Hesperian Health Guides

Enfeksyon san (septisemi)

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lè yon enfeksyon mache nan tout kò a, epi li pase nan san yon moun, se gwo danje. Chòk ka mete pye. Si nou sispèk moun nan ka gen enfeksyon san, chache konkou doktè san pedi tan. Pandan nou nan wout, toujou ba li swen.

NWTND fa Page 19-1.png
SIY KI FÈ NOU REKONÈT ENFEKSYON SAN
  • Li gen lafyèv cho, oubyen chalè kò li twò ba
  • Kè li bat vit—pi vit pase 90 fwa nan yon minit
  • Souf li kout, li pran souf pi souvan pase 20 fwa nan yon minit.
  • Li gen pwoblèm pou l pran souf.
  • Po li blèm, oubyen li gen tach sou po
  • Li pa pipi anpil
  • Li depale, li pèdi konnesans
  • Tansyon li desann


Siy ki pi grav se lafyèv osinon chalè kò a ki twò ba, kè li bat vit, souf li kout. Si nou wè 2 nan siy sa yo, osinon plis, trete li pou chòk.

TRÈTMAN

Chache konkou doktè. Pandan nou nan wout :

  • Voye je sou li ; depi nou wè siy pou chòk.
  • Bay céftriaxone, OUBYEN ciprofloxacine avèk clindamycine.
  • Netwaye tout blesi ki enfekte, wete nenpòt ti moso po ki mouri, epi si nou konnen ki jan pou fè l, louvri absè yo pou fè pi a soti. Pou aprann ki jan pou nou koupe louvri yon absè, al gade nan chapit Pwoblèm po (ki poko ekri).
  • Si moun nan ap pran souf byen, ba li bwè. Ba li bwè ti gòje souvan.