Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou evite prèske tout pwoblèm vant

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Si tout moun fè atansyon pou yo manje byen, pou yo kenbe kò yo pwòp, pou yo kenbe kay yo ak katye yo pwòp, sa va anpeche anpil maladi vin sou yo.

Dlo ak pwòpte: Pou konnen ki jan pou nou rete an sante: Chapit sa a montre nou ki jan pou nou pirifye dlo. Li montre nou ki jan pou nou sèvi ak latrin pou n pa pran anpil maladi. Si fanmi nou osinon moun ki rete bò kote nou, yo konn tonbe malad souvan ak vant fè mal, dyare osinon vè, se pou nou li chapit sa a.

Byen manje bay bon sante: Chapit sa a bay bon esplikasyon sou ki sa sa vle di, byen manje. Li ban nou konsèy sou sa nou dwe manje pou nou an sante, ak sa ki anpeche vant fè mal, kè plen ak lòt pwoblèm vant vin sou nou.

Men ki jan pou nou evite pwoblèm sa yo epi trete yo san medikaman:

yon vè dlo
  • Bwè anpil dlo, 8 gode chak jou pou pi piti. Bwè plis lè nap travay di, osinon lè nap swe anpil. Sa ka ede moun ki sere.
  • Chak jou, manje legim, fwi, ak manje ki genyen ma ak fil ladan l. Sa anpeche moun gen konstipasyon. Epitou, li bon pou lasante.
Yon fanm ak ti pitit li kap keyi tomat
  • Manje ki gen anpil grès, epis ak asid ladan yo ka bay vant fè mal. Si nou gen vant fè mal, evite manje sa yo pandan kèk senmenn pou wè si nap fè mye.
  • Genyen moun ki fè anpil gaz, osinon ki soufri ak dyare lè yo bwè lèt osinon manje bagay ki gen lèt ladan l. Evite pran lèt pandan 8 rive 15 jou. Si pwoblèm la rete toujou menm jan, se pa lèt la ki bay pwoblèm lan. Alò, yo met pran lèt.
  • Pa fimen. Pa bwè alkòl. Yo bay pwoblèm vant.
  • Eske nap pran medikaman? Genyen anpil medikaman ki konn bay pwoblèm vant: aspirin, ibipwofèn, anpil antibyotik, epi lòt ankò. Genyen kèk maladi ki oblije yon moun pran medikaman lontan ki fò anpil. Men pou anpil lòt maladi, nou ka fasil jwenn yon lòt medikaman, si premye medikaman an ban nou pwoblèm vant. Petèt li ta pi bon pou nou pa pran medikaman ditou.
  • Tèt chaje ak kè sote ka bay anpil moun vant fè mal. Sante mantal (chapit sa a poko ekri) ban nou ti konsèy sou ki jan pou nou rete poze lè lavi a difisil.