Hesperian Health Guides

Ki jan pou yon kominote fè fas ak dyabèt

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

You moun ki pran maladi sik la kapab fè chanjman nan fason li viv; konsa l ap kapab viv pi an sante. Men se kominote a ase ki gen mwayen pou yo konbat maladi a pou pa genyen plis moun toujou ki pran dyabèt. Pa egzanp, yon moun gen dwa chwazi sa li va pase nan bouch li, men gen kalite manje li pa ka chwazi paske yo pa vann yo nan mache a. Oubyen manje a koute twò chè. Si yon moun ta vle fè plis egzèsis, li pa kapab fè li si li pè soti nan kay li. Li pi bon pou fanmi yo ak kominote a mete men ansanm pou yo chanje bagay oubyen sitiyasyon ki fè moun pran maladi sik la oubyen ki rann maladi a pi mal la.

Pwoteje tibebe ak timoun

Pou anpeche dyabèt vin sou nou, veye pou manman yo ak pitit yo byen manje. Bay ni gason ni fi bon kalite manje. Timoun ki malnouri lè yo nan vant manman an, oubyen lè yo piti, yo pi fasil pou yo pran dyabèt lè yo pi gran. Pa bay timoun kola, sirèt, dous, oubyen lòt tyaw.

Fè moun kapab jwenn manje ki nourisan

two woman cooking.
a woman gardening.

Pou moun nan kominote a jwenn bon kalite manje, plizyè kalite manje, ak pi gran kantite manje, ki pa twò chè, men sa nou ka fè :

  • Fè klas pou montre moun ki jan pou yo byen manje. Lè yo vin konnen bon kalite manje gen bon gou, epi nou montre yo ki jan pou prepare yo, y ap pran gou kalite manje sa yo.
  • Ankouraje moun pou yo chache bon kalite manje jan yo te konn fè sa nan tan lontan. Lè manje moun pi renmen an se manje ki pa bon pou sante nou, li ta bon pou nou pa manje twòp ladan yo. Chwazi kalite manje ki pi nourisan, epi mande granmoun yo nan kominote a pou montre lòt moun kouman pou yo fè manje sa yo.
  • Fè klas nan lekòl pou montre timoun yo ki jan pou yo fè jaden, ki jan pou yo kwit manje, epi ki sa sa ye—manje ki nourisan. Si yo bay ti manje nan lekòl la, ba yo manje ki fèt ak grenn sereyal peyi, fwi, ak legim. Mete yon fen ak machann yo ki vin chita bò lekòl yo pou yo ka vann timoun yo tyaw e bwason sikre.
  • Kominote a ka monte yon kizin pou moun ki pa gen kote pou yo kwit manje. Yon lòt bagay kominote a ka fè se achte yon pakèt bon kalite manje bon mache. Oubyen, yo ka fè manje pou moun ki nan bezwen, epi vann li bon mache.
  • Fè yon jaden pou tout kominote a, kote chak fanmi ka fè pwòp jaden pa yo. Menm si sa bay yon ti kras manje sèlman, sa ap ede moun manje pi byen. Genyen moun nan gran vil ki fè ti jaden nan balkon, nan po, oubyen nan yon ti tèren lib.
  • Etabli mache yo kote moun gen posiblite pou yo achte bon kalite manje, epi kote kiltivatè yo ka vin vann sa yo rekolte.

Fè tèren kote moun ka al fè egzèsis epi fè espò

Moun lavil kapab pa jwenn kote pou yo al fè egzèsis ak kote pou yo fè espò san danje. Se pou kominote a mete men ansanm pou fè tèren espò ak tèren kote timoun ka al jwe. Souvan moun nan kominote a konn sèvi ak tèren sa yo pou yo ka fè rasanbleman kominotè yo.

a group of people talking.

