Hesperian Health Guides

Ki sa ki lakòz dezyèm kalite dyabèt la ?

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Sa ki lakòz pi plis moun fè dezyèm kalite dyabèt la se paske moun yo viv nan move kondisyon. Moun yo pran maladi a paske yo manje twòp tyaw ; genyen anpil kalite manje nan bwat yo vin vann nan zòn nou yo. Jan moun abitye viv depi nan tan lontan ap chanje nan yon fason ki nwizib pou sante yo. Men bagay ki ka bay dyabèt :

a child buying food from a store.
Olye achte sirèt jodi a, achte yon fig mi oubyen yon mango.

Manje ki pa bon pou sante nou

Kola, bwason dous, sirèt, dous, manje nan bwat, e pen ki fèt ak farin blan, yo tout mete twòp sik nan san an ; an plis, yo fè moun pran pwa. Moun ka byen vit pran gou nan manje sa yo. Gen de fwa yo vann kalite manje sa yo pi bon mache ; moun ki rete lavil ka jwenn yo pi fasil pase bon kalite manje ki sot nan jaden. Men manje nan bwat bay dyabèt ak lòt pwoblèm sante ki grav.

Manke fè kò a fè mouvman

a man carrying boxes on his back labelled "boss yelling", "new place>
Lè pwoblèm lavi ak tèt chaje ap monte, sa ka aji sou sante nou.

Moun ki travay tè, ki mache apye, ki fè travay fizik, oubyen ki fè lòt aktivite fizik, kò moun sa yo ka sèvi ak sik ki nan san an. Moun ki fè prèske tout jounen ap rete chita, oubyen ap kanpe san yo pa fè mouvman, kò yo pa ka sèvi ak tout kantite sik ki nan manje yo. Konsa sik la rete nan san yo.

Tèt chaje

Lè yon moun viv anba gwo tèt chaje, kò li ap menaje sik ki nan san an ; li pa sèvi avè l. Konsa kantite sik ki nan san an ap monte.

Twò gra

Moun ki twò gra, ki gen gwo vant, yo pi fasil pou yo pran dyabèt.

Moun nan fanmi an ki gen dyabèt

Dyabèt se yon maladi ereditè. Konsa si yon moun nan fanmi an gen dyabèt, lòt yo ka pran li pi fasil.

Malnitrisyon

Si pa gen ase manje, lè moun yo jwenn manje, kò yo ap menaje sik ki nan manje a. Pwoblèm sa a ka mete pye depi yo timoun, oubyen menm nan tibebe a anvan li soti nan vant manman an.

NWTND Diab Page 7-1.png

Laj

Moun ki gen laj pi fasil pou yo fè dyabèt.

Pwodui chimik

Genyen pwodui chimik ki aji sou ki jan kò a sèvi ak sik la. Nou ka kontre pwodui chimik sa yo kote nou travay, nan salte nan zòn kote nou rete a, oubyen paske yo mete yo nan manje an oubyen nan lòt bagay n ap sèvi.

Ki jan pwodui chimik antre nan bagay ki lakòz maladi sik

Kalite manje n ap manje ak jan nou viv la antre nan bagay ki lakòz maladi sik antre sou nou. An plis, genyen pwodui chimik ki antre nan kòz la tou. Si nou travay ak yo, si nou bwè yo, si nou manje yo, oubyen si nou respire nenpòt nan pwodui chimik ki ekri anba a, l ap pi fasil pou nou pran dyabèt.

  • Dyoksin (dioxine) ; li antre nan anviwònman an lè yo fabrike papye, lè yo fabrike pwazon ki pou touye ti bèt, epi lè moun boule plastik.
  • BPC (biphényles polychlorés) se yon kalite pwodui chimik yo itilize nan endistri, pou yo fè izolasyon e librifikasyon.
  • Ftalat (Phthalate) ; yo mete yo nan anpil krèm ak lwil ki pou pase sou po.
  • Bisfenòl (Bisphénol) ; yo sèvi ak yo lè yo fabrike boutèy nan plastik, tankou boutèy kola ak boutèy dlo.
  • Metal lou (métaux lourds) tankou plon (plomb), mèki (mercure), asenik (arsenic) ak kadmyòm (cadmium) ; yo antre nan anviwònman an lè moun fè gwo travay tankou ponpe lwil soti nan tè a, lè yo rafine lwil, lè yo fouye min, epi lòt bagay toujou.
  • Pwazon ki pou touye ti bèt ak zèl oubyen ki pou touye move zèb.


Pi bon jan pou nou pwoteje tèt nou se pou nou pa sèvi ak pwodui chimik sa yo. Si kote nou travay la yo sèvi ak yo, epi nou pa reyisi konvenk chèf travay la pou yo sèvi ak pwodui chimik ki pa danjere anpil, eseye evite respire oubyen touche ak yo. Pou evite pwodui chimik yo antre nan manje nou oubyen nan bouch nou, pote mas sou figi nou, mete rad ki pou pwoteje kò nou, epi lave men nou souvan.

a man wearing a mask spraying plants with pesticide.

Genyen pwodui chimik toupatou. Fè efò pou nou pa manje manje yo te flite ak pwazon. Lè nou pwòpte kay nou ak lè nou sèvi ak pwodui bote, chache jwenn sa yo ki pa gen anpil pwodui chimik ladan yo.

Si se faktori ak lòt kote moun travay la ki vin kontamine dlo a, lè a, e manje an ak pwodui chimik, pwoblèm kontaminasyon an ap pi rèd. Sèl jan pou nou boule avè l se pou nou fè presyon sou mèt travay yo ak sou gouvènman an pou yo fè règ, epi pou yo oblije moun swiv règ sa yo.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020