Hesperian Health Guides

Grenn planin nan ka ijan

Fè plan pou fanmi nou : Grenn planin

Lè yon fanm fè sèks san li pa t sèvi ak okenn metòd planin epi li pa vle ansent, li ka pran grenn planin ki fèt espre pou sa, oubyen li ka pran yon gwo dòz nan kèk kalite grenn planin nòmal. Fòk li pa kite 5 jou pase anvan li bwè grenn yo. Kantite grenn pou li pran depann de kalite òmòn ak fòs dòz ki nan chak grenn. Tablo ki anba a ban nou kèk non mak nou jwenn pi fasil. Fè atansyon pou nou konnen ki kalite ak ki kantite òmòn ki nan chak grenn, anvan nou sèvi ak yo. Tablo a di nou ki dòz òmòn nou dwe pran, epi konbyen grenn k ap bay dòz sa a.

Lè yon fanm pran grenn planin nan ka ijan, pwoblèm nou wè pi souvan se maltèt, anvi vomi oubyen vant fè mal, men yo dwe al fè wout yo nan de twa jou. Li nòmal tou pou yon fanm bay ti san, oubyen pou li wè règ li pa vini sou dat li. Lè nou fè planin nan ka ijan, li pi bon pou nou sèvi ak grenn planin ki fèt espre pou ka ijan yo, oubyen ak grenn ki gen pwojestewòn sèlman (grenn senp, mini pilil), paske yo p ap ban nou pwoblèm menm jan ak grenn konbine yo. Si ou vomi anvan 1 èdtan fin pase depi ou bwè grenn yo, fòk ou bwè yo yon lòt fwa, menm dòz la. Pa janm melanje divès kalite grenn ijans, oubyen lòt grenn planin, paske sa ka fè yo pa mache ditou.

Ki jan pou nou sèvi ak grenn planin nan ka ijan


KI JAN POU NOU SÈVI AK GRENN PLANIN KI FÈT ESPRE POU KA IJAN
Grenn planin ijan ki gen 1.5 mg (1500 mcg) levonorgestrel (NorLevo 1.5, Plan B One-Step, Postinor-1)
Dòz ki nan yon grenn = 1.5 mg (1500 mcg) levonorgestrel
yon grenn yon sèl fwa
Grenn planin ijan ki gen 30 mg ulipristal acetate (ella, ellaOne)
Dòz ki nan yon grenn = 30 mg ulipristal acetate
yon grenn yon sèl fwa
Grenn planin ijan ki gen 0.75 mg (750 mcg) levonorgestrel (NorLevo 0.75, Optinor, Postinor, Postinor-2, Plan B)
Dòz ki nan 2 grenn = 1.5 mg (1500 mcg) levonorgestrel
2 grenn yon sèl fwa
Grenn planin ijan ki gen 0.05 mg (50 mcg) ethinyl estradiol ak 0.25 mg (250 mcg) levonorgestrel (Tetragynon, Neogynon, Nordiol)
Dòz ki nan 4 grenn = 0.2 mg (200 mcg) ethinyl estradiol ak 1.0 mg (1000 mcg) levonorgestrel
Premyeman, bwè 2 grenn. Tann 12 èdtan ; bwè yon lòt dòz 2 grenn


KI JAN POU POU NOU SÈVI AK GRENN PLANIN KONBINE NAN KA IJAN
Si se yon pakèt 28 grenn konbine nou gen, sèvi ak nenpòt nan premye 21 grenn nan pakèt la pou rive konplete dòz ki ekri anba a. Pa sèvi ak dènye 7 grenn yo, paske yo pa gen òmòn ladan yo.
Grenn konbine ki gen 0.03 mg (30 mcg) ethinyl estradiol ak 0.15 mg (150 mcg) levonorgestrel (Anna, Combination 3, Gestrelan, Microgynon, Microgynon-30, Nordette, Roselle)
Dòz ki nan 8 grenn = 0.24 mg (240 mcg) ethinyl estradiol ak 1.2 mg (1200 mcg) levonorgestrel
premye dòz : bwè 4 grenn Tann 12 èdtan, epi bwè yon lòt 4 grenn
Grenn konbine ki gen 0.03 mg (30 mcg) ethinyl estradiol ak 0.3 mg (300 mcg) norgestrel (Lo-Femenal, 5Lo/Ovral)
Dòz ki nan 8 grenn = 0.24 mg (240 mcg) ethinyl estradiol ak 2.4 mg (2400 mcg) norgestrel
premye dòz : bwè 4 grenn Tann 12 èdtan, epi bwè yon lòt 4 grenn
Grenn konbine ki gen 0.02 mg (20 mcg) ethinyl estradiol ak 0.1 mg (100 mcg) levonorgestrel (Alesse, Loette, Lutera, Miranova)
Dòz ki nan 10 grenn = 0.2 mg (200 mcg) ethinyl estradiol ak 1 mg (1000 mcg) levonorgestrel
premye dòz : bwè 5 grenn Tann 12 èdtan, epi bwè yon lòt 5 grenn


KI JAN POU NOU SÈVI AK GRENN SENP NAN KA IJAN (KI GEN PWOJESTEWÒN SELMAN, MINI PILIL)
Nan pakèt grenn senp yo, chak grenn gen menm dòz òmòn nan.
Grenn ki gen pwojestewòn sèlman (mini pilil) 0.075 mg (75 mcg) norgestrel (Ovrette, Minicon)
Dòz ki nan 40 grenn = 3 mg (3000 mcg) norgestrel
Bwè 40 grenn yon sèl fwa (sa fè anpil grenn, men pa gen danje)
Grenn ki gen pwojestewòn sèlman (mini pilil) 0.0375 mg (37.5 mcg) levonorgestrel (Neogest, Norgeal)
Dòz ki nan 40 grenn = 1.5 mg (1500 mcg) levonorgestrel
Bwè 40 grenn yon sèl fwa (sa fè anpil grenn, men pa gen danje)
Grenn ki gen pwojestewòn sèlman (mini pilil) 0.03 mg (30 mcg) levonorgestrel (Microlut, Microval, Nortrel)
Dòz ki nan 50 grenn = 1.5 mg (1500 mcg) levonorgestrel
Bwè 50 grenn yon sèl fwa (sa fè anpil grenn, men pa gen danje)