Hesperian Health Guides

Fè plan pou fanmi nou

SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Fè plan pou fanmi nou

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Nan chapit sa a, nou pale sou ki jan nou ka evite gwosès, oubyen konbyen tan nou vle tann anvan nou fè yon lòt pitit. Genyen moun tout kote nan lemonn ki sèvi swa ak youn oubyen ak lòt nan tout metòd planin yo ki nan chapit sa a, san yo pa gen pwoblèm.

Poukisa li bon pou nou fè planin

NWTND FP Page 1-1.png

Genyen plizyè metòd planin ki san danje, ki anpeche nou vin ansent, oubyen ki ede nou chwazi konbyen pitit nou vlè fè, e ki lè nou vle fè yo. Anpil fwa nou ka jwenn yo nan yon klinik oubyen nan men ajan sante yo. Yo ka pa koute chè, oubyen yo ka pa koute anyen.

Fè planin vle di fè plan pou fanmi nou, kontwole konbyen pitit n ap fè. Genyen anpil avantaj nan fè planin :

  • Li fasilite manman yo pou yo gen yon pi bon sante, paske li pi bon si yo pa fè anpil pitit tou. Lè nou fè planin, nou ka deside ki lè nou santi nou pare pou nou fè yon lòt pitit.
  • Lè fanm ak gason pran san yo anvan yo fè pitit, oubyen anvan yo fè yon lòt pitit, sa ap ede yo bay pitit yo pi bon swen. Konsa, manman ak papa yo va gen posiblite pou pase plis tan ak chak timoun, yo va gen plis kouraj, epi yo ap jwenn plis lajan pou yo okipe timoun yo gen deja.
  • Li bon pou ou pran desizyon pou kontwole kantite pitit w ap fè, epi ki lè w ap fè yo, san lòt moun pa di ou sa pou ou fè—oubyen sa pou ou pa fè.
  • Lè ou fè planin, ou ka pran plezi nan fè lanmou, menm si ou menm oubyen mennaj ou pa vle, oubyen nou poko pare, pou nou fè yon pitit.
  • Fanm ki fè planin pa ta bezwen al nan fè avòtman nan move kondisyon, ki touye plizyè milye fanm chak ane.


Planin, fè sèks, gwosès—li ka difisil pou moun pale sou koze sa yo. Nan liv la, Health Actions for Women (se Hesperian ki pibliye liv la), yo bay lide sou ki jan nou ka ankouraje gason ak fanm pou yo fè yon chita tande sou koze planin ak sou lòt koze ki konsène sante fanm yo.

Genyen moun ki ta renmen fè anpil pitit—sitou nan peyi kote tè ak richès yo nan men yon ti gwoup moun, epi kote ki gen anpil timoun ki mouri lè yo tou jenn. Timoun yo ap ede yo travay. Lè fini, pa bliye, pitit ak pitit pitit se baton vyeyès granmoun yo.

family with 8 children wearing ragged clothes.
well dressed family with 2 children.

Esperyans fè nou wè, nan anpil peyi kote tè ak richès yo separe yon jan san patipri, kote moun yo jwenn travay, yo gen bon kay, epi yo jwenn swen sante, kote fanm gen dwa al lekòl tou, jwenn djòb, epi jwenn plas yo nan sosyete a san paspouki, moun yo pa vle fè anpil pitit ankò. Sa rive paske yo gen konfyans ke pitit yo va jwenn bon sante, epi yo va rive nan laj granmoun. Epi se pa pitit yo menm sèl, ki va la pou soutni manman ak papa yo nan moman vyèyès yo.

Moun va fè planin lè :

  • Li pa koute chè, oubyen yo bay li pou granmèsi.
  • Genyen plizyè metòd ki disponib; konsa yo ka chwazi yon metòd ki bon pou yo.
  • Yo pa fòse moun asepte fè planin, ni yo pa aji ak riz.
  • Gason yo konprann metòd planin yo, epi yo mete konfyans yo nan avantaj planin nan. Yo koute sa fanm yo ap di yo.
  • Tout moun ki vle fè planin, yo ka jwenn li fasil, yo mèt jennmoun oubyen granmoun, marye oubyen pa marye, epi moun ki andikape.

Ki moun ki gen dwa sèvi ak yon metòd planin ?

a man and a woman in wheelchairs embracing.
Planin se pou nenpòt moun ki gen tout posiblite yo pou li vin ansent—men ki pa vle sa rive.

Genyen moun ki kwè se moun marye ase ki pou fè planin. Men moun marye ak moun ki pa marye, yo tout ka fè bagay. Anpil fanm vle jwenn plezi nan fè bagay san yo pa vin ansent. Konsa tou, gen de fwa yon fanm pa gen dwa chwazi si li vle fè lanmou oubyen non. Genyen moun ki fè presyon sou fanm yo ; gen de lè yo fè kadejak sou yo. Si yo pa sèvi ak yon metòd planin, nenpòt fanm, li te mèt marye, li te mèt pa marye, jennmoun oubyen granmoun, li ka vin ansent. Nou menm, ajan sante yo, nou dwe pataje bay tout fanm sa nou konnen sou koze planin nan.

a man holding a condom from a package while talking to 3 men.

Nou dwe jwenn mwayen tou pou nou pataje bay gason yo sa nou konnen sou kesyon fè planin. Genyen de metòd, tankou kapòt, ki oblije gason yo pran responsablite yo nan afè planin. An plis, anpil fwa mari yo vle pran pa nan kozechwazi yon metòd planin. Si nou fè yo konprann avantaj ki genyen nan fè planin, sa ka fè yo pa pè fè planin, epi sa ka fè yo konprann ki jan fè planin ap bon pou yo menm tou.

Si nou fè edikasyon gason yo, medam yo ka pi fasil pale ak mari oubyen mennaj yo sou kesyon fè planin. Sa ap ede yo mete tèt yo ansanm pou yo ka chwazi yon metòd. Si, malgre nou fin esplike gason an tout avantaj ki gen nan fè planin, li pa dakò toujou, lè sa a, se fanm nan ki gen pou li deside si l ap fè planin kanmenm. Si li deside fè l, li ka oblije chwazi yon metòd li kapab swiv san gason an pa konnen.

Aprann yo ki jan planin nan mache, epi ki rezilta lika bay

Esplike moun yo byen ki jan pou yo sèvi ak chak metòd planin, epi di yo klè ki pwoblèm li ka bay. Pifò fanm ki sispann fè planin, yo sispann paske yo pa renmen efè segondè yo, sa vle di, pwoblèm planin nan ka bay. Men si yo konnen ki sa ki ka rive, yo ka dakò pou li kontinye ak metòd sa a jis pwoblèm yo pa ba li traka ankò.

Ki jan pou nou ede jennmoun yo

Jennmoun yo ka kòmanse fè bagay anvan menm yo konnen ki jan pou yo evite vin ansent. Moun nan kominote a ka fè edikasyon pou jennmoun yo, pou yo kapab chwazi sa k ap bon pou yo. Nou ka fè klas nan lekòl sou kesyon sante, ak sou kesyon gwosès. Nou ka fòme moun kòm ajan sante pou fè edikasyon. Nou ka jwenn plas nan yon klinik oubyen yon lòt kote pou nou bay jennmoun yo konsèy sou ki jan yo ka evite vin tonbe ansent.