Hesperian Health Guides

Piki ak mòde bèt

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

NWTND fa Page 51-1.png

Pa koupe louvri yon mòde. Pa eseye rale pwazon an. An plis, si nou mare yon manm ak yon tounikèt (yon bann ki byen sere), sa pa p anpeche pwazon an gaye nan kò a. Okontrè, sa ap andomaje gravman manm ki mare a.

Pifò mòde ak piki fè mal anpil, men yo pa danjere. Menm bèt ki gen kalite pwazon ki ka touye moun, yo pa fasil pike ase pwazon pou touye yon moun. Rete poze. Veye kote l te mòde a. Si pa genyen pwoblèm, oubyen si pwoblèm yo kòmanse pase aprè de twa zèdtan (sa depann de bèt ki te mòde a), tout ka ale byen. Se pi gwo danje pou timoun paske kò yo piti. Pwazon an aji plis sou yo ; konsa sa ka mande yon swen espesyal.

Mòde koulèv

  1. Wete kò ou sou koulèv la. Genyen de koulèv ki ka mòde moun, menm si yo deja mouri depi kèk minit.
  2. Wete tout rad ak bijou bò kote mòde a, paske kò a ka anfle.
  3. Mete pati kote bèt la te mòde a pi ba pase kè li. Pa kite l fè mouvman ; mete manm lan nan yon aparèy oubyen yon echap. Si li fè mouvman, sa ap gaye pwazon an nan kò a.
  4. Netwaye blesi a byen dousman. Pa fwote l.
  5. Nan pifò ka mòde koulèv, oubyen si nou pa konnen ki kalite koulèv li ye, rete tann. Voye je sou li pandan de twa zèdtan. Si mòde a pa anfle oubyen li yon ti jan anfle, li wouj, si li pa fè twò mal, pa gen pwoblèm. Siy ki fè nou rekonèt gwo danje se: li anfle anpil, li fè mal anpil, moun nan anvi dòmi, po je li tonbe, li gen tèt vire, li fèb, li anvi vomi, oubyen l ap senyen nan bouch oubyen nan nen li.


Mande moun nan pou l rense bouch li ak dlo epi krache l nan yon veso ki gen koulè klè. Si krache a gen koulè wòz oubyen si nou wè ti san ladann, jansiv li yo ap senyen. Se yon siy ki fè nou konnen gen danje.

Si mòde koulèv la fè mak kwochè, koulèv la gen pwazon. Si li pat fè mak kwochè, li pa fasil gen pwazon, men li posib.

Ann Ayiti, nou wè kèk ti koulèv. Men sèlman kote ki gen anpil pye bwa ak gwo wòch, nou ka jwenn kèk gwo koulèv. Nou fasil wè yon ti koulèv ki gen koulè vèt, men pi fasil se yon kalite ki gen koulè zenga. Nou pa fasil tande koulèv viktim moun.

Ann Ayiti, nou pa jwenn koulèv ki gen pwazon ki ka touye moun. Genyen plizyè ti koulèv ki sèvi ak pwazon pou yo touye ti bèt, tankou vè, foumi, leza, zandolit, ak gounouy. Yo gen longè 8 rive 12 pous. Genyen lòt ti koulèv ki vlope kò yo sou ti bèt pou toufe yo. Yo pa pi gwo pasè 30 pous.

NWTND fa Page 53-1.png

Arenyen ak eskòpyon

NWTND fa Page 53-2.png

Pifò arenyen, mete krab arenyen ladan yo, ak eskòpyon, lè yo pike moun, li fè mal anpil, men l pa fasil gen danje nan sa. Fè moun nan rete poze pou l pa fè mouvman ak manm kote ti bèt la te pike l. Mete dlo frèt oubyen glas sou li, pou soulaje doulè a. Pa koupe l louvri. Pa mare manm lan ak yon bann oubyen yon pansman. Dlo cho pa p soulaje l. Sa ki pi bon se pou l rete poze.

Si nou konnen arenyen an oubyen eskòpyon an gen pwazon ki ka touye moun, oubyen, si moun li te pike a vin gen pwoblèm tankou : vant fè mal, gratèl, si li swe, e si li pa ka respire byen, chache konkou doktè. Petèt nou ka jwenn yon antipwazon.

Si se yon laktwodèk (lactrodecte ; black widow spider) oubyen yon eskòpyon ki te pike yon moun, nou ka ba li diazépam (dyazepam) pandan nou nan wout. L ap anpeche lakranp nan vyann kò a epi l ap ede l poze san li.

Myèl ak gèp

Lè yon myèl oubyen yon gèp pike yon moun, verifye si dan li toujou anba po a. Wete l pi vit ke nou kapab. Po ki kouwonnen piki a ka vin wouj, anfle, epi l ap fè mal. Fè yon pat ak bikabonat e dlo, epi mete l kote ti bèt la te pike a. Oubyen mete yon bagay frèt sou li. Sa ka kalme doulè a epi desann anflamasyon an.

Moun ka fè alèji ak piki myèl e gèp. Sa prèske pa rive menm, men reyaksyon alèji a ka pote yon moun ale. Aprann ki jan nou ka rekonèt epi trete yon reyaksyon alèji ki grav.

Tik

Lè tik yo pike moun, yo ka simen plizyè kalite enfeksyon ki grav. Lè nou sot pwomennen kote ki konn gen tik, lè nou rantre, tyeke tout kò nou pou wè si pa gen tik. Pou wete yon tik ak yon pens, sezi tik la pi prè ke posib ak kote bouch li atache ak po a. Rale l soti, dousman men ak fèmte, pou bouch li pa rete anba po a. Boule tik la oubyen touye l ak alkol, men fè efò pou ou pa manyen l.

NWTND fa Page 53-3.png

Pwason ak gratèl (mediz)

(meduse ; jellyfish)
Wete kò nou sou gratèl yo. Grate wete tout tantakil yo. Lave blesi yo ak dlo lanmè. Pou pwason ki pike, wete tout pikan ak yon pens.

Pou soulaje mal la, tranpe manm lan nan dlo cho pandan 20 minit. Fè atansyon pou dlo a pa twò cho. Dlo cho ka pi bon pou piki pwason pase pou piki gratèl.

Genyen plizyè remèd peyi, men tout remèd pa efikas pou tout kalite pwason ak gratèl. Pa egzanp, genyen yon kalite gratèl (guêpe de mer ; sea wasp), lè li pike yon moun, si nou lave piki a ak vinèg, sa ap soulaje mal la. Men vinèg fè piki lòt gratèl fè pi mal toujou. Papay se yo bon remèd pou trete piki kèk gratèl, men gen lè li pa mache pou tout. Gen de fwa li fè l fè pi mal toujou.

Lè yon bèt lanmè pike yon moun, li mèt sèvi ak manm nan. Si li rete poze, si li fè mouvman, pa gen diferans—se pa menm jan ak mòde koulèv e arenyen. Si li gen pwoblèm pou pran souf, oubyen si l ap vin pi malad, chache konkou doktè.