Hesperian Health Guides

Lave men

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lave men nou se bagay ki enpòtan anpil pou nou pa atrape yon seri maladi mikwòb ak vè kap bay. Lave men nou avèk dlo e savon. Menm si men nou sanble pwòp, yo ka gen mikwòb ak ze vè kole nan yo. Epi yo ka fè nou tonbe malad, si yo antre nan bouch nou, osinon nan manje nou.

 Dlo kap koule nan tiyo a sou men yon moun. 1. Vide dlo sou men nou pou mouye yo.
 Lap fwote men li ak savon
2. Sèvi ak savon. Fwote men nou byen. Lè nou fwote men nou, sa ap wete mikwòb ak ze vè. Fwote byen ant dwèt nou, ak bò zong nou.

 Dlo kap koule nan tiyo a sou men li

3. Vide dlo pwòp sou men nou pou rense yo.
 Lap seche men li ak yon sèvyèt
4. Seche men nou ak yon sèvyèt ki pwòp.

Li pi bon pou ou sèvi ak savon pou wete salte ak mikwòb. Si pa gen savon, sèvi ak sab osinon sann dife.

 Papa a kap vide dlo pou ede pitit li lave men li.

Toujou lave men nou :

  • Lè nou sot fè bezwen nou, osinon lè nou fin netwaye tata yon bebe.
  • Anvan nou prepare manje ak anvan nou manje.
  • Lè nou te manyen yon bèt.
  • Lè nou fin etènye osinon touse.
  • Si nou malad.

Sante nou se nan men nou li ye. Lave men nou souvan.


Tipitap

Avèk ti tipitap la, nou ka lave men nou ak yon ti kras dlo sèlman. Li pèmèt nou fwote men nou ansanm pandan dlo ap koule sou men nou. Sa pote mikwòb yo ale. Mete yon tipitap tout kote moun gen pou yo lave men yo : kote yo fè manje, bò latrin, ak nan mache.

Ki jan pou fè yon tipitap

Pou fè yon tipitap, men sa nou bezwen : 1) yon boutèy plastik ak kapichon, tankou yon boutèy kola. 2) yon tib ki soti nan yon plim, osinon yon lòt tib di ki byen piti.

1. Byen lave boutèy la. NWTND was Page 4-2.png
2. Sèvi ak yon ti bout fè, ki byen chofe, pou fè yon ti twou anba nan kote boutèy la.
3. Pran ti tib la, lave lank ki nan tib plim lan. Koupe tib la antravè, (an bye). Fè l antre nan ti twou nan boutèy la. Fòk li byen sere nan twou a.
4. Plen boutèy la ak dlo. Lè kapichon an byen sere, pa dwe gen dlo kap koule nan tib la. Lè nou ouvri kapichon an, dlo dwe koule. Lè nou konnen sa mache byen, kwoke l kote moun ka sèvi avè l pou yo lave men yo. Met yon ti savon kot boutèy la, oubyen tache l nan boutèy la ak yon fil. Ki jan pou kwoke boutèy la ki gen ti tib la nan kote l pa anba 5. Pou sèvi ak tipitap la : ouvri kapichon an jis dlo a kòmanse koule. Mouye men nou, pran ti savon, epi fwote men nou sou dlo kap koule a jis yo pwòp. Lè fini, fèmen kapichon an.  Moun kap lave men li ak dlo ki koule nan tipitap la