Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou rete an sante lè nou gen maladi sik

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lè nou manje manje ki nourisan, lè nou fè egzèsis e fè kò a fè mouvman, epi lè nou aprann poze san nou, tout sa ap ede nou evite oubyen goumen ak maladi sik la. Menm si nou pa p soufri anba maladi dyabèt la, abitid sa yo ap ede nou ak fanmi nou rete an sante.

Men sa pou ou fè lè ou gen swaf : Non ! Wi !
 a bottle of Coca Cola with the word "NO!".
 a water jug with the word "YES!"

Kola ak lòt bwason dous, se pwazon yo ye pou kò a — yo ka bay moun maladi sik. Dlo fè kò a rete an sante.


Manje bon kalite manje

Manje moun te konn manje nan tan lontan yo pa t bay moun maladi sik. Si li posib, manje plis manje ki soti nan jaden, ak manje nou keyi oubyen chache nan raje. Evite manje manje ki nan bwat konsèv ak manje ki sot nan faktori ; evite lòt tyaw ak bwason dous. Yo nwizib pou sante nou ; an plis, se lajan jete. Aprann plis sou ki jan nou ka byen manje lè nou pa gen anpil lajan. Reflechi sou tout manje fanmi an ap manje. Si li posib, mete sou papye tout manje nou te manje pou 8 jou. Al kote yon ajan sante, rakonte li tout sa fanmi an te manje. Reflechi sou ki kalite manje ki bay pwoblèm, epi ki kalite manje ki fè moun byen. Lè fini, pale ak fanmi nou sou ki jan nou ka chanje fason nou konn manje.

a man thinking of healthy food and talking.
M te konn manje fritay pi plis, epi m te plen vant mwen ak diri. Koulye a m manje plis legim.

Manje legim olye viv

Souvan, manje moun konn manje pi plis se viv (ki bay fòs ak kouraj) tankou diri, mayi, ble, yanm, pomndetè, bannann, ak kasav, ki gen anpil lanmidon ladan yo. Men lanmidon tounen sik nan kò a. Lè yon moun gen dyabèt, kò a ka trete yon ti kantite lanmidon, men li ka pa ka trete yon pi gran kantite. Si yon moun manje legim ak fèy olye kèk viv, l ap jwenn plis vitamin ak fòtifyan.

Plis nou fè aktivite fizik, se plis nou ka manje viv san li pa bay pwoblèm. Yon moun k ap sekle jaden an tout lajounen gen dwa manje plis pase yon moun ki fè pifò jounen an ap chita oubyen ap kanpe san pa fè mouvman.

a woman sitting at a sewing machine.
a woman walking uphill carrying a hoe.
Moun sa a travay nan faktori ; li oblije fè jounen ap chita. Se pou li manje yon ti kantite viv, pa egzanp : 1 tas mayi moulen OUBYEN 1 tas pwa OUBYEN 2 ti fwi OUBYEN 1 tas diri. Nan plas manje sa yo, li mèt manje plis legim ak fèy oubyen manje ki gen pwoteyin. Moun sa a travay deyò tout lajounen, epi li mache anpil. Si li manje manje ki gen lanmidon ladann, ansanm ak legim e manje ki gen pwoteyin ladan yo, sa ap ba li fòs pou li fè travay la.

Pi bon grenn sereyal se grenn ki gen pay sou li

Grenn sereyal se manje ki gen lanmidon ladann, ki ban nou fòs ak kouraj. Li pi bon pou nou manje grenn seyeral ki gen pay sou li, tankou diri solèy ak ble antye (ki gen ble jòn sou li). Fè manje ak farin ki fèt ak grenn sereyal ki gen pay sou li.

Diri glase ak farin blan se grenn sereyal yo trete nan faktori. Yo wete sa ki pi bon nan grenn yo, sondeble a ak jèm ki nan grenn nan (pati ki vivan an, ki pou fè grenn nan pouse). Yo fè sa paske farin ki trete ap konsève pi lontan san li pa mwezi. Si moun manje manje ki fèt ak grenn sereyal ki pa gen ni pay ni jèm sou li, manje sa a byen vit ap tounen sik nan kò a. Kantite sik ki nan san an ka monte wo, epi se sa ki ka bay yon moun yon kriz sik. Fè efò pou nou manje manje ki fèt ak grenn sereyal ki pa trete.