Yon ajan sante se menm jan ak yon bon mèt lekòl

Montre moun yo ki sa maladi sik la ye, ki sa ki lakòz, epi ki pwoblèm grav li konn bay. Menm si okòmansman, siy maladi a gen lè pa twò grav, fè yo konprann fòk yo pran swen tèt yo. Ankouraje moun pou yo rakonte kouman y ap goumen ak maladi a, pou separe konnesans yo, pou youn aprann nan men lòt, epi pou poze kesyon. Yo kapab travay nan tèt ansanm pou yo manje pi bon kalite manje, oubyen pou yo fè egzèsis ansanm.

Nou kapab diskite sou lòt koze ki kapab mete moun ki nan kominote a sou tansyon, tankou : salte ki nan dlo a ak nan lè a, koze meprize moun ki soti nan yon lòt ras, epi boulvès nan gouvènman an ak boulvès nan afè ekonomik.

Mete sou pye yon pwogram pou fè tès pou maladi sik

Li bon pou nou fikse de jou tanzantan kote moun ka vin fè tès pou sik ki nan san an, menm si yo pa fè siy maladi a. Fè tès pou moun ki bay siy dyabèt, oubyen pou moun ki gen plis pase 40 ane epi ki genyen moun nan fanmi an ki fè sik.

Si nou vle fè tès pou yon foul moun, li kapab pi fasil pou nou fè tès pipi pou yo. Tès san an bon, men li ta pi bon pou fè tès san an anvan moun manje nan maten. Li pa nesesè pou pa manje anvan nou fè yon tès pipi. Men moun ki responsab fè tès la dwe kouche sou papye ki lè tès la fèt, epi konbyen tan ki gen tan pase depi moun nan te manje, paske sik ki nan pipi a ap monte apre yon moun fin manje. Aprann plis sou koze fè tès pou sik.

Gwoup sipò

Yon gwoup sipò se yon gwoup moun ki reyini ansanm tanzantan (tankou chak 8 oubyen 15 jou) kote yo pataje lide yo e youn ede lòt. Moun nan kominote a gen dwa mete sou pye yon gwoup konsa; reyinyon yo ap fèt nan yon lekòl, nan yon legliz, oubyen kote moun travay—nenpòt kote yo vle. Gen de fwa se yon ajan sante, yon moun ki travay nan yon klinik, oubyen yon pwofesè lekòl ki òganize gwoup la. Lòt gwoup fè reyinyon pou kont yo; se tanzantan ase yo mande moun, tankou yon ajan sante, pou asiste yo nan reyinyon an.

Moun ki fè sik reyini ansanm pou yo boukante esperyans ak pwoblèm yo, epi pou yo pale sou ki jan yo aprann pran swen tèt yo. Konsa youn aprann soutni lòt la; yon moun pa oblije goumen tou sèl ak maladi a. Moun ki fèk aprann ke yo fè sik, yo ka pwofite fè konnesans ak moun ki deja fè sik depi pi lontan. Yon gwoup sipò kapab kalkile ansanm sou ki jan pou yo fè manje pou fanmi an si yon moun ladan yo oblije manje yon lòt kalite manje, paske se sa ki nesesè pou kapab anfòm. An plis, gwoup la mèt monte pwogram yo ki pou ede tout moun nan kominote a viv pi byen nan pi bon sante. Si gwoup sipò a ap fè bon travay, ka toujou gen moun ki entèrese pou fè pati gwoup la.

three women putting up a sign that says "Koze jodi a : ki jan maladi sik afekte nou"

Lòt pwojè pou kominote yo

 a group of people holding signs that say "Kenbe dlo nou pwòp !" and "Nou vle dlo pa nou ki byen pwòp; nou pa vle dlo nan boutèy."
  • Fè presyon sou moun ki responsab nan Sèvis Sante Piblik pou yo fè tès gratis pou moun ki ka gen dyabèt. Asire nou ke genyen ase materyo ki pa twò chè ki pou fè tès san yo, epi ase medikaman ki pou trete maladi sik la.
  • Fè efò nou pou jwenn bon dlo potab, pou nou pa depanse yon pakèt lajan nan achte dlo nan boutèy oubyen bwason ki nwizib pou sante nou.
  • Mete yon fen ak lage kont pwodwi chimik nan anviwonnman an.
  • Pa sèvi twòp ak pwazon ki pou touye ti bèt ak zèl.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020