nòmalman.

Lè yon tibebe ap kriye san rete, sitou lannuit, yo rele sa kolik. Lè li rive nan 3 mwa, kolik la dwe ba li yon souf. Pi souvan, se fanmi an ki soufri plis pase tibebe a. Montre fanmi an ke nou gen kè sansib. Chache wè si fanmi a pa bouke twòp, si yo jwenn moun ki pou ba yo kout men.

Si tibebe a pase pifò jounen an ap kriye, li pa vle tete, li gen lafyèv, souf li anlè, se ka yon enfeksyon li genyen.

NWTND Newb Page 14-1.png

Vomisman

Lè yon tibebe ki an sante ap rann gaz, sa konn rive pou li vomi yon ti lèt, ki konn soti nan bouch ak nan nen li. Sa, se bagay nòmal. Si li tete ase souvan, epi l ap pran pwa, pa gen pwoblèm. Mete li chita pou yon ti moman, chak fwa li fin manje. Vrè vomisman an, se pa sèlman yon ti lèt l ap vomi—se lè yon tibebe ap vomi ak fòs.

SIY KI FÈ NOU KONNEN GEN DANJE
  • Li vomi souvan, li vomi anpil ; anyen pa rete nan vant li.
  • Li vomi san.
  • Nou wè li kòmanse manke dlo
Yo montre nou ki jan pou nou fè yon tibebe rann gaz.
Pou ede pitit la rann gaz apre li fin manje, kenbe li sou zepòl ou oubyen sou jenou ou. Bat do li tou dousman. Se konsa ou fè pou tibebe a rann gaz lè li fin manje.

Manke dlo (dezidratasyon, pa gen ase dlo ki rete nan kò a)

Yon tibebe ka fasil vin manke dlo. Lè yon tibebe manke dlo, se grav anpil.

Ki sa ki ka fè yon tibebe manke dlo
  • Li gen dyare
  • Li vomi
  • Li pa tete ase souvan, chak 2 - 4 èdtan
  • Yo ba li bwè lòt bagay olye lèt manman an (tankou lèt nan bwat, labouyi, oubyen dlo).
  • Tan an fè cho anpil.
Siy ki fè nou wè sa
  • Li pa pipi souvan ; pipi li gen koulè fonse, li santi fò.
  • Bouch ak lang li sèch.
  • Je li pèdi ti klere li, po li sèch.

Men siy ki fè nou rekonèt ke li grav anpil : fontenn tèt li vin fon, li pèdi pwa ; lè fini, li pèdi konnesans.

NWTND Newb Page 15-1.png
KI JAN POU NOU TRETE MANKE DLO

Depi nou wè yon tibebe vin manke dlo, oubyen si yon tibebe gen dyare oubyen vomisman, se pou li pran tete pi souvan, mezi li kapab, ase lontan li kapab. Reveye tibebe a, pou pi piti chak 2 zèdtan. Fè sewòm oral, ki fèt ak dlo ; mete sou li ti sik ak ti sèl. Depi tibebe a fin tete, ba li sewòm oral. Sa pa rive souvan, men yon lè konsa ka gen yon manman k ap bay tete souvan, men li pa gen ase lèt (klike isit).

Si yon tibebe ki manke dlo pa kòmanse refè pandan kèk èdtan, mennen li kay doktè pou yo ka ba li sewòm.

Gratèl

Yon tibebe ki fèk fèt ka gen gratèl leve sou li, tach, ak plak sou po, ki gen koulè dwòl. Pifò nan yo pa bay pwoblèm, epi yo al fè wout yo san remèd. Lè yon tibebe gen chofi wouj nan fant janm li, oubyen bò dèyè li, se pipi nan kouchèt oubyen nan kabann ki lakòz sa. Benyen timoun nan pi souvan ak yon ti dlo tyèd e savon twalèt. Chanje kouchèt la oubyen sèvyèt la kou yo mouye oubyen sal. Pou yon bebe ki pi gran, si tan an fè cho, kite li toutouni. Nou ka pase yon pomad oxyde de zinc (oksid zenk) sou chofi a. Si sa pa bay bon rezilta, petèt se enfeksyon chanpiyon li genyen. Sèvi ak krèm nystatine (nistatin).

Si po yon tibebe leve glòb oubyen yon pakèt ti bouton, sitou si li gen lè malad, se ka yon enfeksyon li genyen. Si li pa geri vit, oubyen si nou wè enfeksyon an vin pi mal, ba li antibyotik jan yo di nou isit.