Manje manje ki gen fib, ma ak fil

Fib, ma ak fil, se pati ki di e solid nan plant yo, tankou fèy, tij, rasin, ak pous. Travay fib la se pou anpeche sik la antre twò vit nan san an. Konsa, li anpeche sik la monte twò wo, li pwoteje kò a, epi li fè yon moun ka desann manje a pi byen. Manje ki gen fib ladan yo se legim, pwa, grenn sereyal ki gen pay sou li, fwi, nwa, ak lòt grenn plant.

Pou nou jwenn plis fib nan manje an, men sa pou nou fè :

  • Lè nou fin pile epi bouyi fèy kasav, nou ka manje yo san danje. Menm si moun abitye manje rasin kasav e malanga, li bon pou moun manje fèy yo tou, paske genyen anpil fib ladan yo.
  • Fè farin ak pwa soya oubyen lòt kalite pwa.
  • Manje legim vèt ase souvan nou kapab.
  • Manje diri solèy, diri jòn, diri ak lòt grenn sereyal ki gen pay sou yo.

Manje manje ki gen pwoteyin ladan yo

Lè nou manje manje ki gen pwoteyin ladan yo, tankou pwason, ze, vyann, nwa, ak grenn plant, ansanm ak lòt bon kalite manje, yo pa fè kantite sik ki nan san an monte. Konsa yo bon pou moun ki gen maladi sik.

Toutotan li posib, evite manje nan bwat, bwason dous, ak alkòl

Moun ka renmen manje manje ki nan bwat. Nou ka sere yo san difikilte, yo fasil pou prepare, mete sou sa yo ka gen bon gou tou. Men jeneralman manje ki nan bwat yo gen twòp sik ladan yo, ansanm ak sèl e lòt bagay ki nwizib pou sante nou. Si nou fatige, nou grangou, epi nou sou tansyon, kalite manje sa a ka tante nou. Menm jan ak dwòg e alkòl, sik la fè nou santi nou byen pou yon ti moman. Men santiman sa a ap pase, epi n ap santi nou pi mal toujou. Li ta bon pou tout moun nan fanmi an evite manje kalite manje sa yo. Men pou pi piti, nou ka pa manje yo souvan. Yo sèvi ak lwil palm pou fè plizyè kalite manje nan bwat paske li pa koute chè, men lòt kalite lwil vejetal (lwil kizin ki soti nan plant) pi bon pou sante nou.

a woman turning away from food at the store.
Gwo konpayi yo konnen ki jan pou yo fè moun achte sa y ap fabrike yo. Yo ka menm di moun ke manje sa a bon pou sante yo, byenke se manti y ap bay. Yo chache fè lajan ; yo pa enterese nan ede moun rete an sante.

Sa ki pi move toujou pou sante nou se bwason dous. Yo gen anpil sik ladan yo, ki fè kantite sik ki nan san an monte byen vit. Menm ji fwi gen twòp sik ladan yo. Bwè dlo oubyen te san sik olye bwason dous yo. Nou mèt ajoute fèy mant oubyen yon ti sitwon pou bay dlo a oubyen te a pi bon gou. Li pi fasil si se ti kras pa ti kras nou wete sou kantite sik nou manje. Konsa nou va abitye nou ak bwason ki pa twò dous. Tout fwi gen sik ladan yo. Olye nou fè ji avè l, li pi bon pou nou manje tout fwi a, paske fib ki nan fwi a bon pou sante nou. Bwason ki gen alkòl ladan yo tounen sik nan kò a ; konsa li pi bon pou nou evite yo oubyen pou nou bwè sèlman yon ti kras.

a woman talking.
Li difisil pou moun chanje jan yo konn manje. Se ajan sante mwen ye. Olye pou mande moun chanje plizyè abitid yon sèl kou, m ap ede yo travay sou yon abitid alafwa. Pa egzanp, ede yo evite bwason dous, oubyen ede yo sispann fimen. Si yon moun kite yon sèl move abitid, sa ka byen bon pou li

Ki lè pou nou manje

Si nou pase twòp tan san nou pa manje, sa ka fè kantite sik ki nan san an desann twò ba. Oubyen li ka fè nou manje twòp manje nan lè nou vin jwenn manje a. Si nou manje anpil yon sèl kou, sa ka fè kantite sik ki nan san an monte. Pou nou kenbe kantite sik ki nan san an nan yon nivo ki nòmal, li ta bon pou nou manje menm kantite manje a 3 fwa nan jounen an, oubyen pou nou manje yon kantite manje ki pi piti 4 fwa nan jounen an.

