Hesperian Health Guides

Kolestewòl ak kè nou

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Kolestewòl se yon likid ki sanble ak lasi, epi ki gen fòtifyan ladann ki nesesè pou kò a. Kò a fabrike yon ti kantite kolestewòl, epi li jwenn plis kolestewòl nan manje nou. Men si nou gen twòp kolestewòl, li ka akimile nan venn san yo, ki ka bay maladi tansyon wo, kriz kè, epi konjesyon serebral (kout san). Kolestewòl ka bouche venn san yo pou san an pa ka sikile byen, ki fè san an fè boul epi ki bay anflamasyon ; se gwo danje. Yo fè yon tès san pou kontwole kantite kolestewòl (grès) ki nan san an. Genyen 2 kalite kolestewòl ki pi enpòtan :

  • Move kolestewòl. Lè yo di yon moun gen kolestewòl ki twò wo, sa vle di li gen twòp kolestewòl LDL nan san an
  • Bon kolestewòl. Li wete move kolestewòl ki nan san an, epi konsa li anpeche maladi kè, kriz kè, ak konjesyon serebral vin sou nou.


Genyen anpil bagay ki aji sou kantite kolestewòl ki nan san an. Pa egzanp, move kolestewòl la ap monte lè moun antre nan laj. Epitou, li gen lè yon maladi ereditè (si nou gen paran oubyen fanmi ki pre ki gen tèl maladi, nou menm tou nou ka byen soufri menm maladi a). Souvan, nou ka desann kantite move kolestewòl ki nan san an lè nou :

NWTND heart Page 16-1.png
  • Manje mwens fritay. Olye pou nou fri manje yo, kwit vyann ak legim nan dlo, griye yo, oubyen kwit yo nan fou.
  • Manje plis fwi, legim fèy vèt, ak sereyal ki gen tout pay sou li ; kalite manje sa yo chaje ak fib (ma ak fil) epi kò a sèvi ak yo pou desann kantite move kolestewòl la.
  • Si yon moun pèdi pwa, sa konn desann kantite move kolestewòl la. Li pa bon pou moun pran tròp pwa.
  • lè moun fè kò a fè mouvman, sa ka desann kantite move kolestewòl la. Men li pa bon pou moun rete chita anpil.


Menm si nou gen kolestewòl wo, li pa p deranje nou. Sèl fason pou nou konnen li wo, se pou fè yon tès san. Moun ki fè maladi sik ka gen plis pwoblèm ak kolestewòl.

Kolestewòl wo : ki sa pou nou fè

Si yon moun gen kolestewòl wo, mete sou sa li gen pwoblèm ki ka donmaje kè a, tankou tansyon, twòp tèt chaje, oubyen maladi sik, se pi gwo danje toujou. Nou ka lite ak tout pwoblèm sa yo si nou manje pi bon kalite manje epi fè plis egzèsis. Men, si nou gen tan fè tout chanjman sa yo, epi nivo kolestewòl la toujou twò wo, li ka mande pou nou trete l ak medikaman.

Genyen yon kalite medikaman ki rele «statine » (statin) ki anpeche kò a fabrike plis kolestewòl, epitou li wete move kolestewòl ki nan san an. Yon medikaman statin ki kouran se simvastatine.

Yo preskri simvastatine pou moun ki fè maladi sik, epi pou moun ki deja fè yon kriz kè oubyen yon konjesyon serebral. Pou moun sa yo, medikaman statine yo ka ede nan evite yon kriz kè.

Fanm ki ansent, oubyen fi ki kapab ansent nenpòt lè, yo pa dwe pran medikaman statin, paske yo ka pote danje pou tibebe ki nan vant manman an.



Nou te mete paj sa a ajou: 04 fev 2021