Lajonis

Lajonis se yon maladi ki bay moun yon ti koulè jòn nan blan je ak anba po. Kay tibebe ki gen po nwa, tyeke je li. Si se sou dezyèm jou a oubyen anvan senkyèm jou a nou wè li bay yon ti koulè jòn, sa pa twò grav. Pi bon remèd se ba li tete souvan. Sa va ede kò tibebe a netwaye ak pwodui chimik ki ba li koulè jòn nan. Reveye li chak 2 zèdtan pou li pran tete. Limyè solèy la se yon remèd tou. Mete tibebe a toutouni, epi ba li solèy pandan 15 minit, kèk fwa nan yon jou.

SIY KI MONTRE NOU GEN DANJE
  • Lajonis kòmanse sou premye jou li fèt la.
  • Lajonis kòmanse pi ta, men se tout kò li ki gen koulè jòn.
  • Tibebe a anvi dòmi toutan, oubyen nou pa ka menm reveye li pou li manje.

Depi nou wè siy sa yo, chache konkou.

Je

Yon je k ap bay pi

Genyen ti twou tou piti bò kote grenn je yo, ki pèmèt dlo je ak luil pase sou glas je yo. Si yo vin bouche, sa fè je yo bay pi. Wete pi a ak yon moso twal pwòp ki mouye ak dlo tyèd. Sèvi ak yon twal apa pou chak je. Konsa, si yon je enfekte, nou p ap pase enfeksyon an soti nan yon je pou al nan lòt je a.

Genyen anpil fanm ki gen enfeksyon klamidya oubyen ekoulman (blenoraji) san yo pa konnen sa. Tibebe yo ka pran mikwòb sa yo nan moman akouchman an. Si nou bay tibebe yo antibyotik pou je depi yo fèk fèt la, sa ap anpeche je yo vin enfekte.

Si je yon tibebe vin wouj sou 5 jou oubyen plis, si yo anfle, epi si yo gen anpil pi ak san ladan yo, gen anpil chans ke se ekoulman oubyen klamidya ki ba li sa. Pou trete klamidya, ba li erythromycine (eritwomisin) nan bouch. Kraze grenn nan, epi mete l nan yon ti lèt manman an. Pou trete ekoulman (blenoraji), bay piki céftriaxone (seftriyaksòn). Si nou pa ka fè tès pou konnen ki maladi ki bay enfeksyon an, bay medikaman pou trete toulede. Manman an ak papa a tou, yo dwe swiv trètman pou klamidya ak ekoulman. Al gade nan Pwoblèm nan Aparèy ki pou fè pitit, (chapit sa a poko ekri). Si enfeksyon nan je a pa kòmanse geri nan youn oubyen de jou, fòk nou jwenn yon lòt antibyotik, pou tibebe a pa vin avèg. Chache konkou.

Fontenn tèt tibebe

Fontenn tèt tibebe a dwe rete plat. Si li desann, oubyen si li anfle, toulede bagay sa yo se siy ki fè nou konnen li gen yon pwoblèm ki grav anpil.

NWTND Newb Page 16-3.png
NWTND Newb Page 16-2.png
Si fontenn tèt la desann, sa vle di tibebe a ka manke dlo. Ba li tete pi souvan. Ba li sewòm oral. Si fontenn tèt la anfle, sa vle di tibebe a ka fè menenjit.

Kòd lonbrit

Lè nou fin koupe kòd lonbrit la, kite li konsa. Pa mete yon bann sou li. Pa kite kouchèt ak rad kouvri li. Pa touche ak li. Men si nou oblije touche ak li, lave men nou dabò ak dlo e savon. Si bout kòd lonbrit la vin sal, si li gen vye san sou li, lave li ak dlo e savon. Sèvi ak yon twal ki byen pwòp.

Li ta pi bon si nou pa sèvi ak yon bann lonbrit, men si manman an mete youn, fè atansyon pou li pa sere l twòp. Fòk bann nan byen pwòp, epi fòk li chanje li kèk fwa nan yon jou.

NWTND Newb Page 17-1.png
Pa touche ak kòd lonbrit yon tibebe. Konsa nou va evite enfeksyon.

Bout kòd la dwe seche epi tonbe nan 8 jou konsa.

Si lonbrit la bay pi oubyen yon vye odè, si nou wè po ki kouwonnen lonbrit la vin cho epi wouj, li ka enfekte. Lave lonbrit la byen lave. Ba li amoxicilline (amoksisilin).

Si tibebe a gen machwè li sere, si li pa ka tete, si kò li rèd, sitou si tout bò lonbrit li sal, se ka tetanòs l ap fè. Se ka ijan.