Fè plis egzèsis, fè kò a fè mouvman

NWTND Diab Page 16-2.png

Youn nan pi bon fason pou evite kantite sik ki san an monte twòp, se pou nou fè aktivite fizik. Fè kò a fè mouvman chak jou ; li enpòtan pou nou fè sa regilyèman san manke. Pou evite ak pou trete maladi sik, nou mèt mache vit, danse, fè espò, oubyen nenpòt lòt egzèsis ki fè kè a bat pi vit pandan 30 minit oubyen plis. Plis nou fè kò a fè mouvman, se plis li bon pou sante nou.

Si dyòb nou mande nou travay di e fè anpil mouvman, egzèsis sa a ka ase. Men si nou pase pifò jounen an ap chita oubyen kanpe san nou pa deplase, li ta bon pou nou kalkile sou ki jan nou ka fè plis egzèsis.

Anpil moun pi renmen fè egzèsis ansanm ak lòt moun ; yo pa vle rete sèl. Nou pi fasil fè egzèsis si se yon aktivite ki ban nou plezi, tankou mache ak zanmi nou yo, fè espò, oubyen danse.

NWTND Diab Page 16-3.png

Si n ap pran yon medikaman tankou yon silfonilire oubyen ensilin, epi n ap fè egzèsis, sa ka fè kantite sik ki nan san an desann twòp. Pou evite pwoblèm sa a, anvan nou fè egzèsis la, manje yon manje ki gen pwoteyin ak bon grès ladann (tankou yon ze oubyen pwason). Si nou konnen sik la ap desann pandan n ap fè egzèsis la, oubyen lè nou fin fè li, nou gen dwa bwè ji fwi oubyen manje yon ti dous pou anpeche sa rive. Poutèt sa, li bon pou nou toujou pote ti dous avèk nou.

Aprann ki jan pou nou rekonèt lè kantite sik la desann twò ba.

Pa kite pwoblèm lavi fatige tèt nou twòp

a group of people talking.

Sa rive lè nou santi nou pa ka lite ak tout pwoblèm yo nan lavi sa a. Nou ka gen pwoblèm lajan, pwoblèm nan fanmi an, pwoblèm pou nou jwenn bon kay, ka gen danje nan zòn nan, ka gen moun ki meprize moun ki soti nan yon lòt ras, oubyen lòt danje toujou. Si nou toujou sou tansyon, sa ap bay pwoblèm sante. Epitou, li fè kantite sik ki nan san an monte.

Pou jwenn yon ti soulajman ak tout tèt chaje k ap fatige nou, al pale ak yon moun nan fanmi an oubyen ak yon zanmi nou ka fè konfyans ; oubyen nou ka jwenn yon gwoup sipò kote youn ap soutni lòt. Pa pè mande moun ede nou.

a man and a woman exercising.
Fè meditasyon, fè lapriyè, oubyen fè egzèsis tankou yoga; tout sa yo ap ede moun lite ak tèt chaje e tansyon.

Si nou aprann fè tèt nou konfyans, sa ap ede nou lite ak tèt chaje a. Souvan nou viv ak perèz paske lòt moun pi fò, epi pi otoritè pase nou. Nou ka santi nou fèb paske nou pa anfòm, oubyen paske nou manke lajan. Men nou kapab aprann sèvi ak pwòp fòs e kouraj pa nou. Genyen de pwoblèm ki si gran nou pa kapab rezoud yo pou kont nou. Pou lite ak pwoblem konsa, moun bezwen gen tèt ansanm. Kalkile sou ki jan nou ka jwenn pi bon sante ; pa egzanp, nou ka mache plis, oubyen eseye yon nouvo kalite manje. Lè nou reyisi fè li, n ap santi nou pi prè pou nou leve lòt defi.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020